Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

 BAGAY KI NAN ACHIV NOU

“Mwen te tankou yon tòti ki nan karapas li”

“Mwen te tankou yon tòti ki nan karapas li”

PANDAN yon gwo kanpay temwayaj ki te dire nèf jou, ant mwa out a mwa septanm 1929, yo te deplwaye plis pase 10 000 predikatè nan tout Etazini. Predikatè sa yo te kite 250 000 liv ak bwochi nan men moun yo. Te gen anviwon 1 000 kòlpòtè pami pwoklamatè Wayòm sa yo. Se pa ti anpil kantite kòlpòtè yo te vin anpil! Dapre sa Bilten an * fè konnen, li te “prèske enposib pou n kwè” kantite pyonye yo te vin twa fwa plis soti ane 1927 pou rive ane 1929.

Nan fen ane 1929, te vin gen yon gwo kriz nan domèn ekonomik. Jou ki te 29 oktòb 1929 la, yon jou yo rele Madi nwa, pri yo te tonbe plat atè nan Bous Nouyòk la e sa te kreye yon seri gwo vag panik ki te lage sistèm ekonomik monn nan nan yon gwo kriz. Plizyè milye bank te fè fayit, anpil fèm te sispann aktivite yo, gwo faktori yo te fèmen pòt yo, epi plizyè milyon moun te pèdi travay yo. Nan ane 1933, an mwayèn, yo te rive sezi 1 000 kay chak jou nan peyi Etazini.

Ki jan predikatè aplentan yo t ap rive fè aktivite yo pandan yon peryòd kriz konsa? Youn nan fason yo t ap rive fè sa se grasa kay ki gen wou anba yo a. Grasa machin sa a ki te yon kay anmenmtan, anpil pyonye te kapab kontinye nan ministè yo san yo prèske pa t fè okenn depans piske yo pa t oblije peye ni fèm ni taks pou kay sa yo *. Nan epòk kongrè yo, yon kay mobil te tankou yon chanm otèl ki gratis. Nan ane 1934, Bilten an te bay plizyè plan detaye sou fason pou yo fè ti kay ki konfòtab e ki gen kèk bagay pratik tankou yon sistèm dlo, yon recho pou kuit manje, yon kabann ki ka plwaye ak yon sistèm ki pèmèt kay la rete cho lè gen fredi.

Gen anpil predikatè ki te soti toupatou ki te sèvi ak entèlijans yo pou yo konstwi pwòp kay yo ki gen wou anba l. Men sa Victor Blackwell te fè konnen: “Noye pa t gen okenn eksperyans nan konstwi bato e mwen pa t gen ni eksperyans ni konesans nan konstwi kay ki gen wou anba l.” Men li te rive fè sa.

Nan peyi End, yon frè ki pral travèse yon rivyè ak yon machin ki te yon kay anmenmtan pandan sezon lapli.

Avery ak Lovenia Bristow te gen yon machin ki te yon kay anmenmtan. Men sa Avery te fè konnen: “Mwen te tankou yon tòti ki nan kaparas li. Kay mwen te toujou ansanm avè m.” Frè ak sè Bristow, yon koup marye, te sèvi antanke pyonye ansanm ak Harvey ak Anne Conrow. Koup Conrow te gen yon kay mobil tou e yo te kole yon papye espesyal sou mi yo. Chak fwa yo t ap deplase kay la, te konn gen plizyè moso papye ki tonbe. Men sa Avery te fè konnen: “Pa gen okenn moun ki te janm wè yon ti kay konsa anvan sa, e pa gen okenn moun ki janm wè youn ki sanble avè l tou apre sa.” Sepandan, Avery te fè konnen koup Conrow ansanm ak de pitit gason yo a se te “fanmi ki gen plis kè kontan yon moun te ka wè”. Men sa Harvey Conrow te ekri: “Nou pa t janm manke anyen, e nou te santi n an sekirite totalman nan sèvis Jewova a ak nan fason li te pran swen nou avèk lanmou.” Annapre, toule kat moun ki fè pati fanmi Conrow te asiste Lekòl Gileyad e yo te voye yo al sèvi kòm misyonè nan peyi Pewou.

Tout moun nan fanmi Battaino te sèvi antanke pyonye tou. Apre Giusto ak Vincenza te aprann yo t apral vin paran, yo te pran yon machin Ford ane 1929, modèl A yo te genyen, e yo te fè l tounen yon kay ki te  “sanble ak yon bèl otèl” lè n konpare l ak tant yo te konn viv ladan l yo. Yo te kontinye nan asiyasyon yo renmen an ansanm ak ti pitit fi yo a, e yo te preche Italyen k ap viv Ozetazini yo.

Gen anpil moun ki te tande bon nouvèl la, men, se yon lè konsa moun ki te pòv yo e ki pa t gen travay yo te konn bay kòb pou piblikasyon yo ki baze sou Bib la. Yo te konn ofri tout kalite byen yo te posede pou piblikasyon yo. Gen de pyonye ki te fè yon lis ki gen 64 bagay diferan moun ki enterese yo te ba yo. Lis sa a te “sanble ak yon envantè yo fè nan yon boutik ki nan zòn pwovens”.

Fred Anderson te rankontre yon kiltivatè ki te vle gen plizyè nan liv nou yo e kiltivatè a te ba l yon linèt manman l te genyen kòm ofrann. Nan yon lòt fèm, li te rankontre yon mesye ki te enterese nan piblikasyon nou yo, men, mesye a te di l: “Mwen pa gen linèt pou m li.” Sepandan, lè l te met linèt vwazen an, li te kapab li liv yo byen. Li te kontan bay yon kontribisyon pou liv yo ak linèt la.

Herbert Abbott te konn gen yon poulaye nan machin li. Apre li te fin aksepte twa oswa kat poul kòm kontribisyon, li te pote yo nan yon mache, li vann yo epi li fè gaz ak kòb la. Men sa l te ekri: “Èske sa te konn rive pafwa nou pa t gen menm yon santim? O, wi. Men, nou pa t konn kite sa fè n kanpe. Depi nou te gen gaz nan machin nan, nou te kontinye, nou te mete lafwa nou ak konfyans nou nan Jewova.”

Lefètke pèp Jewova a te gen konfyans nan li e yo te gen bonjan detèminasyon, sa te ede yo pandan ane sa yo ki te difisil. Pandan yon gwo lapli, Maxwell ak Emmy Lewis te chape kite ti kay yo a yon ti tan anvan yon pyebwa te tonbe sou kay la e l te koupe l an de. Men sa Maxwell te ekri: “Se pa obstak bagay sa yo ye, se jis kèk aksidan, e sa pa janm pase nan lespri n pou n di n ap abandone. Te gen anpil travay ki te dwe fèt, e nou te vle fè yo.” Maxwell ak Emmy pa t dekouraje e grasa èd zanmi yo ki renmen yo, yo te konstwi yon lòt kay ki gen wou anba l.

Nan epòk difisil n ap viv la, gen plizyè milyon Temwen Jewova ki zele ki demontre menm espri sakrifis ak moun sa yo. Kidonk, menm jan ak premye pyonye yo, nou detèmine pou n kontinye aktivite predikasyon an jiskaske Jewova di travay la fini.

^ § 3 Kounye a yo rele l Ministè Wayòm nan.

^ § 5 Nan epòk sa yo, pifò pyonye pa t ap travay. Yo te konn resevwa piblikasyon yo ki baze sou Bib la nan yon pri ki redui, annapre, yo te konn byen sèvi ak kontribisyon yo te resevwa nan men moun yo te kite liv yo pou depans pèsonèl yo.