Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske pap yo se “siksesè Sen Pyè”?

Èske pap yo se “siksesè Sen Pyè”?

Èske pap yo se “siksesè Sen Pyè”?

AN 2002, pap Jan Pòl II te ekri evèk Limburg la, ki ann Almay, yon lèt pou l anile yon desizyon evèk la te pran anrapò ak avòtman. Nan kòmansman lèt la, pap la te fè konnen se li ki responsab “byennèt ak inite chak grenn legliz ann amoni ak volonte Jezi Kris”. Li deklare, antanke pap, li gen otorite pou l anile desizyon evèk la pran paske, dapre sa l di, li se “siksesè Sen Pyè”.

Selon yon definisyon Legliz katolik women bay, “Kris te met Sen Pyè chèf tout apot yo”. Anplis de sa, Legliz katolik fè konnen “Kris te pran dispozisyon pou Pyè toujou gen moun ki ranplase l nan fonksyon sa a, e se evèk Wòm yo ki dwe nan fonksyon sa a”. — New Catholic Encyclopedia (2003), volim 11, paj 495-496.

Deklarasyon sa yo se yon seri gwo deklarasyon. Èske w chèche konnen si yo se laverite? Annou egzamine repons twa kesyon: 1) Èske Labib apiye deklarasyon ki fè kwè apot Pyè se te premye pap la? 2) Ki sa listwa aprann nou sou orijin kesyon pap yo? 3) Èske konduit pap yo ak ansèyman yo bay apiye deklarasyon yo fè kòmkwa se yo ki ranplase apot Pyè?

Èske apot Pyè se te premye pap la?

Depi lontan, pou katolik yo pwouve se sou Pyè Legliz la fonde, yo atire atansyon sou pawòl Jezi te di ki nan Matye 16:18 la ki di: “Ou se Pyè, e se sou mas wòch sa a m ap bati kongregasyon m nan.” Anfèt, pawòl sa yo ekri an laten nan plafon bazilik Sen Pyè nan vil Wòm.

Gen yon lè, Ogisten, youn nan fondatè Legliz katolik la yo respekte anpil, te fè konnen se sou Pyè kongregasyon an bati. Sepandan, nan fen lavi li, li te vin konprann pawòl Jezi yo yon lòt jan. Nan yon liv Ogisten te ekri (Retractations), li te fè konnen se sou Jezi Legliz la te bati, sa vle di kongregasyon kretyen an, se pa t sou Pyè *.

Se vre, se apot Pyè ki parèt plis nan Evanjil yo. Pa egzanp, Jezi te chwazi twa nan apot li yo, Jan, Jak ak Pyè, pou yo ansanm avè l nan kèk okazyon espesyal (Mak 5:37, 38; 9:2; 14:33). Jezi te konfye Pyè “kle wayòm syèl la” e Pyè t ap gen pou l sèvi avèk yo pou l ouvri wout ki mennen nan Wayòm nan pou Juif yo ak moun ki konvèti nan relijyon Juif yo anvan, apre sa pou Samariten yo, e finalman pou moun ki pa t Juif yo (Matye 16:19; Travay 2:5, 41; 8:14-17; 10:45). Kòm Pyè te renmen pale, pafwa li te sèvi kòm pòtpawòl apot yo (Travay 1:15; 2:14). Men, èske tout bagay sa yo montre se Pyè ki te chèf premye kongregasyon an?

Nan youn nan lèt apot Pòl te ekri yo, li te fè konnen yo te konfye Pyè yon “travay antanke apot pou moun ki sikonsi yo”. (Galat 2:8.) Men, kontèks pawòl Pòl yo montre li pa t di Pyè t ap dirije kongregasyon an. Kòmantè Pòl te fè yo te konsène wòl Pyè te jwe nan preche Juif yo.

Byenke Jezi te bay Pyè gwo responsablite, pa gen okenn kote nan Bib la nou jwenn li te pwoklame tèt li chèf kongregasyon an ni li te konn pran desizyon pou disip yo antanke gwoup. Nan lèt apot Pyè te ekri a, li te pale de tèt li kòm “yon apot” e kòm “yon ansyen”, li pa t di anyen anplis. — 1 Pyè 1:1; 5:1.

Ki sa listwa aprann nou sou orijin kesyon pap la?

Ki lè kesyon pap la te vin parèt menm? E ki jan sa te fèt? Lide ki fè kwè se yon bagay ki akseptab pou yon sèl moun chèche domine kwayan parèy li te kòmanse pran rasin pandan apot yo te vivan toujou. Ki jan apot yo te konsidere sa?

Apot Pyè te di mesye ki te pran latèt nan kongregasyon an pou yo pa “domine sou moun ki se eritaj Bondye” konfye yo a, li te di yo pou yo abiye yo ak imilite nan relasyon yo youn ak lòt (1 Pyè 5:1-5). Apot Pòl te fè konnen anndan kongregasyon an t ap gen yon seri mesye ki t ap leve e ki t ap “pale bagay kwochi pou yo rale disip yo vin suiv yo”. (Travay 20:30.) Nan fen premye syèk epòk nou an, apot Jan te ekri yon lèt kote li te denonse yon disip ki te rele Dyotrefès avèk fòs. Poukisa li te ba l reprimann sa a? Youn nan rezon yo se paske mesye sa a te “renmen pran latèt” nan kongregasyon an (3 Jan 9). Pandan yon ti tan, konsèy sa a apot yo te bay la te frennen anbisyon moun ki t ap chèche domine lòt moun yo. — 2 Tesalonisyen 2:3-8.

Yon ti tan apre lanmò dènye apot la, gen kèk moun ki te kòmanse vin pran plis pouvwa. Men sa yon liv fè konnen: “Siman anvan mitan dezyèm syèk la se pa t yon sèl grenn evèk nan vil Wòm ki te gen ‘tout pouvwa’.” Yon ti tan anvan twazyèm syèk la, evèk Wòm nan te etabli tèt li kòm pi gwo otorite ki genyen nan pifò legliz yo *. Pou kèk moun apiye ide ki fè konprann evèk Wòm nan gen pi gwo otorite a, yo fè yon lis tout moun ki ranplase Pyè yo.

Sepandan, lis sa a yo te fè a pa bay anpil prèv ki soutni ide yo a. Sa k fè sa? Toudabò, gen kèk non nan lis la moun pa ka verifye. Sa k pi enpòtan an, yo te fè lis la sou yon baz ki fo. Poukisa nou di sa? Menmsi Pyè te preche nan vil Wòm, jan kèk liv pwofàn nan premye syèk la ak nan dezyèm syèk la fè konprann sa, pa gen okenn prèv ki montre li te chèf kongregasyon ki nan vil sa a.

Youn nan prèv ki montre Pyè pa t chèf kongregasyon ki nan vil Wòm nan sèke lè apot Pòl te ekri Women yo lèt li a, li te bay yon lis byen long ki gen non kretyen k ap viv nan vil sa a. Epoutan, li pa t nonmen non Pyè ditou (Women 16:1-23). Si Pyè te chèf kongregasyon an, èske nou ta ka imajine Pòl t ap bliye Pyè oswa li t ap meprize l?

Remake tou, nan epòk Pyè te ekri premye lèt Bondye te enspire l la, Pòl te ekri Timote yon dezyèm lèt. Nan lèt sa a, Pòl te pale de Wòm aklè. Anfèt, Pòl te ekri sis lèt detan l Wòm, men li pa t site non Pyè ditou ladan yo.

Anviwon 30 an apre Pòl te ekri lèt li yo, apot Jan te ekri twa lèt e li te ekri liv Revelasyon an. Jan pa t pale de kongregasyon ki nan Wòm nan kòm kongregasyon ki pi enpòtan an, ni nan lèt li te ekri yo ni nan liv la, nitou li pa t fè referans ak yon chèf Legliz la ta genyen ki ta nan pi gwo pòs la antanke moun ki swadizan ranplase apot Pyè. Ni Bib la ni sa listwa rapòte pa apiye ide ki fè kwè Pyè te nome tèt li premye evèk kongregasyon ki te nan vil Wòm nan.

Èske konduit pap yo ak ansèyman yo ann amoni ak sa yo deklare yo ye a?

Nòmalman nou ta dwe atann yon moun ki deklare li se “siksesè Sen Pyè” e li se “reprezantan Kris” pou l imite konduit ak ansèyman ni Pyè ni Kris. Pa egzanp, èske Pyè te aksepte pou kwayan parèy li yo trete l yon fason espesyal? Non. Li pa t aksepte yo ba l okenn onè espesyal (Travay 10:25, 26). E Jezi menm? Li te di li vini pou l sèvi moun, li pa t vini pou moun sèvi l (Matye 20:28). E pap yo, ki repitasyon yo genyen? Èske yo refize pouvwa, yo refize moun ba yo gwo tit e yo refize fè gwo egzibisyon ak richès ak pouvwa yo genyen?

Ni Pyè ni Kris se te moun ki dwat e ki te travay pou gen lapè. Ann konpare sa yo te fè ak sa yon ansiklopedi katolik di konsènan pap Leyon X (Lexikon für Theologie und Kirche): “Leyon X te mele nan politik e souvan li te mele nan yon seri tranzaksyon pou favorize fanmi l e li te konn lage kò l nan plezi ki gen nan monn nan, sa te fè l neglije travay espirityèl ijan li te dwe fè.” Karl Amon, ki te yon prèt katolik e ki te pwofesè istwa Legliz, di lè yo verifye rapò yo fè sou pap Aleksann VI, yo wè “yon pakèt magouy ki te fèt, yon bann abi li te fè paske li te gen otorite, gen lajan ki te bay pou pozisyon nan Legliz e li te nan imoralite”.

Ki sa n ka di konsènan ansèyman pap yo? Ki konparezon ki ka fèt ant ansèyman sa yo ak ansèyman apot Pyè yo ak pa Kris yo? Pyè pa t kwè tout moun ki bon yo pral nan syèl. Li te pale de wa David, yon bon wa. Li te di byen klè: “David pa t monte nan syèl.” ​(Travay 2:34). Nitou Pyè pa t fè konnen yo ta dwe batize timoun piti. Okontrè, li te anseye batèm se yon etap pou yon kwayan franchi toutpandan li konnen sa l ap fè a. — 1 Pyè 3:21.

Jezi te fè konnen pa gen youn nan disip li yo ki ta dwe chèche gen plis pouvwa pase lòt. Li te di: “Si yon moun vle pou se li ki pi enpòtan, li dwe vin tankou moun ki gen mwens enpòtans lan, e li dwe sèvi tout moun.” ​(Mak 9:35). Yon ti tan anvan Jezi mouri, li te bay disip li yo yon enstriksyon klè. Li te di yo: “Pa fè yo rele nou anseyan, paske se yon sèl Anseyan nou genyen, tandiske nou tout se frè. Anplis de sa, pa rele pèsonn sou latè papa nou, paske sèl Papa nou genyen, se Sila a ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou gid, paske sèl Gid nou genyen, se Kris.” ​(Matye 23:1, 8-10). Èske w gen enpresyon pap yo soutni ansèyman Pyè yo ak ansèyman Kris yo?

Gen kèk moun ki di ta dwe toujou gen pap menmsi lavi pap yo pa ann amoni ak krisyanis la. Èske w panse agiman sa a rezonab? Jezi te di: “Tout bon pyebwa bay bon fwi, men tout pyebwa ki pa bon bay fwi ki san valè. Yon bon pyebwa pa ka donnen fwi ki san valè. Konsa tou, yon pyebwa ki pa bon pa ka bay bon fwi.” Selon prèv nou genyen, èske w panse Pyè oubyen Kris t ap vle gen rapò ak fwi pap yo pwodui yo? — Matye 7:17, 18, 21-23.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Konvèsasyon Jezi te gen ak Pyè a te baze sou idantite Kris la ak sou wòl li jwe, li pa t baze sou wòl Pyè t ap gen pou l jwe (Matye 16:13-17). Annapre, Pyè li menm te di Jezi se wòch kongregasyon an bati sou li a (1 Pyè 2:4-8). Apot Pòl te sètifye se Jezi ki “wòch ki nan kwen fondasyon” kongregasyon kretyen an, se pa Pyè. — Efezyen 2:20.

^ § 14 Ni Jezi ni apot yo te avèti kongregasyon kretyen an kont yon seri mesye ki t ap anvayi kongregasyon an pou yo anseye doktrin aposta (Matye 13:24-30, 36-43; 2 Timote 4:3; 2 Pyè 2:1; 1 Jan 2:18). Sa yo te di yo te rive vre lè Legliz, oswa kongregasyon, nan dezyèm syèk la te kòmanse adopte yon seri koutim payen e lè yo te kòmanse melanje doktrin biblik yo ak filozofi grèk.

[Foto nan paj 31]

Èske prèv ki egziste yo montre pap yo suiv egzanp apot Pyè?