Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li dènye Toudegad ki te parèt yo? Gade pou w wè si w ka reponn kesyon sa yo:

Ki sa n ka fè pou n pa pale moun mal?

Nou dwe egzamine kè nou. Olye pou n ap kritike yon frè, li t ap pi bon pou nou egzamine rezon ki fè n ap pale l mal la. Èske se vle nou vle pase pou pi bon ki fè n ap pale l mal? Mete sou sa, lè n ap pale yon moun mal, sa ka fè yon sitiyasyon vin pi mal. — 15/8, paj 21.

Ki jan Lalwa te montre fason Bondye konsidere fi yo?

Medam ann Izrayèl yo te gen bonjan libète e yo te gen posiblite jwenn fòmasyon nan anpil domèn. Yo te dwe onore yo, respekte yo, epi pwoteje dwa yo. — 1/10, paj 5-7.

Piske jou Jewova a ap pwoche, ki evènman ki gen pou rive talè konsa?

Toudabò, yo pral di: “Lapè! Sekirite!” Apre sa, nasyon yo pral atake Gran Babilòn nan e y ap detwi l. Annapre, yo pral atake pèp Bondye a, gè Amagedòn nan pral fèt e yo pral lage Satan ak demon l yo nan twou san fon an. — 15/9, paj 4.

Lefètke nou pa konnen ki lè lafen an ap rive, ki byenfè nou jwenn?

Piske nou pa konnen ni jou ni lè lafen an ap rive, sa pèmèt nou montre sa ki nan kè nou toutbon. Sa ban nou posiblite pou n fè kè Bondye kontan. Sa pouse nou pou n sèvi Bondye e pou n ede lòt moun olye nou wè tèt nou sèlman. Mete sou sa, sa ede nou konte sou Bondye ak sou Pawòl li a pi plis toujou epi vin yon pi bon moun lè n jwenn eprèv. — 15/9, paj 24-25.

Ki jan nou ka sèvi ak Jenèz 3:19 pou n rezone ak yon moun ki kwè nan dife lanfè?

Vèsè sa a montre lè Adan te mouri, li pa t al boule nan yon dife lanfè, men, li te retounen nan pousyè. — 1/10-F, paj 13.

Kiyès “sèt zetwal” ki nan men dwat Jezi, yo pale de yo nan Revelasyon 1:16, 20 an, reprezante?

Yo reprezante ansyen Bondye chwazi pou al nan syèl pa mwayen lespri sen l yo. E nan yon sans, yo reprezante tout lòt ansyen yo. — 15/10, paj 14.

Ki sa yon fanmi kapab fè si l ta gen dèt?

De moun ki marye dwe pale byen klè sou dèt yo genyen, e yo dwe fè sa yon fason ki kalm. Yon bagay k ap ede yo, se lè yo byen reflechi sou kantite kòb yo antre ak kantite kòb yo depanse. Èske yo ka chèche antre plis kòb oswa depanse mwens pou fanmi an? Yo dwe deside ki dèt y ap peye an premye. Petèt, y ap bezwen negosye ak moun ki te prete yo kòb la sou fason y ap ka peye. Sepandan, yo dwe reyalis e yo pa dwe bay lajan twòp enpòtans (1 Tim. 6:8). — 1/11-F, paj 19-21.

Ki jan Jezi te montre l gen kalite imilite nou jwenn nan Izayi 50:4, 5 lan?

Vèsè sa yo montre moun ki gen “lang moun ki resevwa ansèyman [an] pa t vire nan sans kontrè”. Jezi te montre l gen imilite lè l te bay ansèyman Papa l te ba li yo anpil atansyon. Jezi te gen gwo anvi pou l aprann nan men Jewova, e l te pran san l pou l suiv fason Jewova demontre imilite nan fason l montre l gen mizèrikòd anvè lèzòm pechè. — 15/11, paj 11.

Nan peyi Estoni, ki jan yon tenm postal te bay temwayaj sou fidelite Temwen Jewova yo?

An 2007, sèvis lapòs nan peyi Estoni te fè yon tenm ki te atire atansyon sou jenosid rejim Stalin nan te fè nan peyi sa a. Yo te ekri nimewo 382 sou tenm nan. Nimewo sa a reprezante kantite Temwen yo te depòte ak tout pitit yo, an 1951, pou y al travay byen lwen nan kan nan peyi Larisi. — 1/12-F paj 27-28.