Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anvye moun ka anpwazonnen lespri w

Anvye moun ka anpwazonnen lespri w

Anvye moun ka anpwazonnen lespri w

Napoleyon Bonapat, Jil Seza ak Aleksann Legran te gen menm pwoblèm nan. Malgre tout pouvwa twa mesye sa yo te genyen, yo te anvye yon lòt moun, e sa se yon pwoblèm ki ka anpwazonnen lespri yon moun.

Men sa yon filozòf anglè ki rele Bertrand Russell te ekri: “Napoleyon te anvye Seza, Seza te anvye Aleksann [Legran], e mwen oze di sa, Aleksann li menm te anvye Èkil, yon moun ki pa t janm egziste.” Nenpòt moun kapab anvye lòt moun. Kit yon moun rich, kit li gen bèl kalite, kit li reyisi lavi l, sa kapab rive l.

Lè yon moun anvye yon moun, li pa renmen moun nan swa pou sa moun nan genyen, swa poutèt afè moun nan ap mache byen, swa poutèt moun nan jwenn kèk avantaj, elatriye. Men sa yon liv referans ki pale sou Bib la di ki montre diferans ki genyen ant anvye moun ak jalouzi: “‘Jalouzi’ [...] gen rapò ak anvi yon moun genyen pou l nan menm sitiyasyon ak yon lòt moun ki nan yon bon sitiyasyon, tandiske ‘anvye moun’ gen rapò ak anvi yon moun anvi pran sa yon lòt moun genyen.” Nonsèlman moun ki anvye lòt moun nan pa kontan poutèt sa lòt moun nan genyen an, l ap fè jalouzi, men tou, li ta renmen pran sa lòt moun nan genyen an.

Li bon pou nou chèche konnen ki sa ki ka fè nou anvye lòt moun e ki konsekans sa ka genyen. Men, sa ki pi enpòtan toujou pou nou konnen se ki sa nou kapab fè pou nou pa anvye lòt moun e pou nou pa kite pwoblèm sa a kontwole lavi nou.

YON MANTALITE KI KAPAB FÈ NOU ANVYE MOUN PLIS TOUJOU

Lèzòm ki enpafè gen tandans “anvi” gen sa lòt moun posede, e gen anpil bagay ki kapab ranfòse tandans sa a yo genyen an (Jak 4:5). Apot Pòl te idantifye youn nan bagay sa yo. Men sa li te ekri: “Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt.” ​(Gal. 5:26). Lè nou gen yon mantalite ki pouse nou fè konpetisyon ak lòt moun, sa kapab fè tandans nou genyen pou nou anvi sa lòt moun genyen an devlope plis lakay nou. Cristina ak José * se de kretyen ki remake sa nou sot di a se laverite.

Cristina se yon pyonye pèmanan. Men sa l di: “Mwen rann mwen kont souvan m ap gade moun dwòl paske mwen anvye yo pou sa yo genyen mwen ta renmen genyen.” Yon lè, Cristina t ap manje ak yon frè ansanm ak madanm li ki nan sèvis sikonskripsyon an. Kòm li te konnen li menm ak Eric, mari l, te gen apeprè menm laj ak siveyan sikonskripsyon an ak madanm li e yo te gen menm privilèj anvan, li di: “Mari m ansyen tou. Men kòman fè nou nan sèvis sikonskripsyon an e nou menm nou pa anyen?” Piske sè a te gen tandans anvye moun e mete sou sa li te gen espri konpetisyon, li te bliye tout bon travay li menm ak mari l t ap fè e li pa t satisfè ak lavi yo t ap mennen an.

José se yon frè ki te vle sèvi kòm asistan ministeryèl. Lè yo pa t nome l e yo te nome kèk lòt frè, li te anvye frè sa yo. Anplis, li te vin gen pwoblèm ak kowòdonatè gwoup ansyen an. Men sa José fè konnen: “Lefètke mwen te anvye lòt frè yo, mwen te vin rayi frè sa a [kowòdonatè a] e m te mal konprann li. Lè yon moun anvye moun e li kite move santiman sa a domine l, moun sa a wè tèt li sèlman e li pa kapab reflechi byen.”

SA KÈK MOUN NAN BIB LA APRANN NOU

Bib la pale de anpil moun ki te anvye lòt moun. Egzanp moun sa yo se yon avètisman pou nou (1 Kor. 10:11). Kèk nan egzanp sa yo montre nonsèlman sa ki ka fè yon moun anvye yon lòt moun, men tou, yo montre ki jan santiman sa a kapab anpwazonnen lespri moun ki kite l domine yo.

Kayen, premye pitit Adan ak Èv la, se youn nan moun sa yo. Li te fache anpil lè Jewova te aksepte sakrifis Abèl te bay la e Jewova pa t aksepte sakrifis pa l la. Kayen te kapab rezoud pwoblèm nan byen fasil. Sepandan, li te tèlman anvye Abèl, li pa t ka reflechi byen ankò e li te touye l (Jen. 4:4-8). Nou kapab konprann rezon ki fè Bib la di Kayen “te soti nan Mechan an”, Satan. — 1 Jan 3:12.

Dis frè Jozèf yo te anvye bon relasyon Jozèf te genyen ak papa yo, Jakòb. Yo te vin rayi Jozèf plis toujou lè li te rakonte yo rèv li te fè yo ki te yon pwofesi. Yo te menm anvi touye l. Finalman, frè Jozèf yo ki te mechan te vann Jozèf kòm esklav e yo te fè papa yo kwè li mouri (Jen. 37:4-11, 23-28, 31-33). Plizyè ane annapre, yo te rekonèt sa yo te fè a pa t bon paske youn te di lòt: “Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tou sa nou te fè l la. Nou te wè ki jan sa te fè l lapenn anpil, lè li t’ap mande nou fè l gras. Men, nou pa t vle koute l.” — Jen. 42:21; 50:15-19.

Kora, Datàn ak Abiram te vin anvye Moyiz ak Arawon lefètke yo t ap konpare privilèj de frè sa yo te genyen ak privilèj pa yo. Yo te akize Moyiz, yo te di li t ap “pran pòz chèf” li sou yo e sou lòt moun nan pèp la (Nonb 16:13). Sa yo te di a pa t vre (Nonb 11:14, 15). Se Jewova ki te bay Moyiz privilèj li te genyen an. Men, rebèl sa yo te anvye pozisyon Moyiz la. Finalman, anvye yo te anvye Moyiz la te lakòz Jewova touye yo. — Sòm 106:16, 17.

Wa Salomon te fè yon eksperyans ki montre jis ki kote yon moun ka ale lè l anvye yon lòt moun. Te gen yon dam ki te fè yon pitit e pitit la mouri. Dam sa a te eseye fè yon lòt dam konprann se pitit pa l la ki te mouri. Pandan yo te devan Salomon ki t ap jije ka a, dam ki te bay manti a te menm dakò pou yo touye tibebe a. Sepandan, Salomon te remèt bon manman an tibebe a. — 1 Wa 3:16-27.

Lè yon moun anvye lòt moun, sa ka gen move konsekans. Egzanp nou sot wè yo ki soti nan Bib la montre sa kapab fè yon moun rayi lòt moun, sa kapab fè yon moun fè enjistis epi touye lòt moun. Mete sou sa, nan chak egzanp sa yo, moun yo te anvye a pa t fè anyen pou l merite sa. Èske gen yon bagay nou kapab fè pou nou pa kite pwoblèm anvye moun nan domine nou? Ki sa ki kapab sèvi kòm medikaman pou pwoblèm anvye moun nan?

KÈK MEDIKAMAN KI BON ANPIL

Aprann renmen frè yo epi gen afeksyon pou yo. Men konsèy apot Pyè bay kretyen yo: “Piske kounye a nou pirifye nanm nou lefètke nou obeyi laverite, e sa fè nou gen yon afeksyon ki san ipokrizi pou frè yo, se pou nou youn renmen lòt anpil, ak tout kè nou.” ​(1 Pyè 1:22). Ki sa renmen, oswa lanmou, ye? Men sa apot Pòl te ekri: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun, li pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li, li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l.” ​(1 Kor. 13:4, 5). Si nou aprann renmen konsa, èske sa pap ede nou konbat tandans nou genyen pou nou anvi sa lòt moun genyen (1 Pyè 2:1)? Olye Yonatàn te anvye David, Labib di li te “vin renmen l tankou li renmen tèt pa li”. — 1 Sam. 18:1.

Frekante moun ki renmen Bondye. Moun ki te ekri Sòm 73 la te anvye moun ki te mechan ki pa t gen pwoblèm nan lavi yo e ki t ap viv nan liks. Sepandan, li te rive konbat santiman sa a paske l t al “lakay” Bondye (Sòm 73:3-5, 17). Lefètke salmis la te konn frekante moun k ap adore Jewova, sa te ede l wè li te jwenn anpil benediksyon paske l te “rete bò kote Bondye”, sa vle di li te gen bon relasyon avè l (Sòm 73:28). Si nou asiste reyinyon yo regilyèman pou nou kapab ansanm ak frè ak sè nou yo, sa kapab ede nou tou pou nou pa anvye lòt moun.

Chèche fè sa ki byen. Apre Bondye te wè jan Kayen te anvye Abèl e li te rayi l, li te di Kayen pou l chèche “fè sa ki byen”. (Jen. 4:7.) Ki sa sa mande pou yon kretyen “fè sa ki byen”? Men sa Jezi te di: ‘Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, e ak tout lespri nou e nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’ ​(Mat. 22:37-39). Satisfaksyon nou jwenn lè nou bay sèvis Jewova a premye plas nan lavi nou e nou ede lòt moun se yon bon medikaman kont pwoblèm anvye moun nan. Lè nou patisipe afon nan travay predikasyon an ak travay fè disip la se yon bon fason nou sèvi Bondye ak pwochen nou. Mete sou sa, sa fè nou jwenn “benediksyon Bondye”. — Pwo. 10:22.

“Rejwi ak moun k ap rejwi.” ​(Wom. 12:15). Jezi te kontan pou bon rezilta disip li yo te jwenn nan travay predikasyon an e li te fè konnen yo t ap fè plis pase l nan travay sa a (Lik 10:17, 21; Jan 14:12). Antanke sèvitè Jewova, nou ini. Se sa k fè, lè youn nan nou jwenn siksè, se nou tout ki jwenn yon benediksyon (1 Kor. 12:25, 26). Kidonk, èske nou pa ta dwe rejwi lè lòt moun jwenn plis responsablite nan kongregasyon an?

BATAY LA PA FASIL NON!

Batay moun ki gen tandans anvye moun yo ap mennen an kapab dire anpil tan. Men sa Cristina admèt: “Mwen gen tandans anvye moun toujou. Byenke mwen pa renmen sa lakay mwen, santiman an toujou la e m oblije toujou ap fè efò pou m konbat li.” Se menm bagay la pou José tou. Men sa li di: “Jewova ede m apresye bèl kalite kowòdonatè gwoup ansyen an genyen. Mwen gen bon relasyon ak Bondye, e sa ede m anpil.”

Anvi se youn nan bagay ki fè pati “zèv lachè yo” e tout kretyen dwe goumen ak defo sa a (Gal. 5:19-21). Si nou pa kite tandans anvye moun nan domine nou, n ap kapab viv ak plis kè kontan e n ap kapab fè Jewova, Papa nou ki nan syèl la, plezi.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Yo chanje non moun yo.

[Antrefilè nan paj 17]

“Rejwi ak moun k ap rejwi.”