Al gade sa k anndan l

Kay yon frè ki kraze nèt nan tranblemanntè ki fèt Ayiti a.

18 OUT 2021
AYITI

Yon gwo tranblemanntè frape Ayiti

Yon gwo tranblemanntè frape Ayiti

Jou ki te 14 out 2021 an, yon tranblemanntè mayitid 7.2 te frape zòn sid Ayiti. Te gen plizyè replik ki fèt apre sa. Yo kontinye ap evalye dega yo.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Malerezman, gen 3 sè ki mouri.

  • 21 nan frè ak sè nou yo blese.

  • 119 kay sibi domaj.

  • 72 kay kraze nèt.

  • 5 Sal Wayòm sibi ti domaj.

  • 4 Sal Wayòm sibi gwo domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Yon komite sekou ap kowòdone travay k ap fèt pou ede frè ak sè nou yo. Komite sekou a ap travay ak de siveyan sikonskripsyon ki nan zòn ki afekte yo ansanm ak ansyen yo pou yo ede frè ak sè yo jwenn sa yo bezwen e pou yo konsole yo.

  • Komite sekou a ap travay pou distribye bagay de baz yo bezwen, tankou manje, dlo, dra, medikaman, prela, tant ak rad. Yo te fè aranjman tou pou frè ak sè ki blese yo jwenn swen lopital.

  • Toutpandan y ap bay èd sa yo, yo veye pou yo respekte konsiy sekirite anrapò ak COVID-19 la.

Malgre sitiyasyon difisil sa a, nan dimanch 15 out, pifò kongregasyon nan zòn ki afekte yo te rive fè reyinyon yo pa mwayen videyo konferans. Mete sou sa, anpil nan frè ak sè sa yo te rive gade sesyon dimanch maten kongrè “Lafwa fè nou djanm”! nan.

Sa fè nou mal lefètke gen twa sè nou ki pèdi lavi yo nan sikonstans trajik sa a. N ap priye pou frè ak sè nou yo ki nan lapenn oswa k ap soufri nan domèn fizik oswa emosyonèl akoz tranbemanntè sa a. Nou konnen Jewova wè soufrans yo, l ap kontinye montre li se yon refij pou yo e l ap ba yo fòs yo bezwen nan moman difisil sa a. — Sòm 46:1, 2.