Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | MANTI YO BAY KI FÈ KÈK MOUN PA RENMEN BONDYE

Li difisil pou kèk moun renmen Bondye

Li difisil pou kèk moun renmen Bondye

“‘Ou dwe renmen Jewova, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, e ak tout lespri w.’ Sa a se pi gwo kòmandman an, e se premye a.” — Jezi Kris, ane 33 epòk nou an *.

Gen kèk moun ki twouve li difisil pou yo renmen Bondye. Pou yo, sanble moun pap janm rive konprann Bondye, li twò lwen yo, oubyen yo menm panse Bondye mechan. Gade pawòl kèk moun di pi ba a:

  • “Mwen te priye Bondye pou l ede m, men anmenmtan, m te panse li twò lwen m, li prèske enposib pou m pwoche bò kote l. Pou mwen, Bondye pa yon moun toutbon, li pa gen okenn santiman nan kè l pou moun.” — Marco, Itali.

  • “Malgre se ak tout kè m mwen ta renmen sèvi Bondye, li sanble twò lwen m. M te panse li se yon Bondye ki di ak nou. Se pini li pini nou sèlman. M pa kwè li gen okenn santiman nan kè l pou nou.” — Rosa, Gwatemala.

  • “Lè m te timoun, m te kwè Bondye ap chèche tout ti fot lakay nou. Li prèt pou I pini nou depi nou merite sa. Kèk tan apre, m te konsidere l kòm yon moun ki frèt ak moun. M te panse Bondye tankou yon premye minis. L ap kontwole afè moun l ap dirije yo, men li pa vrèman enterese nan yo.” — Raymonde, Kanada.

Ki sa w panse? Èske moun pa ka renmen Bondye vre? Gen plizyè syèk depi moun ki kretyen ap poze kesyon sa a. Anfèt, bò ane 500 a 1500 epòk nou an, pifò moun ki te di yo kretyen pa t menm priye Bondye Toupisan an. Poukisa? Paske yo te pè Bondye. Men sa yon istoryen ki rele Will Durant di: “Ki jan yon senp pechè ka fè oze priye yon Dye ki bay tout laperèz sa a e ki byen lwen l?”

Kòman kèk moun fè vin konsidere Bondye kòm yon Dye “ki bay laperèz e ki byen lwen yo”? Ki sa Labib anseye toutbonvre sou Bondye? Si w aprann laverite sou Bondye, èske sa ka fè w renmen l?