Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byen pwofite lekti Labib ou

Byen pwofite lekti Labib ou

“Mwen vrèman jwenn plezi nan lwa Bondye a.” — WOM. 7:22.

1-3. Ki byenfè w ap jwenn lè w li Bib la epi w aplike ansèyman l yo?

GEN yon sè aje ki te di: “Chak maten, mwen di Jewova mèsi dèske l ede m konprann Bib la.” Sè sa a te gentan li tout Bib la nèt pandan 40 fwa, e li fèk kare li l. Gen yon sè ki pi jèn ki te fè konnen lekti li fè nan Bib la te ede l wè Jewova kòm yon moun reyèl. Kòm rezilta, li te vin pi pwòch ak Papa l ki nan syèl la. Men sa l di: “Mwen pa t janm kontan konsa nan vi m!”

2 Apot Pyè te ankouraje tout moun pou yo “gen yon gwo anvi pou lèt san melanj ki nan pawòl la”. (1 Pyè 2:2.) Moun ki satisfè gwo anvi sa a grasa etid yo fè nan Bib la ak lè yo aplike ansèyman biblik yo, vin gen yon konsyans ki klè e yo vin gen yon objektif nan lavi yo. Yo vin gen yon amitye solid ak lòt moun ki renmen vrè Dye a e k ap sèvi l menm jan ak yo. Tout bagay sa yo ede n wè rezon ki fè n dwe “jwenn plezi nan lwa Bondye a”. (Wom. 7:22.) Men, n ap jwenn plis byenfè toujou. Ki byenfè konsa?

3 Plis w ap aprann konnen Jewova ak Pitit li a, se plis w ap renmen yo e se plis w ap renmen lòt moun tou. Lè w gen yon konesans egzak sou Ekriti yo, sa ap ede w wè kòman, talè konsa, Bondye pral sove moun ki obeyisan yo nan sistèm sa a k ap depafini. Ou gen yon mesaj pozitif konsènan bon nouvèl la pou w pataje ak moun yo grasa travay predikasyon an. Jewova ap beni w toutpandan w ap anseye lòt moun bagay ou te aprann nan lekti w fè nan Bib la.

LI EPI MEDITE

4. Ki sa li Labib “tou ba” vle di?

4 Jewova pa vle pou sèvitè l yo ap kouri ak lekti y ap fè nan Bib la. Men sa l te di Jozye, yon moun ki t ap viv nan tan lontan: “Pawòl ki nan liv lalwa sa a dwe toujou nan bouch ou, e ou dwe li ladan l tou ba lajounen kou lannuit.” (Joz. 1:8, NW; Sòm 1:2). Èske lòd sa a vle di pou w li tout mo w jwenn nan Bib la tou ba, depi Jenèz pou rive Revelasyon? Non. Li vle montre ou  ta dwe li yon fason k ap pèmèt ou jwenn tan pou w medite. Lè w li Bib la “tou ba”, sa ap ede w konsantre w sitou sou pati k ap itil ou e k ap ankouraje w pandan moman an. Lè w jwenn deklarasyon, vèsè oswa istwa sa yo, pran tan w pou w li yo, petèt lè w fòme mo yo ak lang ou e ak bouch ou. Yon pwen ki vrèman fò nan Ekriti yo kapab touche w pèsonèlman. Poukisa sa enpòtan? Se paske lè w byen konprann sans Pawòl Bondye a, w ap gen bonjan motivasyon pou w aplike sa w aprann yo.

5-7. Bay kèk egzanp ki montre kòman yon lekti Labib tou ba ka ede w: a) rete pwòp nan domèn moral; b) trete lòt moun ak pasyans ak jantiyès; c) gen konfyans nan Jewova menm lè n nan moman difisil.

5 Lè w li tou ba, sa ap ede w lè w ap analize liv nan Bib la ou pa fin byen konprann yo. Ann pran twa egzanp pou n montre sa. Pou kòmanse, ann imajine yon jèn frè ki rive nan pwofesi Ocheya nan pwogram lekti Labib li. Lè l rive nan chapit 4 la, li pran yon ti poz apre l fin li vèsè 11 a 13 la tou ba. (Li Ocheya 4:11-13.) Pou ki rezon? Se paske vèsè sa yo atire atansyon l etandone l ap goumen pou l reziste anba presyon y ap fè sou li nan lekòl li pou l fè bagay ki imoral. Li reflechi sou vèsè yo epi l di tèt li: ‘Jewova wè tout move bagay moun ap fè menm an kachèt. Mwen pa vle ofanse l.’ Frè a pran detèminasyon pou l kontinye rete pwòp devan Bondye nan domèn moral.

6 Nan yon lòt egzanp, yon sè ap li pwofesi Yowèl la epi l rive nan chapit 2 vèsè 13. (Li Yowèl 2:13.) Toutpandan l ap li vèsè sa a tou ba, li reflechi pou l wè kòman li ta dwe imite Jewova, yon Bondye ki ‘gen bon kè anpil, ki gen pitye pou moun, ki pa fache fasil e ki pap janm sispann renmen moun’. Li pran desizyon pou l eseye sispann pase moun nan rizib epi pou l pa di gwo mo li konn di pafwa lè l ap pale ak mari l epi lòt moun.

7 Twazyèmman, imajine yon papa ki pèdi travay li e k ap enkyete l pou byennèt madanm li ak pitit li. Nan Nawoum 1:7 (NW) li li tou ba, Jewova “konnen moun k ap chèche refij nan li yo” e l pwoteje yo menm jan ak “yon fòtrès nan jou detrès”. Pawòl sa yo konsole l. Li santi Jewova pran swen l avèk amou, e li sispann enkyete l depase limit. Apre sa, li li vèsè 15 la tou ba. (Li Nawoum 1:15.) Frè a rann li kont, lè l preche bon nouvèl la nan moman difisil, li montre li konsidere Jewova tankou yon fòtrès pou li toutbonvre. Toutpandan frè a kontinye ap chèche travay, li fè efò kounye a tou pou l soutni aktivite predikasyon ki fèt nan tèritwa a nan mitan semèn nan.

8. Fè yon ti pale tou kout konsènan yon verite espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib ou.

8 Byenfè nou sot pale de yo la a soti nan kèk liv nan Bib la kèk moun kapab konsidere ki difisil pou konprann. Men, si w gen objektif pou w aprann toutpandan w ap egzamine liv Ocheya, Yowèl ak Nawoum nan, w ap anvi li lòt vèsè nan liv sa yo tou ba. Imajine jan w ka jwenn anpil sajès ak rekonfò lè w li pawòl pwofèt sa yo te ekri yo! Ki sa n ka di konsènan rès Bib la? Pawòl Bondye a tankou yon min ki chaje dyaman. Travay min sa a byen! Wi, se pou w li tout Bib la nèt avèk objektif pou w jwenn konsèy ak asirans Bondye bay ladan l yo.

FÈ GWO EFÒ POU W KONPRANN

9. Ki jan nou ka chèche pi byen konprann volonte Bondye?

9 Se vre li enpòtan pou w li yon pòsyon nan Bib la chak jou, men, ou bezwen chèche byen konprann sa w ap li a tou. Kidonk, byen sèvi ak piblikasyon òganizasyon Jewova a pou w chèche konn plis detay konsènan moun yo pale de yo nan lekti a, zòn yo ak evènman yo. Oswa, si w pa fin konprann fason w ka aplike yon  ansèyman biblik nan lavi w, ou ka mande yon ansyen nan kongregasyon an oswa yon lòt kretyen ki gen matirite pou ede w. Pou n montre jan li enpòtan pou n chèche byen konprann sa n li yo, ann pran egzanp yon kretyen ki t ap viv nan premye syèk la ki te fè gwo efò pou sa. Non l se te Apolòs.

10, 11. a) Ki fason Apolòs te jwenn èd pou l amelyore ansèyman l antanke minis bon nouvèl la? b) Ki sa n ka aprann nan istwa Apolòs la? (Gade kare ki gen tit: “Èske sa w ap anseye yo ajou?”)

10 Apolòs te yon kretyen juif ki te “konn Ekriti yo byen”, e “lespri a te fè l zele”. Men sa liv Travay la di konsènan Apolòs: “Li t ap pale e li t ap anseye bagay ki gen rapò ak Jezi yo kòrèkteman, men se sèlman batèm Jan an li te konnen.” San Apolòs pa t rann li kont, li t ap anseye yon bagay konsènan batèm ki pase mòd. Prisil ak Akila, yon koup kretyen, te esplike l “chemen Bondye a pi byen toujou” aprè yo te fin tande l k ap anseye nan vil Efèz (Tra. 18:24-26). Ki byenfè sa te fè Apolòs jwenn?

11 Apre Apolòs te fin preche nan vil Efèz, li t al Akayi. Bib la fè konnen: “Lè l rive la, se pa ti ede li te ede moun ki te vin kwè grasa favè san parèy Bondye te fè yo a. Paske, avèk fòs, li te pwouve Juif yo te nan erè. Li te fè sa yon fason total devan tout moun, e li te sèvi ak Ekriti yo pou l montre yo Jezi se Kris la.” (Tra. 18:27, 28). Nan moman sa a, Apolòs te kapab esplike ki sa batèm kretyen an ye kòrèkteman. Etandone l te vin pi byen konprann ansèyman sa a, “se pa ti ede li te ede” moun ki te fèk vin nan vrè adorasyon an pou yo pwogrese. Ki sa n ka aprann nan istwa sa a? Menm jan ak Apolòs, nou fè gwo efò pou nou konprann sa n li nan Bib la. Sepandan, lè kwayan parèy nou ki gen plis eksperyans ban n kèk sijesyon sou fason pou n vin pi efikas nan ansèyman nou, nou dwe  aksepte èd sa a avèk imilite e ak rekonesans. Si nou fè sa, n ap amelyore kalite sèvis n ap bay Jewova a.

SÈVI AK SA W APRANN YO POU W EDE LÒT MOUN

12, 13. Bay kèk egzanp ki montre kòman lè n sèvi ak Ekriti yo avèk tak, sa ka ede etidyan Labib yo pwogrese.

12 Menm jan ak Prisil, Akila ak Apolòs, nou kapab fè lòt moun jwenn byenfè tou. Ki jan w santi w lè w wè ankourajman w te bay yon moun ki enterese nan laverite te ede l fè fas ak yon obstak ki te anpeche l fè pwogrè nan domèn espirityèl? Oswa, antanke ansyen, ki jan w santi w lè yon adoratè parèy ou vin remèsye w pou yon konsèy biblik ou te ba li ki te ede l pandan l t ap travèse yon moman difisil? Pa gen dout nan sa, lè n sèvi ak Pawòl Bondye a pou n ede lòt moun amelyore lavi yo, sa fè n jwenn satisfaksyon ak lajwa *. Ann wè kòman nou kapab atenn objektif sa a.

13 Gen anpil Izrayelit ki t ap viv nan epòk Eliya a ki te gen de lide konsènan vrè adorasyon an ak fo adorasyon an. Konsèy Eliya te bay Izrayelit yo kapab ede yon etidyan Labib ki sispann pwogrese nan domèn espirityèl paske l pa fin konn ki desizyon pou l pran. (Li 1 Wa 18:21.) Ann konsidere yon lòt egzanp. Si yon moun ki enterese nan laverite pè reyaksyon zanmi l oswa fanmi l, ou gendwa fè l jwenn kouraj pou l pran detèminasyon pou l adore Jewova lè w rezone avè l sou Izayi 51:12, 13. — Li vèsè yo.

14. Ki sa k ap ede w sonje kèk vèsè nan Bib la lè w bezwen yo pou w ede lòt moun?

14 Vrèmanvre, Bib la gen anpil pawòl ki kapab ankouraje, korije oswa fòtifye moun k ap li l yo. Sepandan, ou kapab mande tèt ou: ‘Ki jan m ka rive gen vèsè yo tou pare nan tèt mwen lè m bezwen yo?’ Li Bib la epi medite sou panse Bondye yo chak jou. Si w fè sa, w ap ranpli lespri w ak panse ki soti nan Pawòl Bondye a e lespri sen Jewova ka ede w sonje yo lè w bezwen. — Mak 13:11; li Jan 14:26 *.

15. Ki sa k ap ede w konprann Pawòl Bondye a pi byen?

15 Menm jan ak wa Salomon, priye Jewova pou l ba w sajès pou w ka akonpli responsablite w genyen nan kongregasyon an (2 Kwo. 1:7-10). Menm jan pwofèt ki t ap viv nan tan lontan yo “te fouye anpil e yo te fè bonjan rechèch” nan Pawòl Bondye a, ou menm tou, ou dwe fouye pou w ka jwenn konesans egzak sou Jewova ansanm ak volonte l (1 Pyè 1:10-12). Apot Pòl te ankouraje Timote pou l nouri l “ak pawòl ki fòtifye lafwa e ki fè pati bèl ansèyman” an (1 Tim. 4:6). Lè w fè sa, w ap vin nan yon pi bon pozisyon pou w ede lòt moun nan domèn espirityèl. Anmenmtan tou, w ap fè lafwa w vin pi djanm.

W AP JWENN BONJAN PWOTEKSYON GRASA PAWÒL BONDYE A

16. a) Ki jan sa te pwofitab pou Bereyen yo lefètke yo te “byen egzamine Ekriti yo chak jou”? b) Jodi a, poukisa li enpòtan anpil pou n li Bib la chak jou?

16 Juif ki t ap viv nan vil masedónyen ki te rele Bere a te gen abitid pou yo “byen egzamine Ekriti yo chak jou”. Lè Pòl te fin preche Juif sa yo bon nouvèl la, yo te konpare pawòl Pòl te di yo ak sa yo te konnen sou Ekriti yo. Ki rezilta sa te bay? Anpil nan yo te gen konviksyon sa Pòl t ap anseye yo se laverite e yo te “vin kwè”. (Tra. 17:10-12.) Istwa sa a montre lè yon moun li Bib la chak jou sa pèmèt li gen yon lafwa ki solid nan  Jewova. Lafwa sa a, ki se “tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”, enpòtan anpil si nou vle chape pou n antre nan monn nouvo Bondye a. — Ebre 11:1.

17, 18. a) Ki fason lanmou ak yon lafwa ki solid pwoteje kè senbolik yon kretyen? b) Ki fason esperans pwoteje nou kont danje?

17 Pòl te gen bonjan rezon pou l di: “Kanta pou nou ki moun lajounen, annou rete nan bonsans nou, e annou mete lafwa ak lanmou sou nou kòm pwotèj pwatrin, e kòm kas, annou mete esperans delivrans lan.” (1 Tes. 5:8). Yon sòlda bezwen pwoteje kè l kont ènmi l yo. Menm jan an tou, yon kretyen bezwen pwoteje kè senbolik li a kont pouvwa peche genyen. Ki sa k pase lè yon sèvitè Jewova montre l gen yon lafwa ki solid nan pwomès Jewova yo, li demontre lanmou pou Jewova ansanm ak pwochen l? Yon sèvitè konsa gen pi bon kalite pwotèj pwatrin espirityèl la sou li. Petèt, li pa t ap fè anyen ki pou fè l pèdi favè Bondye.

18 Pòl te pale konsènan yon kas tou ki se “esperans delivrans lan”. Nan epòk biblik yo, li t ap fasil pou yon sòlda pèdi lavi l nan yon batay si l pa t pwoteje tèt li. Men, si l te gen yon bon kas, li te ka chape byenke l te ka pran kou nan tèt, e l pa t ap blese anpil. Lè n etidye Pawòl Jewova a, n ap vin gen bonjan espwa nan aksyon Jewova fè pou l sove nou yo. Yon bonjan esperans ap pèmèt nou reziste kont aposta yo ansanm ak vye “pawòl san valè” y ap simaye yo (2 Tim. 2:16-19). Esperans nou an ap fè nou jwenn kouraj tou pou n di non devan tout moun ki vle nou gen konduit Jewova kondane.

YON MWAYEN ENPÒTAN POU W CHAPE

19, 20. Poukisa nou bay Pawòl Bondye a anpil valè, e ki fason n ap montre jan nou apresye l? (Gade kare ki gen tit: “Jewova ban m egzakteman sa m bezwen”.)

19 Plis n ap antre pi fon nan tan lafen an, se plis n ap bezwen gen konfyans nan Pawòl Jewova a. Konsèy nou jwenn ladan l yo ede nou pou nou korije move abitid nou genyen yo e pou nou kontwole tandans nou genyen pou n fè peche. Ankourajman ak rekonfò nou jwenn ladan l yo ap ede n pase eprèv Satan ak monn li an mete devan nou yo. Grasa direksyon Jewova bay pa mwayen Pawòl li a, n ap rete sou wout lavi a.

20 Pa bliye, Bondye vle pou “tout kalite moun sove”. Sèvitè Jewova yo fè pati “tout kalite moun” sa yo. Gen moun nou gendwa ede pa mwayen travay predikasyon ak ansèyman nou an. Men, tout moun ki vle sove yo dwe gen “yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Donk, gen yon rapò sere ant li Bib la epi aplike enstriksyon ki ladan l yo ak chape nan dènye jou yo. Vrèmanvre, lè nou li Bib la chak jou, nou montre jis nan ki pwen nou apresye verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Jewova a. — Jan 17:17.

^ § 12 Nòmalman, nou pap sèvi ak konsèy ki nan Bib la pou nou fè presyon sou lòt moun oswa pou nou kondane yo. Nou dwe montre pasyans ak jantiyès anvè yon etidyan Labib menm jan Jewova aji avè n. — Sòm 103:8.

^ § 14 Ki sa w ka fè si w sonje kèk mo kle nan yon vèsè men w pa sonje liv la, chapit la ak vèsè a? Petèt w ap kapab jwenn vèsè a lè w chèche mo yo nan endèks ki nan do Bib la, nan Watchtower Library oswa nan konkòdans ki nan Tradiksyon monn nouvo a.