Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova te rekonpanse vèv Safat la pou lafwa l

Jewova te rekonpanse vèv Safat la pou lafwa l

YON vèv ki pòv te kenbe sèl pitit li genyen an nan bra l. Li pa t ka kwè sa l wè a. Yon ti tan anvan sa, se kadav pitit la li te kenbe nan bra l avèk tandrès. Men, kounye a vèv la ap gade pitit li a ki resisite e li kontan wè jan l ap souri ba li. Moun li te akeyi lakay li a te di l: ‘Gade! Ti gason w lan vivan!’

Sa gen prèske 3 000 an depi rezirèksyon sa a te fèt. Nou jwenn istwa sa a nan 1 Wa chapit 17. Moun vèv la te resevwa lakay li a se te yon pwofèt Bondye ki rele Eliya. Kiyès manman an te ye? Bib la pa bay non l, men, se te yon vèv ki te abite nan vil Safat. Rezirèksyon sa a se youn nan pi gwo evènman ki te rive nan lavi vèv la e ki te fè l vin gen plis lafwa. Ann aprann kèk leson enpòtan konsènan vèv sa a.

ELIYA JWENN YON VÈV KI GEN LAFWA

Nan epòk wa Ahab, yon wa ki te mechan, t ap dirije Izrayèl la, Jewova te fè konnen t apral gen yon sechrès ki t ap dire anpil tan. Apre Eliya te fin anonse sechrès la, Bondye te fè l al kache yon fason pou Ahab pa t jwenn li, e, pa mwayen yon mirak, li te sèvi ak kèk zwazo ki rele kaw pou pote pen ak vyann bay pwofèt la. Annapre, Jewova te di Eliya: “Leve non! Ale lavil [Safat], nan peyi wa Sidon an. Se la ou pral rete kounyeya. Mwen bay yon fanm vèv ki rete laba a lòd pou li ba ou manje.” — 1 Wa 17:1-9.

Lè Eliya rive Safat, li wè yon vèv ki pòv k ap ranmase kèk moso bwa. Èske se dam sa a ki t apral bay pwofèt la manje a? Piske l te pòv anpil, ki jan l t ap ka fè sa? Byenke Eliya te ka gen dout, sa pa t anpeche l abòde dam nan. Men sa l te di l: “Tanpri, pote ti gout dlo nan yon veso pou m bwè.” Apre l fin bay Eliya dlo a, Eliya di l: “Tanpri, pote yon moso pen pou mwen.” (1 Wa 17:10, 11). Vèv la pa t gen pwoblèm pou l te bay etranje a dlo, men, ba l yon moso pen se te yon lòt koze.

 Men sa vèv la di Eliya: “Mwen pran Senyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen, mwen pa gen pen tou kwit lakay mwen. Tou sa m genyen se yon ponyen farin frans nan yon ti bòl ak tigout lwil nan yon boutèy. Mwen vin ranmase de ti bwa la a pou mal pare ti sa ki rete m lan pou mwen ak pitit gason m lan. Lè n’a fin manje l, nou pral rete konsa jouk grangou touye nou.” (1 Wa 17:12). Ki sa nou aprann nan konvèsasyon sa a?

Vèv la te rann li kont Eliya se yon Izrayelit ki gen lakrentif pou Bondye. Sa parèt klè nan pawòl sa yo li te di: “Mwen pran Senyè a, Bondye ou la ki vivan an, pou temwen.” Sanble, byenke vèv la te gen yon ti konesans sou Bondye Izrayèl la, konesans sa a pa t sifi pou l te pale de Jewova kòm Bondye l. Li t ap viv Safat, yon vil nan tèritwa Fenisi ki nan peyi Sidon oswa yon vil ki te depann de vil nan tèritwa Fenisi ki nan peyi Sidon an. Sanble te gen anpil adoratè Baal ki t ap viv Safat. Sepandan, Jewova te wè yon bagay espesyal lakay vèv sa a.

Byenke vèv Safat la t ap viv nan mitan yon bann moun ki t ap adore zidòl, li te montre l gen lafwa. Jewova te voye pwofèt Eliya al kot vèv la yon fason pou Jewova te ka ede ni vèv la ni pwofèt la. Nou ka aprann yon leson enpòtan nan sa.

Se pa tout sèvitè Baal ki t ap viv nan vil Safat yo ki te fin kòwonpi nèt. Lefètke Jewova te voye Eliya al kot vèv la, sa montre Jewova wè moun ki gen bon kè ki poko ap sèvi l yo. Bib la rezon di: “Nan tout nasyon, yon moun ki gen lakrentif pou li e k ap pratike sa ki jis, moun sa a fè l plezi.” — Tra. 10:35.

Konbyen moun nan tèritwa w la ki tankou vèv Safat la? Se vre moun sa yo gendwa ap viv nan mitan moun ki nan fo relijyon, men, yo gendwa vrèman anvi jwenn yon bagay ki pi bon. Petèt yo pa gen anpil konesans sou Jewova oswa yo pa konnen l menm. Konsa, yo bezwen nou ede yo vin nan vrè adorasyon an. Èske w chèche moun sa yo, èske w ede yo?

“FÈ YON TI PEN POU MWEN ANVAN”

Ann fè yon ti reflechi sou sa Eliya te mande vèv la pou l fè a. Vèv la te fèk fin di l apre l fin fè manje pou li menm ak pitit gason l lan, yo t ap manje epi yo t ap tann lanmò. Aktout sa, ki sa Eliya di l? Eliya di l: “Ou pa bezwen pè. Ou mèt antre al fè jan w di a. Sèlman, avèk sa k genyen an, fè yon ti gato won pou mwen anvan, epi w a pote l pou mwen. Ansuit, w ava fè yon ti kichòy pou ou menm ak pitit ou. Paske, men ki sa Jewova, Bondye Izrayèl la di: ‘Farin ki nan gwo po a li pap fini, e luil ki nan ti po a pap diminye, jiskaske Jewova fè yon gwo lapli tonbe sou tè a.’” — 1 Wa 17:11-14, NW.

Gen moun ki te ka di: ‘Ki sa? Pou m ba w dènye ti manje m rete a? Se jwe w ap jwe!’ Men, se pa t konsa vèv la te reyaji. Malgre l te gen yon konesans limite sou Jewova, li te gen konfyans nan Eliya e li te fè sa Eliya te mande l fè a. Ala yon gwo eprèv sa te ye pou lafwa vèv la! E se pa ti saj desizyon l te pran an te saj!

Lafwa vèv la te gen nan Jewova, Bondye Eliya a, te pèmèt li menm ak pitit gason l lan ret an vi.

Bondye pa t abandone vèv sa a ki te pòv. Jan Eliya te pwomèt sa, Jewova te fè ti sa vèv la te genyen an vin pi plis toujou yon fason pou ni Eliya ni vèv la ak pitit gason l lan te toujou jwenn manje jiskaske sechrès la fini. Vrèmanvre “te toujou gen farin frans nan ti bòl la ak lwil oliv nan ti boutèy la, jan Senyè a  te mete pawòl la nan bouch pwofèt [Eliya]”. (1 Wa 17:16; 18:1.) Si vèv la pa t koute Eliya, petèt ti pen li te fè ak ti rès farin ak luil li te rete a t ap dènye ti pwovizyon l. Olye de sa, li te aji avèk lafwa, li te met konfyans li nan Jewova, e li te bay Eliya manje anvan.

Yon leson nou ka aprann nan sa sèke Bondye beni moun ki met lafwa nan li. Lè w ap fè fas ak eprèv, epi w demontre w gen lafwa, Jewova ap ede w. L ap pran swen w, l ap pwoteje w, epi l ap tounen yon Zanmi pou ou yon fason pou l ka ede w fè fas ak eprèv la. — Egz. 3:13-15.

Nan ane 1898, men ki leson Le Phare de la Tour de Sion te anseye sou istwa vèv sa a: “Se sèlman si vèv la te gen ase lafwa pou l obeyi, Seyè a t ap jije l diy pou l ede l pa mwayen pwofèt la. Si l pa t demontre lafwa, petèt yo t ap jwenn yon lòt vèv pou sa. Menm jan an tou, nan divès etap nan lavi nou Seyè a mennen nou kote pou l pase lafwa nou anba eprèv. Si nou demontre nou gen lafwa n ap jwenn benediksyon, men si nou pa gen lafwa, nou pap jwenn benediksyon.”

Lè n ap fè fas ak yon eprèv byen presi, nou bezwen chèche direksyon Bondye nan Ekriti yo ak nan piblikasyon yo ki baze sou Bib la. Apre sa, nou dwe aji ann amoni ak direksyon Jewova bay menmsi sa gendwa parèt difisil anpil pou n aksepte l. Vrèmanvre, n ap jwenn benediksyon si nou aji ann amoni ak pwovèb ki vin annapre a ki di: “Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa konte sou entèlijans ou. Sonje l nan tout sa w ap fè, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat.” — Pwo. 3:5, 6, NW.

‘OU VIN LAKAY MWEN POU W TOUYE PITIT GASON M NAN?’

Lafwa vèv la t apral sibi yon lòt eprèv. Men sa Bib la di: “Kèk tan apre sa, pitit gason metrès kay la tonbe malad. Maladi a vini pi mal sou li jouk li mouri.” Lè sa a, manman sa a ki te nan gwo lapenn e ki t ap chèche konprann rezon ki fè kalamite sa a te tonbe sou li, te di Eliya: “Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m yo, pou fè pitit gason m lan mouri.” (1 Wa 17:17, 18). Ki sa pawòl sa yo te vle di?

Èske dam nan te sonje yon peche l te fè ki te twouble konsyans li? Èske l te panse Bondye te touye pitit li a yon fason pou l te ka pini l, epi Eliya se te mesaje Bondye ki pot lanmò a? Bib la pa di anyen sou sa, men, yon bagay nou ka sèten sèke: Vèv la pa t janm akize Bondye kòmkwa Bondye te enjis.

Eliya dwe te sezi anpil lè vèv la te fè l konnen ti gason an te mouri, epi l dwe te sezi tou lè vèv la te panse se li menm ki lakòz li nan tristès sa a k ap rache kè l la. Apre Eliya fin pot kadav tigason an nan chanm nan ki te aletaj la, li rele byen fò nan pye Jewova konsa: “Senyè, Bondye mwen, poukisa pou ou fè vèv sa a tout lapenn sa a? Li resevwa m lakay li, men [ou] pran pitit li.” Pwofèt la pa t dakò pou opwòb tonbe sou non Jewova lefètke soufrans dam sa a, ki te akeyi l avèk jantiyès lakay li a, te vin pi plis pase soufrans li t ap andire deja yo. Se sa k fè, Eliya te sipliye Jewova, li di l: “Senyè, Bondye mwen, tanpri, bay pitit la lavi ankò.” — 1 Wa 17:20, 21.

‘GADE! TI GASON W LAN VIVAN!’

Jewova te koute priyè Eliya te fè a. Vèv la te bay pwofèt la manje, epi l te montre l gen lafwa. Sanble Bondye te kite maladi a touye pitit la, paske l te konnen li t apral resisite l, e konsa, sa t ap tou sèvi kòm yon esperans pou lavni. Rezirèksyon sa a, se premye rezirèksyon yo rapòte nan Bib la. Lefètke Eliya te sipliye Jewova, Jewova te fè timoun nan viv ankò. Imajine jan vèv la te kontan anpil lè Eliya te di l: ‘Gade! Ti gason w lan vivan!’ Se sa k fè, vèv la te di Eliya: “Kounyeya mwen wè se yon sèvitè Bondye ou ye vre. Pawòl nan bouch ou se pawòl Bondye vre.” — 1 Wa 17:22-24.

Istwa sa a nou jwenn nan 1 Wa chapit 17 la pa di plis bagay konsènan dam sa a. Sepandan, lefètke Jezi te pale de li, sa montre petèt vèv la te sèvi Jewova fidèlman pandan tout rès vi l (Lik 4:25, 26). Istwa vèv la montre Bondye beni moun ki fè byen anvè sèvitè l yo (Mat. 25:34-40). Li bay bonjan prèv ki montre Bondye pran swen moun ki fidèl l yo menm lè yo nan sitiyasyon ki difisil anpil (Mat. 6:25-34). Istwa sa a montre nou aklè tou anvi Jewova genyen ak kapasite li genyen pou l resisite moun ki mouri yo (Tra. 24:15). Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou nou sonje vèv Safat la.