Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | POUKISA MOVE BAGAY RIVE BON MOUN?

Gen anpil move bagay k ap fèt!

Gen anpil move bagay k ap fèt!

Mita * se yon dam ki gen 35 an k ap viv nan vil Daka, nan peyi Bengladèch. Anpil moun pale de li kòm yon moun ki renmen moun e ki gen kè sansib. Moun yo te konnen l kòm yon moun ki travay anpil. Se yon jèn dam ki te gen kè kontan e ki te konn ede lòt moun konnen sa l te aprann sou Bondye. Se pa ti sezisman fanmi Mita ak zanmi l te fè lè Mita te tonbe malad bridsoukou e l te pèdi lavi l nan mwens pase yon semèn!

Jak ak madanm li se yon jèn koup ki nan trantèn yo. Anpil moun pale an byen de yo menm jan ak Mita. Pandan yon sezon prentan, yo t al vizite kèk zanmi yo genyen k ap viv sou kot lwès peyi Etazini. Yo pa t janm tounen lakay yo Nouyòk. Pandan yo sou wout, yo te fè yon gwo aksidan machin ki te lakòz yo pèdi lavi yo. Sitiyasyon sa a te kite yon gwo vid nan lavi moun ki te renmen yo ak nan lavi kolèg yo.

Nou pa bezwen al chèche twò lwen pou n wè jan gen anpil mechanste ak anpil soufrans jodi a. Ni sivil ni sòlda pèdi lavi yo nan lagè. Anpil moun inosan viktim anba krim ak vyolans. Tout kalite moun, kèlkeswa laj yo oswa klas sosyal yo, konn fè aksidan ki lakòz yo mouri oubyen yo konn gen maladi ki fè yo enfim. Katastwòf natirèl konn frape tout kalite kominote. Prejije ak enjistis gaye toupatou. Petèt ou konn viktim akoz bagay sa yo.

Li toutafè nòmal pou n poze kèk kesyon tankou:

  • Poukisa move bagay rive bon moun?

  • Èske se Bondye ki responsab bagay sa yo?

  • Èske se yon aza ki fè malè sa yo rive, oswa èske se lèzòm ki lakòz yo?

  • Èske se sa nou te fè lontan ki lakòz n ap soufri kounye a jan kwayans ki rele Kama a fè konn sa?

  • Si gen yon Bondye Toupisan, poukisa l pa pwoteje bon moun yo devan malè?

  • Èske n ap janm libere anba mechanste ak soufrans?

Pou n jwenn repons kesyon nou sot poze yo, nou bezwen konprann repons de kesyon enpòtan ki vin apre yo: Poukisa gen move bagay ki rive? Ki sa Bondye pral fè pou sa?

^ § 3 Yo chanje non moun yo.