TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Jen 2013

Toudegad sa a pral ede nou vin gen plis apresyasyon pou kalite Jewova genyen, petèt nou pa panse avèk yo souvan kontrèman ak kalite prensipal li yo.

BYOGRAFI

Lefètke m obeyi Jewova, mwen jwenn anpil benediksyon

Li byografi Elisa Piccioli. Li te toujou rete pozitif malgre l te jwenn anpil obstak, li te fè sakrifis e l te pèdi anpil bagay.

Ann apresye kalite Jewova yo pi plis toujou

Ki sa abòdab ak pa gen patipri vle di? Egzamine kòman egzanp Jewova Dye bay ap ede nou demontre kalite sa yo.

Ann apresye kalite Jewova yo: Li renmen bay e li rezonab

Jewova kite yon egzanp pafè antanke moun ki renmen bay e ki rezonab. Lè n etidye egzanp li, sa ap ede n demontre menm kalite sa yo.

Ann apresye kalite Jewova yo: Li fidèl e li konn padone

Fidelite ak padon se de bèl kalite ki montre lè yon moun se yon bon zanmi. Lè n imite egzanp Jewova, sa ap ede n vin gen kalite sa yo ki enpòtan.

Kesyon lektè yo poze

Kiyès “pitit vrè Dye” ak “espri ki te nan prizon” yo pale de yo nan Bib la te ye?

Kite disiplin Jewova bay modle nou

Jewova, “Potye nou an”, te konn modle moun ansanm ak kèk nasyon tou. Ki sa n ka aprann nan sa, e ki jan lè n kite l modle nou jodi a, sa ka pwofitab pou nou?

Ansyen, èske w ap ankouraje “moun ki bouke yo”?

Ki jan ansyen yo ka prepare vizit pastoral yo? Ansyen yo kapab ankouraje yon moun ki fatige oswa ki dekouraje lè yo “pataje yon benediksyon ki soti nan Bondye” avè l.

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè sa w sonje.