Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Gad Anperè a jwenn yon temwayaj

Gad Anperè a jwenn yon temwayaj

Nan ane 59 epòk nou an, anba direksyon kèk sòlda ki te fatige anpil aprè yo te fin fè yon vwayaj, gen plizyè prizonye ki te pase nan yon pòtay yo te rele Porta Capena pou yo antre nan vil Wòm. Palè Anperè Newon an te twouve l sou tèt mòn Palaten e te gen anpil sòlda ki fè pati Gad Anperè a ki t ap siveye palè a. Sòlda sa yo te gen epe yo kache anba rad militè yo *. Ofisye lame a, ki te rele Jiliyis, te fè prizonye l yo pase devan fowòm women an jiskaske yo rive sou mòn Viminal. Yo te pase bò yon jaden ki te gen anpil otèl yo te fè pou Dye Women yo ansanm ak yon teren kote sòlda women yo te konn fè parad militè.

Yon imaj sòlda Gad Anperè a, yo panse ki se Lach Klod la, ki te bati nan ane 51 epòk nou an.

Apot Pòl te fè pati prizonye yo. Kèk mwa anvan sa, pandan l te sou yon bato van lanmè t ap mal mennen, gen yon zanj Bondye ki te di l: “Ou gen pou w kanpe devan Seza.” (Tra. 27:24). Èske Pòl t apral fè eksperyans sa a vre? Pa gen dout nan sa, toutpandan Pòl t ap vire tèt li pou l gade kapital Anpi women an, pawòl Seyè Jezi te di l pandan l te bò Fò Antónya a te vin nan lespri l. Jezi te di l: “Ankouraje! Paske, menm jan w bay yon temwayaj konplè sou mwen nan Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou w bay temwayaj nan Wòm.” — Tra. 23:10, 11.

Petèt Pòl te pran yon ti tan pou l gade Kazèn Gad Anperè a. Se te yon gwo fòtrès ki te gen yon mi ki fèt ak yon seri gwo brik wouj e anlè l te gen yon seri ti kay pou sòlda fè pòs. Se Gad ki te nan fòtrès sa a ki t ap pwoteje anperè a e ki t ap sèvi antanke fòs polis nan  vil la. Etandone te gen 12 gwoup * sòlda ki fè pati Gad Anperè a ansanm ak plizyè lòt gwoup sòlda nan fòtrès la, fòtrès la te ka gen plizyè milye sòlda, san konte kavalye ladan l. Kazèn Gad Anperè a fè nou sonje ki kote pouvwa Anpi sa a te soti. Piske se Gad Anperè a ki te responsab prizonye ki te soti nan vil pwovens yo, Jiliyis te fè prizonye l yo pase nan youn nan kat baryè prensipal vil la. Finalman, apre yo te fin fè yon vwayaj difisil ki te dire plizyè mwa, Jiliyis te mennen prizonye l yo kote li t ap mennen yo a. — Tra. 27:1-3, 43, 44.

APOT PÒL TE PRECHE “SAN L PA RANKONTRE PWOBLÈM”

Pandan vwayaj la, pa mwayen kèk vizyon, Bondye te fè Pòl konnen tout moun ki te sou bato l te ye a t ap chape vivan nan yon nofraj. Te gen yon sèpan ki te mòde Pòl, men, pwazon sèpan an pa t fè l anyen. Li te geri kèk moun malad sou zile Malt kote moun yo te kòmanse di li se yon dye. Petèt, enfòmasyon sou evènman sa yo te sikile pami sòlda nan Gad Anperè a ki te kwè nan sipèstisyon.

Pòl te gentan wè frè nan vil Wòm yo piske yo te ‘vin rankontre l jis nan mache Apiyis ak nan Twa Obèj’. (Tra. 28:15.) Sepandan, antanke prizonye, kòman l t apral fè atenn objektif li te genyen pou l preche bon nouvèl la nan vil Wòm (Wom. 1:14, 15)? Gen kèk moun ki panse se kapitèn Gad Anperè a yo te konn remèt prizonye yo. Si sa yo panse a se vre, san dout yo te livre Pòl bay Afranius Burrus, prefè Gad Anperè a ki petèt te dezyèm moun ki gen plis pouvwa apre anperè a *. Antouka, kounye a se yon sèl sòlda ki fè pati Gad Anperè a ki t ap siveye Pòl olye pou se yon gwoup ki gen 100 sòlda. Pòl te jwenn pèmisyon pou l fè aranjman pou l jwenn pwòp lojman l, pou l resevwa moun ki te vin vizite l yo epi preche yo “san l pa rankontre pwoblèm”. — Tra. 28:16, 30, 31.

PÒL TE PRECHE NI PITI NI GRAN

Mi kazèn Gad Anperè a jan li ye jodi a.

Piske Burrus te konn sèvi kòm jij tou, petèt li te poze Pòl kèk kesyon, swa nan palè a oswa nan kan Gad Anperè a, anvan l te pote ka a devan Newon. Pòl pa t rate bèl opòtinite sa a pou l te ‘bay temwayaj devan ni piti ni gran’. (Tra. 26:19-23.) Kèlkeswa fason Burrus te petèt evalye ka Pòl la, Pòl pa t rete nan prizon Gad Anperè a *.

 Kay Pòl te lwe a te gen ase espas pou l te resevwa “mesye ki enpòtan pami Juif yo” e pou l te preche yo ansanm ak ‘anpil lòt moun ki te vin jwenn li kote l te rete a’. Gen kèk sòlda pami sòlda Gad Anperè a ki te konn koute l avèk anpil atansyon lè l t ap bay Juif yo “yon temwayaj konplè” konsènan Jezi ak Wayòm nan “soti nan maten rive jis aswè”. — Tra. 28:17, 23.

Pandan Pòl nan prizon, sòlda yo te konn tande l ap dikte lèt.

Chak jou, nan uityèm èdtan nan jounen an, yo te konn chanje gwoup sòlda ki t ap sèvi nan palè a. Yo te konn chanje sòlda ki t ap siveye Pòl la chak jou tou. Pandan dezan Pòl te fè kote yo t ap siveye l la, gen plizyè sòlda ki te konn tande l ap dikte lèt voye bay kretyen Efèz yo, Filipyen yo, Kolosyen yo ak Ebre yo epi yo te wè l ap ekri yon lèt ak pwòp men l voye bay yon kretyen ki rele Filemon. Toutpandan Pòl te nan prizon an, li te montre bonjan atansyon pou yon esklav ki rele Onezim ki te sove kite mèt li. ‘Pandan Pòl te nan chenn li yo’, li te vin yon papa pou Onezim, epi li te fè l retounen lakay mèt li (Flm. 10). San dout, Pòl te montre yon enterè pèsonèl pou sòlda ki t ap siveye l yo (1 Kor. 9:22). Nou kapab sèlman imajine Pòl k ap poze yon sòlda kesyon konsènan wòl plizyè bagay ki fè pati ekipman sòlda yo epi apre sa, li sèvi ak enfòmasyon sa a nan yon bèl egzanp. — Efe. 6:13-17.

 “YO PALE PAWÒL BONDYE A SAN YO PA PÈ”

Lefètke Pòl te nan prizon, sa te kontribye pou “travay predikasyon bon nouvèl la mache” nan mitan tout sòlda Gad Anperè a ansanm ak lòt moun (Fil. 1:12, 13). Moun ki te nan kazèn Gad Anperè a te gen kontak nonsèlman ak moun ki nan Anpi Women an, men tou, ak anperè a ansanm ak moun ki te nan gwo kay li te rete a. Nan kay sa a te gen plizyè manm fanmi, sèvant ak esklav, e gen kèk nan yo ki te vin kretyen (Fil. 4:22). Grasa gwo temwayaj Pòl te bay la, frè nan vil Wòm yo te jwenn kouraj pou “yo pale pawòl Bondye a san yo pa pè”. — Fil. 1:14.

Nan kèlkeswa sitiyasyon nou twouve nou an, nou kapab jwenn moun ki koute nou pami moun ki vin rann nou sèvis.

Temwayaj Pòl te bay nan vil Wòm nan se yon sous ankourajman pou nou menm tou, piske n ap ‘preche pawòl la ni nan tan favorab, ni nan tan difisil’. (2 Tim. 4:2.) Gen kèk nan nou ki oblije ret lakay yo, ki nan mezon retrèt oswa lopital, oubyen ki menm nan prizon akoz lafwa yo. Nan kèlkeswa sitiyasyon nou twouve nou an, nou kapab preche moun ki vin vizite nou oswa ki vin rann nou sèvis. Lè nou pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou bay temwayaj avèk kouraj, nou rann nou kont toutbonvre ‘pawòl Bondye a pa ka nan chenn’. — 2 Tim. 2:8, 9.

^ § 2 Gade kare ki gen tit “Gad Anperè a nan epòk Newon an”.

^ § 4 Yon gwoup sòlda Women te gen plis pase 1 000 sòlda ladan l.

^ § 7 Gade kare ki gen tit “Sextus Afranius Burrus” la.

^ § 9 Ant ane 36/37 epòk nou an, Tibè Seza te fè met Ewòd Agripa nan prizon sa a paske Ewòd te eksprime anvi li genyen kòmkwa pou Caligula ta vin anperè byen vit. Apre Caligula te vin anperè, li te rekonpanse Ewòd lè l te fè l vin wa. — Tra. 12:1.