TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Fevriye 2015

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti semèn 6 avril pou rive semèn 3 me 2015.

Yon sipriz pou peyi Japon

Yo pibliye yon nouvo liv nan peyi Japon ki gen tit Labib — Bon nouvèl la selon Matye. Ki karakteristik liv sa a? Poukisa yo te fè l?

Ann imite Jezi: Li gen imilite e li gen kè sansib

1 Pyè 2:21 ankouraje n suiv Jezi pye pou pye. Antanke moun ki enpafè, ki jan n ka imite imilite ak kè sansib Jezi?

Ann imite Jezi: Li gen kouraj ak bon konprann

Ekriti yo ede n konnen ki jan Jezi te ye. Ann wè fason nou ka suiv tras li pye pou pye lè n imite kouraj li ak bon konprann li gen lakay li.

Ann kontinye preche avèk zèl

Nou konnen travay predikasyon an se travay ki pi enpòtan sou tè a jodi a. Ki jan nou kapab kenbe zèl nou epi vin pi zele nan travay predikasyon an?

Prepare nasyon yo pou “ansèyman [...] Jewova a”

Jis nan ki pwen premye kretyen yo te rive preche bon nouvèl? Ki bagay petèt ki te fè l pi fasil pou preche bon nouvèl la nan premye syèk la pase nenpòt lòt epòk nan listwa lèzòm?

Jewova ap dirije travay ansèyman n ap fè sou tè a

Ki sa k te fèt nan epòk ki sot pase yo ki te ede sèvitè Jewova yo byen preche bon nouvèl la toupatou sou tè a?

Kesyon lektè yo poze

Ki sa nou ka fè pou n ede frè ak sè ki pa ka pran sant pwodui ki santi bon? Ki lè yon pwoklamatris bezwen kouvri tèt li?

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Yon epòk vrèman espesyal”

Toudegad Siyon an te pale de epòk Memoryal lanmò Kris la kòm “yon epòk vrèman espesyal” e li te ankouraje lektè yo pou yo komemore l. Anvan sa, ki jan yo te konn selebre Memoryal la?