Al gade sa k anndan l

Nou ini grasa ansèyman Bondye bay la

Nan ane 1993, Temwen Jewova yo te chwazi fè yon seri kongrè entènasyonal ki te gen tèm: “Nou ini grasa ansèyman Bondye bay la”. Anpil moun ak anpil fanmi ki sot toupatou e ki diferan youn ak lòt te pwofite pwogram kongrè sa yo kote yo t ap aprann Pawòl Bondye a. Gade videyo sa a pou w ka wè jan frè ak sè ki te asiste kongrè sa yo te gen kè kontan, jan youn te renmen lòt e jan yo te byen boule youn ak lòt nan okazyon sa a.