Al gade sa k anndan l

28 MAS 2023
NOUVÈL ENTÈNASYONAL

Siklòn Freddy fè anpil dega nan Afrik delès

Siklòn Freddy fè anpil dega nan Afrik delès

Sa pa gen lontan siklòn Freddy te frape Afrik delès. Pa gen okenn lòt siklòn yo konnen ki te dire plis tan pase l. Li te kòmanse fòme nan mwa fevriye 2023, apre sa, li te frape plizyè peyi. Jou ki te 21 fevriye 2023 a, li te frape peyi Madagaska epi kèk jou annapre, li travèse kanal Mozanbik la, li frape peyi Mozanbik ak Malawi. Siklòn nan te kontinye pran fòs, e li te frape peyi Mozanbik yon dezyèm fwa jou ki te 11 mas 2023. Siklòn nan te frape anpil pwovens nan peyi Madagaska, Malawi ak Mozanbik. Gwo van ak gwo lapli te fè gen inondasyon nan zòn sa yo, sa ki te lakòz anpil kay gen domaj e plis pase 500 moun mouri. Pami moun sa yo, te gen plizyè frè ak sè. Plizyè milye moun te oblije kite kay yo.

Rive 27 mas 2023, men rapò frè yo voye pou nou. Chif sa yo se rapò frè ki sou plas yo bay. Sepandan, chif sa yo ka gentan chanje pou kounye a, paske frè yo ap kontinye fè rechèch nan zòn ki difisil pou moun ale yo pou yo ka konnen kantite dega ki te fèt.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

Madagaska

  • 256 pwoklamatè ak moun lakay yo deplase kite kay yo.

  • 8 kay kraze.

  • 29 kay gen domaj.

  • 3 Sal Wayòm gen domaj.

Malawi

  • Malerezman, 8 pwoklamatè mouri epi gen 6 lòt yo pa jwenn.

  • 3 pwoklamatè blese.

  • Pou pi piti, 4 300 pwoklamatè ak moun lakay yo deplase kite kay yo.

  • 821 kay kraze.

  • 174 kay gen domaj.

  • 20 Sal Wayòm gen domaj.

Mozanbik

  • Malerezman, gen yon pwoklamatè ki mouri e gen youn yo pa jwenn.

  • 880 pwoklamatè ak lòt moun lakay yo te kite kay yo.

  • 248 kay kraze.

  • 185 kay gen domaj.

  • 7 Sal Wayòm gen domaj.

Dispozisyon pou pote sekou

  • Moun toujou poko ka rive nan anpil zòn siklòn nan frape yo.

  • Komite sekou yo ap fè moun ki viktim yo jwenn tant, manje, dlo ak lòt bagay yo bezwen

  • Yon manm komite filyal la ki toupre zòn Chókwè, nan Mozanbik, k ap ankouraje yon gwoup frè ak sè ki deplase kite kay yo.

    Nan peyi Mozanbik, gen 167 pwoklamatè ak manm fanmi yo ki t al pran refij nan yon Sal asanble. Komite sekou yo te tabli yon kan nan pwovens Gaza pou moun sa yo te ka jwenn yon kote pou yo rete pou yon ti tan. Plizyè santèn lòt moun te rete nan Sal Wayòm yo ak nan kay prive ki nan tout zòn nan

  • Pou pi piti, gen 16 kay ki gentan repare.

  • Manm komite filyal yo, siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo ap vizite fanmi yo pou konnen ki sa yo bezwen epi ba yo ankourajman

Menm nan sitiyasyon difisil sa yo, frè ak sè ki viktim yo kontinye fè reyinyon kote sa posib pou youn ka ankouraje lòt. Nou gen konfyans Jewova ap ba yo “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou ede yo andire. — 2 Korentyen 4:7.