Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TELE JW

Enstale aplikasyon pou Tele JW sou Roku

Enstale aplikasyon pou Tele JW sou Roku

Anvan w ka gade Tele JW sou Roku, ou bezwen enstale Roku w la epi enstale aplikasyon JW Broadcasting nan sou li. Suiv etap ki pi ba yo pou w kòmanse:

 Enstale aparèy Roku a

Aparèy Roku a ta dwe gen enstriksyon pou ede w enstale l e pou ede w konekte l sou Entènèt. Lè w fin konekte aparèy Roku a, suiv enstriksyon ki parèt sou ekran an pou w fin fè enstalasyon an.

Note sa: Pou w jwenn enstriksyon pou w fè enstalasyon an, w ap bezwen konekte sou Entènèt apati yon òdinatè oswa yon aparèy elektwonik mobil.

Pandan w ap suiv gid pou enstalasyon an, yo pral mande w fè lyen ant aparèy Roku w la ak yon kont Roku. Pou w fè sa, ale sou www.roku.com/link epi mete kòd ki parèt sou ekran televizyon an. Apre sa, suiv enstriksyon yo sou òdinatè w la oswa sou aparèy mobil la pou w ka kreye yon kont Roku.

Ekran televizyon w lan ap renouvle lè w reyisi konekte aparèy Roku a avèk kont ou an.

Pou plis enfòmasyon sou fason pou w enstale aparèy Roku w la, ale nan pati Èd ki nan sit Roku a.

 Enstale Tele JW sou li apati yon òdinatè

Aparèy Roku a se yon aparèy ki gen yon lojisyèl ki ka li videyo (oswa “chèn”). Ou bezwen ajoute chèn ki gen videyo w vle gade ladan l. Se pa mwayen òdinatè w pou w ajoute lòt chèn yo.

  • Ou mèt sèvi ak nenpòt navigatè Entènèt pou w al nan paj JW Broadcasting ki nan Roku Channel Store la.

  • Antre nan kont Roku pa w, si w potko fè sa.

  • Klike sou bouton ki Add Channel la (ajoute chèn). Lè w reyisi ajoute chèn nan, bouton Add Channel vèt la pral ranplase ak mo Installed.

Lè w ajoute yon chèn apati navigatè Web la, ou potko enstale l sou aparèy Roku w la, li jis ajoute l nan lis ou. Kounye a, ou bezwen enstale chèn ou fèk ajoute a sou aparèy Roku w la.

  • Peze bouton Home ki sou rimòt Roku w la.

  • Sèvi ak flèch Monte oswa flèch Desann pou w ale nan Settings (paramèt).

  • Peze OK.

  • Sou paj Settings nan, monte oswa desann jiskaske w seleksyone System Update (mizajou sistèm nan), apre sa, peze OK. Paj System Update la pral monte. Ou ta dwe wè mo Check Now (verifye tousuit), ki seleksyone adwat ekran an.

  • Peze OK.

Kounye a aparèy Roku a pral verifye chèn ou fèk ajoute a epi l ap enstale l.

  • Retounen nan paj akèy Roku a epi chwazi My Channels (Chèn mwen yo) sou meni prensipal la. Ekran sa a pral montre tout chèn ou te enstale sou aparèy Roku pa w la, sa gen ladan l JW Broadcasting.

  • Ale nan logo pou jw.org la epi peze OK pou l ale sou JW Broadcasting.

 Enstale Tele JW apati Roku

Ou kapab enstale Tele JW dirèkteman apati aparèy Roku a.

  • Ale nan paj akèy Roku a.

  • Itilize flèch Monte oswa Desann rimòt Roku w la pou w chèche nan meni prensipal la jiskaske Search vin parèt

  • Peze OK.

Bouton Search Roku a pèmèt ou chèche fim, emisyon televizyon, aktè, direktè sinema, jwèt ak chèn ki matche avèk sa w tape. Tele JW se yon chèn, donk, chèche yon rezilta nan search la ki gen yon senbòl Chèn akote l. Mete youn nan mo kle ki pi ba yo pou w jwenn Tele JW:

  • jw broadcasting

  • jw.org

  • jwtv

  • Jehovah

  • JW Broadcasting parèt nan lis rezilta yo, peze flèch Adwat la jiskaske w seleksyone non chèn nan, apre sa, peze OK. Opsyon pou w Ajoute chèn nan dwe parèt.

  • Peze OK ankò pou w enstale Tele JW.

Pou w gade Tele JW seleksyone Go to channel (Ale nan chèn) oswa retounen nan akèy Roku epi chèche Tele JW anba Chèn Pa m.