TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Me 2013

Toudegad sa a montre kòman nou kapab byen fè travay nou antanke moun k ap evanjelize e l pale konsènan kèk kalite ki kapab ede nou gen bonjan kominikasyon nan fanmi nou.

Byen fè travay ou antanke moun k ap evanjelize

Ki rezon ki fè l enpòtan pou moun tande bon nouvèl la jodi a? Ki fason nou ka byen fè travay nou antanke moun k ap evanjelize?

Èske n ‘zele pou n fè bèl travay’?

Atik sa a pale konsènan fason zèl nou nan travay predikasyon an ak bon konduit nou genyen atire moun vin jwenn Jewova.

Kesyon lektè yo poze

Nan tan lontan, nan anpil peyi, yo te konn pann kèk kriminèl sou yon poto oswa yon bwa ki kanpe byen dwat lè y ap egzekite yo. Ki sa n ka di konsènan nasyon Izrayèl tan lontan an?

Fè maryaj ou vin pi djanm grasa bonjan kominikasyon

Bonjan kominikasyon se yon eleman enpòtan pou gen kè kontan nan yon maryaj. Atik sa a pale konsènan kèk kalite k ap ede n gen bonjan kominikasyon nan maryaj nou.

Paran ak pitit: Pale youn ak lòt avèk lanmou

Ki kèk obstak ki anpeche moun gen bonjan kominikasyon? Ki jan nou ka venk yo?

BYOGRAFI

Rezon ki fè lavi n gen sans toutbon

Patricia gen de timoun ki fè yon maladi jenetik ki ra. Chèche konn fason lavi yo vin gen sans malgre tout pwoblèm yo genyen.

Pwoteje eritaj ou a lè w pran desizyon ki saj

Ki eritaj espirityèl k ap tann kretyen yo, e ki sa n ka aprann nan egzanp Ezayi?

BAGAY KI NAN ACHIV NOU

Yo te kenbe fèm nan yon “moman eprèv”

Li fason Premye Gè mondyal ki te eklate nan ane 1914 la te vin atire atansyon monn nan sou pozisyon net Etidyan Labib yo genyen an.