Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Repons Bib la bay

Repons Bib la bay

Poukisa tè a egziste?

Bondye te fè tè a pou lèzòm viv sou li ak kè kontan.

Tè a fèt yon fason ideyal pou l gen lavi sou li. Li gen dlo ann abondans, yon bagay ki esansyèl pou ka gen lavi. Lefètke tè a panche, l ap tounen sou li menm, e li gen yon òbit, sa fè dlo lanmè yo pa ni tounen glas ni pran bouyi. Anplis de sa, atmosfè tè a ansanm ak chan mayetik li a pwoteje tè a kont yon seri reyon ki mòtèl. Lefètke plant yo ak bèt yo depann youn de lòt, sa fè tè a estrawòdinè. Poutèt sa a, anpil moun dakò Bondye gen yon rezon ki fè l te kreye tè a. — Li Izayi 45:18.

Petèt w ap mande tèt ou: ‘Èske Bondye te gen nan objektif li pou moun soufri e pou yo sibi enjistis?’ — Li Detewonòm 32:4, 5.

Èske objektif Bondye gen pou tè a ap reyalize?

Kreyatè a te fè tè a yon fason pou moun ki respekte youn lòt e ki renmen l viv sou tè a ak kè kontan. Konsa, Bondye te gen yon pi gwo objektif lè l te kreye lèzòm pase lè l te fè plant yo ak bèt yo. Nou ka konprann ki Moun Kreyatè nou an ye, e nou ka apresye kalite li gen lakay li tankou lanmou ak jistis, e nou ka chèche gen kalite sa yo. — Li Eklezyas 12:13; Mika 6:8.

Kreyatè nou an kapab reyalize tout objektif li genyen. Kidonk, nou mèt sèten l ap elimine soufrans ak enjistis e l ap fè tè a tounen yon bèl kote pou lèzòm viv ak kè kontan. — Li Sòm 37:11, 29; Izayi 55:11.