TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Oktòb 2015

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti semèn 30 novanm pou rive semèn 27 desanm 2015.

“Kontinye bay moun konsa anpil valè”

Ki moun k ap ede nan komite Kolèj santral la? Ki sa yo fè?

Èske w wè men Bondye nan lavi w?

Ki sa Bib la vle di lè l pale de “men” Bondye?

“Ban nou plis lafwa”

Èske n ka rive gen lafwa ak pwòp fòs nou sèlman?

BYOGRAFI

Li pa regrèt desizyon l te pran lè l te jèn

Nikolai Dubovinsky, ki te sèvi Jewova fidèlman anba entèdiksyon nan ansyen Inyon sovyetik la, te gen yon asiyasyon ki pi difisil pase prizon.

Sèvi Jewova san nou pa distrè

Sa gen prèske 60 an, Toudegad te fè yon anons ki te vin reyalize alalèt.

Kontinye medite sou bagay espirityèl yo

Èske w ka kontinye nouri tèt ou espirityèlman si yo anpeche w sèvi ak Labib?

BYOGRAFI

Pwoche bò kote Bondye bon pou mwen

Lè Sarah Maiga te gen nevan, kò l te sispann grandi, men, Sarah te kontinye grandi nan domèn espirityèl.

“Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di”

Ki jan nou ka rive idantifye blòf, lejann, devinèt ak lòt enfòmasyon yo tòde nou ka resevwa sou Entènèt?