Kreyòl ayisyen
Sa lòt jèn di
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/1011240/univ/art/1011240_univ_sqr_xl.jpg

Sa lòt jèn di

Gade videyo kote jèn ki soti toupatou sou tè a ap pale sou difikilte yo jwenn e fason yo rive fè fas ak difikilte sa yo.

 

Ki jan pou m pale ak paran m?

Ou ka jwenn plis byenfè pase sa w ta panse.

Sa lòt jèn di konsènan telefòn selilè

Pou anpil jèn, telefòn selilè plis pase yon telefòn, se sa k sove yo pou yo ret an kontak ak lòt moun. Ki avantaj ak dezavantaj ki genyen lè yon moun gen youn?

Ki sa pou m fè si y ap ban m brimad?

Ou ka pa ka anpeche yo ba w brimad, men, ou ka chanje fason ou reyaji.

Sa lòt jèn di sou zafè voye sa w dwe fè pou pita

Koute sa kèk jèn di sou pwoblèm ki genyen lè w voye sa w dwe fè pou pita ak avantaj ki genyen lè w byen sèvi ak tan w.

Jèn yo ap pale konsènan lajan

Men kèk konsèy sou fason pou w jere, depanse epi kenbe lajan nan plas li.

Kiyès mwen ye?

Lè w jwenn repons lan sa ap ede w fè fas ak difikilte w yo.

Ki jan m ka reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou mwen?

Gade ki jan prensip ki nan Bib la ka ede w reyisi.

Sa lòt jèn di sou aparans fizik

Poukisa li pa fasil pou jèn yo gen ekilib nan fason yo wè tèt yo? Ki sa ki ka ede yo?

Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?

Gade ki jan w ka kontinye metrize santiman w.

Ki sa pou m fè si y ap fè presyon sou mwen pou m fè sèks san m pa marye?

Gen twa prensip biblik ki ka ede w reziste devan tantayson.

Sa lòt jèn di sou tizonnay seksyèl

Tande ki sa senk jèn di sou tizonnay seksyèl e ki sa w ta dwe fè si sa rive w.

Jèn yo ap pale sou fason pou yo viv an sante

Èske w twouve l difisil pou w byen manje e pou w fè egzèsis? Nan videyo sa a, kèk jèn ap di sa yo te fè pou yo ret an sante.

Kèk jèn ap pale sou kesyon kwè nan Bondye a

Nan videyo twa minit sa a, jèn yo esplike ki sa ki konvenk yo gen yon kreyatè.

Èske l rezonab pou n kwè nan Bondye?

Gade de jèn ki te chèche jwenn repons kesyon yo te genyen e ki te fòtifye lafwa yo.

Rezon ki fè nou gen lafwa — Evolisyon oswa kreyasyon

Fabian ak Marith ap eksplike ki jan yo te rive kenbe lafwa yo lè lekòl yo t ap anseye yo evolisyon.

Rezon ki fè nou gen lafwa — Lè n ap chwazi yon karyè pou n fè

Presyon pou w chwazi yon bon karyè kapab chaje tèt ou. Gade ki jan Livia ak Jordi te reyisi fè yon bon chwa.

Rezon ki fè nou gen lafwa — Fason nou dwe trete lòt moun

Èske prejije moun yo genyen ka gen efè sou fason nou trete lòt moun? Paola ak Mikel esplike fason Bib la te ede yo.

Rezon ki fè nou gen lafwa — Laverite sou lavi ak lanmò

Ki jan Bib la te ede jèn yo jere lapenn yo?

Ki jan Bib la kapab ede m?

Repons lan ka ede w viv ak plis kè kontan.

Kèk jèn k ap pale sou lekti Labib

Li pa toujou fasil pou nou li, men li vo lapèn pou n li Labib. Kat jèn k ap esplike ki jan lekti Labib fè yo jwenn byenfè.

Rezon ki fè nou gen lafwa — Prensip Bondye yo oswa pa m yo?

Yon seri jèn k ap esplike ki jan yo te evite pwoblèm anpil elèv lekòl parèy yo te jwenn.

Ki jan m ka korije erè m fè?

Solisyon an ka pa pi difisil jan w panse a.

Pi bèl vi ki te ka genyen an

Ou vle viv yon fason ki bay satisfaksyon? Koute ki jan Cameron di li jwenn satisfaksyon nan lavi l yon kote li pa t panse li t ap jwenn sa.