Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Ranje chemen kote w ap met pye w” pou w ka fè pwogrè

“Ranje chemen kote w ap met pye w” pou w ka fè pwogrè

LÈ PÈP Jewova a t ap kite Babilòn nan ane 537 anvan epòk nou an, Jewova te montre l enterese anpil nan wout ki t ap mennen pèp la Jerizalèm nan. Men sa l te di yo: “Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la!” (Eza. 62:10). Eseye imajine sa kèk Juif te fè, petèt pou yo te rive fè travay sa a. Petèt, moun ki te pran devan yo te ranbleye wout la, e petèt, yo te oblije ranje kote ki gen twou yo epi fè kote ki gen douk yo vin swa. Konsa, sa t ap ede rès pèp la ki t ap vin dèyè sou wout la antre nan peyi yo.

Nou gendwa sèvi ak egzanp sa a pou n pale konsènan chemen k ap mennen nan pwogrè espirityèl la. Jewova vle pou tout moun k ap sèvi l yo mache sou chemen sa a san yo pa jwenn okenn obstak ki pa nesesè sou wout yo. Men yon konsèy nou jwenn nan Pawòl li a: “Ranje chemen kote w ap met pye w, e pap gen okenn danje sou wout ou.” (Pwo. 4:26NW). Kit ou jèn, kit ou pa fin twò jèn, ou kapab wè sajès ki gen nan konsèy sa a Bondye bay la.

PREPARE CHEMEN AN LÈ W PRAN BON DESIZYON

Petèt ou konn tande kèk moun k ap pale de yon adolesan, epi yo di: ‘Tifi sa a gen yon bèl avni devan l’ oswa ‘Tigason sa a ap rive lwen’. An jeneral, jèn yo se moun ki an sante, ki reflechi vit e ki vrèman anvi reyisi. Se sa k fè Bib la gen rezon lè l di: “Glwa yon jèn se fòs li.” (Pwo. 20:29, NW). Yon jèn ki sèvi ak talan l genyen ansanm ak fòs li pou l sèvi Jewova, kapab atenn anpil objektif espirityèl epi l ka rive jwenn vrè bonè a.

Kidonk, jan w ka remake sa, monn nan bay kapasite jèn nou yo anpil valè. Lè yon jèn Temwen travay byen lekòl, kit se moun ki la pou ede elèv yo chwazi yon karyè, kit se pwofesè oswa elèv parèy li, yo tout ka fè presyon sou jèn Temwen an pou l chèche fè gwo etid yon fason pou l ka reyisi nan sistèm sa a. Oubyen, moun k ap chèche atlèt yo gendwa ap chèche konvenk yon jèn frè oswa yon jèn sè ki gen kapasite nan zafè spò pou l fè karyè nan domèn nan. Èske se  nan sitiyasyon sa a ou ye, oswa, èske w konn yon moun k ap fè fas ak kalite presyon sa yo? Ki sa k ka ede yon kretyen fè bon chwa?

Ansèyman ki nan Bib la kapab prepare yon moun pou l vwayaje sou pi bon chemen ki gen nan lavi a. Men sa Bib la di: “Sonje Gran Kreyatè w la pandan ou jèn.” (Ekl. 12:1, NW). Ki jan ou menm oswa yon jèn ou konnen ka pi byen montre nou ‘sonje Gran Kreyatè nou an’?

Fè yon ti reflechi sou sa k te rive Eric *, yon frè k ap viv ann Afrik de lwès. Eric te renmen jwe foutbòl anpil. Lè l te gen 15 an, yo te chwazi l pou l jwe nan ekip nasyonal nan peyi l. Sa te vle di, li pa t ap pran tan pou l jwenn yon fòmasyon wo nivo nan zafè spò ann Ewòp, e petèt, vin yon pwofesyonèl nan kesyon foutbòl. Men, ki jan l t ap fè suiv konsèy ki mande pou n “sonje Gran Kreyatè” nou an? Ki leson ou menm oswa kèk nan zanmi w yo ki jèn gendwa aprann nan sa?

Pandan Eric te lekòl, li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Konsa, li te vin aprann Kreyatè l la t apral rezoud pwoblèm limanite yon fwa pou tout. Eric te vin rann li kont jan l enpòtan pou l itilize tan l ak enèji l pou l fè volonte Bondye. Sa Eric te aprann nan te fè l wè li pi saj pou l pa chwazi fè yon karyè nan zafè spò. Olye de sa, li te batize epi l te bay tout li menm nan sèvis Jewova a. Rive yon lè, li te vin asistan ministeryèl, epi annapre, li te jwenn envitasyon pou l al asiste Lekòl biblik pou frè selibatè yo.

Si Eric te chèche fè karyè nan zafè spò, li te gendwa vin rich e li t ap vin popilè. Sepandan, li te wè verite ki gen nan yon prensip nan Bib la ki di: “Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k’ap pwoteje yo.” (Pwo. 18:11). Vrèmanvre, sekirite moun yo sanble jwenn lè yo vin gen lajan an pa egziste vre. Mete sou sa, moun k ap kouri dèyè richès ak tout fòs yo ap “pèse kò yo toupatou avèk anpil soufrans”. — 1 Tim. 6:9, 10.

Erezman gen anpil jèn ki jwenn lajwa ak sekirite toutbon an paske yo antre nan sèvis aplentan. Men sa Eric fè konnen: “Mwen antre nan yon gwo ‘ekip’ ki chaje ak moun k ap sèvi Jewova aplentan. Se nan pi bon ekip mwen te ka ye, e m remèsye Jewova dèske l montre m sèl chemen k ap fè m jwenn kè kontan toutbon an, e k ap fè m reyisi nan lavi a.”

E ou menm? Olye w ap chèche pousuiv objektif nan monn nan, èske w pa ta ka chèche fè “wout ou” vin djanm devan Jewova lè w pran sèvis pyonye? — Gade kare ki gen tit “ Byenfè mwen pa t ka jwenn nan inivèsite” a.

ELIMINE TOUT OBSTAK OU JWENN SOU CHEMEN W

Pandan yon koup t ap vizite filyal peyi Etazini an, yo te wè jan Betelit k ap sèvi Jewova nan filyal la te gen kè kontan. Men sa sè a te ekri annapre: “Nou te vin twò alèz nan woutin nou an.” Koup la te deside chèche jwenn tan ak enèji pou yo ka jwenn pi gwo privilèj sèvis.

Pandan yon tan, chanjman koup sa a te vle fè a sanble te parèt enposib. Men, yon jou, yo te reflechi sou sa tèks pou jounen an te di. Se te nan Jan 8:31, yon vèsè kote Jezi te di pawòl sa yo: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre.” Men ki rezònman yo te fè, toutpandan yo te kenbe vèsè sa a nan lespri yo: “Sa vo lapèn pou n fè tout sa n kapab pou n senplifye lavi nou.” Yo te vann gwo kay yo te genyen an, yo te debarase yo ak tout bagay ki te tankou pwa lou pou yo epi yo t al sèvi nan yon kongregasyon ki te bezwen èd. Kounye a y ap sèvi antanke pyonye, y ap bay èd yo nan travay konstriksyon Sal Wayòm e yo sèvi kòm volontè nan kongrè distri. Ki jan yo santi yo? Men sa yo di: “Nou sezi anpil pou n wè kantite jwa nou jwenn lefètke n ap viv yon fason ki senp, e lefètke n annik fè sa òganizasyon Jewova a ankouraje n fè.”

RETE SOU CHEMEN AN POU W KA FÈ PWOGRÈ ESPIRITYÈL

Men sa Salomon te ekri: “Kanta pou je w, yo dwe gade dwat devan, wi, je w yo k ap briye yo dwe fikse dwat devan w.” (Pwo. 4:25, NW). Menm jan yon chofè ap konsantre l sou wout ki devan l lan, se konsa tou, nou dwe evite tout bagay ki ka distrè nou yon fason pou n ka fikse objektif espirityèl epi pou n atenn yo.

Ki objektif espirityèl ou kapab fikse epi w ka chèche atenn? Pa gen dout nan sa, lè yon moun deside antre nan sèvis aplentan se youn nan bon objektif li ka fikse. Yon lòt objektif ou kapab fikse se al sèvi nan yon kongregasyon ki toupre e ki bezwen pwoklamatè ki gen eksperyans pou ede yo preche gwo tèritwa yo genyen an. Oubyen, yon kongregasyon  kapab gen anpil bon pwoklamatè, men, li pa gen ase ansyen ak asistan ministeryèl. Èske w ka bay èd ou nan youn nan fason sa yo? Poukisa w pa pale de sa ak siveyan sikonskripsyon an pou w wè ki jan w ka bay èd ou? Si w vle al sèvi nan kongregasyon ki lwen anpil, ou kapab mande kèk enfòmasyon sou kongregasyon ki lwen e ki bezwen èd yo *.

Ann fè yon ti pale ankò sou egzanp nou jwenn nan Izayi 62:10 la. Petèt gen kèk Juif ki te travay di anpil pou yo ranje epi netwaye wout ki mennen nan peyi yo a yon fason pou pèp Bondye a te ka byen rive kote yo t aprale a. Si w ap fè tout sa w kapab pou w atenn objektif ou fikse nan sèvis w ap bay Jewova a, pa bay legen! Grasa èd Bondye, ou menm tou ou kapab atenn objektif ou yo. Kidonk, kontinye mande Jewova pou l ba w sajès toutpandan w ap fè efò pou w elimine tout obstak ou jwenn sou chemen w yo. Lè moman an rive, pa gen dout nan sa, w ap wè jan Jewova kapab ede w “ranje chemen kote w ap met pye w” la. — Pwo. 4:26NW.

^ § 8 Yo chanje non moun nan.

^ § 18 Gade liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah a, paj 111-112.