Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske l enpòtan pou moun wè travay w ap fè?

Èske l enpòtan pou moun wè travay w ap fè?

BETSALÈL ak Owolyab te deja abitye nan zafè konstriksyon. Sandout, yo pa t bliye jan yo te konn travay di pou fè brik lè yo te esklav nan peyi Ejip. Men, ane sa yo te gentan pase. Kounye a, yo pral sèvi kòm gwo atizan lè yo jwenn asiyasyon pou yo pran latèt nan travay konstriksyon tabènak la (Egz. 31:1-11). Aktout sa, pa gen anpil moun ki t ap wè kèk nan bèl travay yo pral fè yo. Èske sa t ap fè yo fristre? Èske l te vrèman enpòtan pou moun wè travay yo fè yo? Èske l enpòtan pou moun wè travay pa w?

SE KÈK MOUN SÈLMAN KI TE WÈ BÈL TRAVAY YO TE FÈ YO

Gen kèk nan bagay yo te fè pou tabènak la ki te vrèman yon chedèv. Pa egzanp, ann konsidere cheriben annò ki te sou kouvèti lach alyans lan. Apot Pòl te pale de yo kòm cheriben ki gen “glwa”. (Ebre 9:5.) Imajine jis nan ki pwen cheriben annò sa yo yo te bay fòm ak mato te bèl! — Egz. 37:7-9.

Nan epòk nou an, si yo ta jwenn bagay Betsalèl ak Owolyab te fè yo se sèten yo t ap mete yo nan pi bèl mize ki genyen yo yon fason pou tout moun ka vin admire yo. Men, konbyen moun ki te wè yo toutbon nan epòk yo te fè yo a? Cheriben yo te nan Pati ki pi sen nan tabènak la, konsa, se gran prèt la sèlman ki te ka wè yo lè l te konn antre nan pati sa a chak ane nan Jou Pwopisyasyon an (Ebre 9:6, 7). Pou rezon sa a, se yon tikras moun sèlman ki te wè yo.

YO JWENN SATISFAKSYON MENM LÈ YO PA FÈ LOUWANJ POU YO

Si se ou menm ki te Betsalèl ak Owolyab epi yo te mande w fè bèl travay atis sa yo, ki jan w t ap santi w lefètke w konnen se yon tikras moun sèlman ki t ap wè yo? Jodi a, lè moun yo resevwa louwanj ak admirasyon nan men lòt moun, sa fè yo santi yo akonpli yon bagay. Yo santi se yon fason pou yo wè jan travay yo fè yo gen valè. Sepandan, sèvitè Jewova yo diferan. Menm jan ak Betsalèl ak Owolyab, nou jwenn lajwa nan fè volonte Jewova ak lè n gen apwobasyon l.

Nan epòk Jezi a, chèf relijye yo te gen abitid priye pou enpresyone lòt moun. Sepandan, Jezi te vin ak yon lòt fason: Priye ak tout kè n san nou pa anvi pou moun k ap gade yo fè louwanj pou nou. Poukisa? Jezi te di: “Papa w ki wè sa k fèt an sekrè ap rekonpanse w.” (Mat. 6:5, 6). Vrèmanvre, sa k enpòtan an se pa sa lòt moun panse konsènan priyè nou yo, men, se sa Jewova panse. Se sa Jewova panse a ki fè priyè w yo vrèman gen valè. Se menm bagay la tou pou nenpòt sa nou fè nan sèvis sakre nou an. Se pa lè lòt moun fè louwanj pou nou pou n santi travay nou fè yo enpòtan, olye de sa, se lè yo fè Jewova, Sila a “ki wè sa k fèt an sekrè” a, plezi.

Lè tabènak la te fin fèt, gen yon nyaj ki te “kòmanse kouvri tant reyinyon an e glwa Jewova te ranpli tabènak la”. (Egz. 40:34, NW.) Ala yon bon fason Jewova te montre l apwouve yo! Ki jan w panse Betsalèl ak Owolyab te santi yo lè sa a? Byenke non yo pa t grave sou travay yo te fè yo, yo dwe te santi yo satisfè anpil lefètke yo konnen Bondye te beni tout efò yo te fè (Pwo. 10:22). Nan ane ki te vin annapre yo, se sèten sa te touche kè yo lè yo te wè jan yo kontinye itilize travay yo te fè nan sèvis Jewova a. Lè Betsalèl ak Owolyab retounen viv ankò nan monn nouvo a, sandout y ap kontan anpil lè yo aprann yo te sèvi ak tabènak la nan vrè adorasyon an pandan anviwon 500 an.

Menmsi pèsonn pa wè travay ou fè avèk imilite, Jewova wè yo!

Jodi a, nan òganizasyon Jewova a, gen animatè, atis, mizisyen, fotograf, tradiktè ak ekriven k ap fè yon seri travay moun pa menm konn si se yo ki fè yo. Nan sans sa a, pèsonn pa “wè” sa y ap fè yo. Nou ka di menm bagay la tou pou pifò travay k ap fè nan plis pase 110 000 kongregasyon ki gen sou tè a. Ki moun ki wè sèvitè kont yo lè y ap ranpli fèy kont chak fen mwa? Ki moun ki wè lè sekretè a ap prepare rapò aktivite kongregasyon an? Ki moun ki wè frè oswa sè ki te fè yon reparasyon ki nesesè nan Sal Wayòm nan?

Lè Betsalèl ak Owolyab te rive nan fen lavi yo, yo pa t gen ni twofe, ni meday oswa plak pou yo te montre bèl travay ak bèl konstriksyon yo te fè a. Men, yo te jwenn yon bagay ki te gen plis valè toujou: yo te gen apwobasyon Jewova. Nou kapab gen asirans Jewova wè travay n ap fè yo. Kidonk, ann imite egzanp mesye sa yo ki te gen imilite ak fason yo te dispoze sèvi.