Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KI SA BONDYE FÈ POU OU?

Yon okazyon ou pa dwe rate

Yon okazyon ou pa dwe rate

Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te mande disip li yo ki fidèl pou yo sonje sakrifis li a, sa vle di pou yo komemore l. Pandan yo reyini, Jezi te sèvi ak pen san ledven ak diven wouj ki te devan yo a, apre sa, li te mete sou pye yon repa yo te vin rele Dènye Soupe a oswa Soupe Seyè a epi li te ba yo lòd sa a: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — Lik 22:19.

Chak ane, Temwen Jewova yo reyini toupatou sou tè a pou yo komemore lanmò Jezi nan dat li te mouri a. Pou ane 2014 la, Memoryal la tonbe lendi 14 avril, apre solèy la fin kouche.

Nou byen kontan envite w asiste reyinyon sa a kote w pral jwenn plis enfòmasyon sou siyifikasyon lanmò Jezi. Ou pap peye anyen pou w asiste reyinyon sa a. Nou pa fè lakòlèt. Moun ki ba w peryodik sa a ka di w ki kote y ap fè Memoryal la nan zòn bò lakay ou e ak ki lè, oswa ou ka ale sou sit wèb jw.org/ht. Tanpri, make dat Memoryal la yon kote, nou pa ta renmen ou rate evènman sa a.