Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SEKRÈ POU GEN KÈ KONTAN NAN YON FANMI

Fason pou w boule ak moun ki pa fè pati nouvo fanmi ou fòme a

Fason pou w boule ak moun ki pa fè pati nouvo fanmi ou fòme a

MARGARET *, YON BÈLMÈ K AP VIV ANN OSTRALI: “Ansyen madanm mari mwen an di bèlfi m yo pou yo pa koute anyen m di yo. Menmsi se ta yon senp bagay tankou, ‘pa bliye bwose bouch nou.’” Margaret santi maryaj li te soufri anpil akoz divizyon manman timoun yo te mete a.

Nouvo fanmi moun ki remarye yo fòme a ka fè fas ak pwoblèm lè y ap boule ak moun ki pa fè pati nouvo fanmi sa a, e souvan yo jwenn defi nan domèn sa a *. Pifò paran ki vin fè pati yon nouvo fanmi ki fòme oblije pale ak lòt paran timoun nan lè y ap jere zafè, tankou lè pou timoun nan vizite lòt paran an, fason y ap disipline timoun nan ak lajan y ap depanse pou li. Li ka difisil pou fanmi nou ak zanmi nou abitye ak nouvo moun ki vin fè pati fanmi nou fòme a. Ann egzamine kòman konsèy nou jwenn nan Bib la ka ede nouvo fanmi w fòme a byen jere pwoblèm sa yo.

1ye RELASYON AN: LÒT PARAN TIMOUN NAN

Men sa Judith, yon bèlmè ki nan peyi Namibi, di: Yon lè, manman bofis mwen an ak twa bèlfi m yo te di timoun sa yo mwen se nouvo madanm papa yo sèlman. Nenpòt timoun mwen ta vin gen ak papa yo pa t ap fanmi yo. Pawòl li yo te fè m mal anpil paske m renmen timoun sa yo tankou yo te pitit mwen.”

Espè nan domèn sa a dakò li ka difisil pou moun ki nan nouvo fanmi ki fòme a boule ak lòt paran timoun nan. E sa ka menm lakòz divizyon nan nouvo fanmi ki fòme a. Souvan, se manman timoun nan ak bèlmè timoun nan ki konn gen plis pwoblèm. Ki sa k ka ede yo?

Yon fason pou w reyisi: Fikse limit ki rezonab. Si w eseye mete lòt paran timoun nan deyò nèt nan sa k ap pase nan lavi pitit ou, sa ka fè pitit ou soufri nan domèn afektif *. Paran yon timoun, de moun ki te ‘fè l’ yo, jwe yon wòl enpòtan nan lavi timoun nan (Pwovèb 23:22, 25). Yon lòt bò, si w kite ansyen moun ou te marye avè l la gen twòp enfliyans sou fason w jere nouvo fanmi w lan, ou ka fè nouvo moun ou marye a santi l about oubyen ou ka menm fè l fache. Fè efò pou gen ekilib nan fanmi w. Toutpandan ou fikse limit ki rezonab pou w pwoteje maryaj ou, fè efò pou w byen boule ak lòt paran timoun nan otank sa posib.

KÈK SIJESYON POU PARAN YO

  • Lè w ap pale ak ansyen moun ou te marye avè l la, pale sou bagay ki konsène timoun nou yo epi fè efò pou w pa fè diskisyon sou lòt sijè. Pa egzanp, ou ka mande l avèk jantiyès si l posib pou l fè yon pwogram pou l rele timoun yo pandan jounen an. Sa t ap pi bon pase si l ta annik rele timoun yo nenpòt lè oubyen si l ta rele yo byen ta nan aswè.

  • Si se pa avè w timoun nan ap viv, pou w pran kontak avè l, petèt ou ka rele l nan telefòn, ou ka ekri l, ou ka voye SMS oubyen imel ba li (Detewonòm 6:6, 7). Gen kèk paran ki konn itilize videyo konferans pou yo pran kontak ak timoun nan. Konsa, ou ka vin aprann plis bagay sou pitit ou a e ou ka ba li bonjan konsèy ki ka ede l plis pase sa w te ka panse.

KÈK SIJESYON POU BÈLMÈ YO

  • Montre manman timoun nan ou gen “senpati” pou li, ede l konprann se pa ranplase w ap eseye ranplase l (1 Pyè 3:8). Pran abitid fè l konnen ki jan timoun nan ye lè l avè w. Plis pale sou bagay ki pozitif (Pwovèb 16:24). Mande manman timoun nan sa l panse epi di l mèsi lè l fè w konnen sa l panse.

  • Pa demontre twòp afeksyon pou timoun nan lè manman l la. Men sa Beverly, yon bèlmè ki Ozetazini, di: “Bofis mwen an ak bèlfi m nan te vle rele m manman. Nou dakò pou yo rele m konsa lè yo lakay nou. Men, yo pa dwe rele m manman ni devan Jàn, manman yo, ni devan fanmi manman yo. Depi lè sa a, mwen menm ak Jàn vin boule pi byen youn ak lòt. Anfèt, nou te travay ansanm pou òganize yon ti pwogram nan lekòl timoun yo e nou t al nan kèk jounen yo te fè.”

Bonjan konsèy ou bay pitit ou ka ede l plis pase sa w te ka panse.

KÈK SIJESYON POU EDE PARAN, BÈLMÈ, BÒPÈ BYEN BOULE YOUN AK LÒT

    Lè nou janti e nou demontre respè, sa ede gen lapè.

  • Pa janm pale yon paran ki pa la mal, pa janm pale yon bèlmè oubyen yon bòpè mal, devan timoun yo. Li fasil pou w tonbe pale moun sa a mal, men sa ka bay timoun yo pwoblèm. Epitou, ou pa janm konnen ki jan oubyen ki lè yon moun ap repete sa w te di a (Eklezyas 10:20). Si yon timoun di w lòt paran l lan, bèlmè l oubyen bòpè l, pale w mal, konsantre sou jan timoun nan santi l. Ou te ka di l yon pawòl konsa: “Sa fè m mal ou te tande pawòl konsa. Manman w fache avè m, e pafwa lè moun fache yo di pawòl ki pa janti.”

  • Fè efò pou gen menm prensip ak menm disiplin ki lakay lòt paran an lakay ou tou. Si sa pa posib, esplike timoun nan diferans ki genyen ant prensip ou suiv lakay ou ak prensip ki lakay lòt paran an san w pa manke lòt paran dega. Reflechi sou sèn ki apre a:

    Bèlmè a: Tim, ranmase sèvyèt mouye ou t ap sèvi avè l la atè a, souple.

    Tim: Lakay manman m, nou konn kite sèvyèt yo atè a epi li ranmase yo pou nou.

    Bèlmè a (li fache): Ebyen, se aprann manman nou ap aprann nou parese.

    Èske l pa t ap pi bon si l te bay repons sa a?

    Bèlmè a (li kalm): Hum, Oke. Nan kay sa a chak moun ranmase sèvyèt pa yo.

  • Evite mete pwogram nan lè pitit ou gen pou l pase tan ak lòt paran an (Matye 7:12). Si w pa ka chanje lè pwogram nan, anvan w di timoun nan sa ou pwograme a, mande lòt paran an si w ka pase tan ak timoun nan nan lè sa a.

YON BAGAY OU KA FÈ: Men sa ou ka fè pwochèn fwa ou rankontre moun ki te marye ak moun ou marye kounye a oubyen moun ki vin marye ak moun ou te marye avè l la:

  1. Gade l nan je epi souri. Eseye pa plenn, pa twaze l ni pa fè jès ki montre w pa kontan wè l.

  2. Salye moun nan nan non l. Pa egzanp, ou ka di: “Kòman w ye, Jàn?”

  3. Mete l nan konvèsasyon an si nou an gwoup.

2yèm RELASYON AN: TIMOUN KI FIN GRAN

Gen yon liv (Step Wars) ki fè konnen mari yon dam toujou ap pran pou pitit li yo ki fin gran e dam nan pa kontan. Dam sa a plenyen paske pitit mari a pa janti avè l e mari l refize dakò avè l sou sa. Men sa l di: “Kòlè m monte lapoula.” Kòman w ka anpeche relasyon ou genyen ak pitit moun ou marye avè l la, ki fin gran, kraze maryaj ou?

Yon fason pou w reyisi: Mete w nan plas moun nan. Men sa Bib la di: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” (1 Korentyen 10:24). Fè efò pou w konprann lòt moun nan epi eseye mete w nan po moun nan. Timoun ki fin gran yo ka pè pèdi afeksyon youn nan paran yo lè paran sa a vin marye ak yon lòt moun. Oubyen yo ka panse, si yo aksepte moun paran yo a vin marye a, sa ap vle di yo vire do bay fanmi yo te ye anvan an. Yon lòt bò, gen paran ki ka panse, si yo repwoche pitit yo, sa ap fè pitit yo kouri pou yo.

Olye w eseye fòse pitit moun ou marye avè l la vin zanmi w, kite relasyon w gen avè l la devlope poukont li. An jeneral, li pa saj pou yon moun fòse yon lòt moun oubyen fè presyon sou lòt moun nan pou l vin gen bonjan lanmou pou li (Chan Salomon 8:4). Donk, fè efò pou w montre w rezonab nan relasyon w vle genyen ak pitit moun ou marye avè l la, e atann ou relasyon w vle genyen ak pitit sa a se yon bagay ki ka rive fèt vre.

Pa di nenpòt bagay ki vin nan lespri w menmsi l pa byen boule avè w (Pwovèb 29:11). Lè li difisil pou w gen kontwòl sou pawòl k ap sot nan bouch ou, priye Bondye, jan David wa Izrayèl la, te fè sa. Men sa l te di: ‘Letènèl, ede m veye bouch mwen, veye sou pòt bouch mwen!’ — Sòm 141:3, Louis Segond, fransè.

Si w deside viv nan kay timoun yo te leve a, ou ka sezi wè jan yo toujou atache ak jan kay la te ranje a. Fè efò pou w pa chanje twòp bagay nan kay la, sitou nan chanm timoun yo te genyen an. Yon lòt bò, ou ka deside li pi bon pou fanmi an viv nan yon lòt kay.

YON BAGAY OU KA FÈ: Si pitit moun ou marye avè l la, ki vin gran, toujou ap fè malelve avè w oubyen yo manke w dega, esplike moun ou marye avè l la kòman w santi w epi byen koute sa l ap di w. Pa fè presyon sou li pou l korije pitit li. L ap pi bon si n eseye rive dakò sou kèk pwen. Yonfwa nou “panse menm jan” sou sitiyasyon an, nou ka travay ansanm pou n pote amelyorasyon. — 2 Korentyen 13:11.

Fè efò pou w montre lanmou pou tout timoun ki fè pati fanmi an.

3yèm RELASYON AN: LÒT MOUN NAN FANMI AN AK ZANMI NOU YO

Men sa Marion, yon bèlmè k ap viv Kanada, di: “Manman m ak papa m souvan bay pitit gason m nan kado, men yo pa bay pitit mari m yo kado. Nou konn eseye achte kado pou pitit mari m yo lè sa a, men se pa tout tan nou gen kòb pou nou fè sa.”

Yon fason pou w reyisi: Bay nouvo fanmi w lan anpil enpòtans. Fè lòt moun ki nan fanmi w ak zanmi w yo konnen nouvo fanmi w lan gen anpil enpòtans nan je w (1 Timote 5:8). Se vre, ou pa ka atann pou lòt moun nan fanmi w ak zanmi w yo renmen nouvo fanmi w lan tousuit, men ou ka mande yo pou yo janti ak moun nan fanmi w lan epi byen boule avè yo. Ede yo konprann jan y ap fè timoun yo tris lè timoun yo wè lòt moun pa ba yo regle anyen pou yo, sitou lè yo pa ba yo afeksyon ak ti kado.

Fè efò pou paran moun ou te marye avè l la toujou konnen sa k ap pase nan lavi pitit ou. Men sa Susan, yon manman k ap viv ann Angletè, di: “Mwen te remarye 18 mwa apre mari m te mouri, e li pa t fasil pou paran l aksepte nouvo mari m nan. Bagay yo te amelyore lè nou te kite yo patisipe plis nan sa k ap fèt nan fanmi an. Nou te fè timoun yo rele yo nan telefòn e nou te di yo mèsi pou èd yo ban nou.”

YON BAGAY OU KA FÈ: Idantifye zanmi oubyen lòt moun nan fanmi an ou gen plis pwoblèm avè yo epi pale ak mari w oubyen madanm ou sou sa nou ka fè pou nou amelyore relasyon nou gen avè yo.

Fason moun boule ak nouvo fanmi w fòme a ka pa toujou jan w ta renmen an. Men, lè fanmi w aplike konsèy Bib la bay, fanmi an ap jwenn benediksyon jan Bondye pwomèt sa nan Bib la. Men sa Bib la di: “Grasa sajès, y ap bati yon kay, e grasa disènman, y ap tabli l fèm.” — Pwovèb 24:3, NW.

^ § 3 Gen kèk nan non moun yo chanje.

^ § 4 Pou nou jwenn enfòmasyon sou fason nou ka jere lòt pwoblèm menm jan an, gade nan yon seri atik ki nan kòmansman Réveillez-vous! avril 2012 la ki gen tit: “Des familles recomposées épanouies”. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

^ § 8 Byennantandi, si ansyen moun ou te marye avè l la reprezante yon menas pou nouvo fanmi w lan oubyen li fè yo abi, ou ka oblije mete bonjan limit pou w pwoteje fanmi an.

MANDE TÈT OU...

  • Ki jan m ka pi byen boule ak moun ki vin marye ak ansyen moun mwen te marye avè l la?

  • Ki jan m ka anpeche lòt moun nan fanmi m ak zanmi m fè nouvo fanmi m nan soufri, menmsi yo pa ta rann yo kont yo fè sa?