Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

N ap jwenn plis byenfè si nou pran plis plezi pou nou etidye

N ap jwenn plis byenfè si nou pran plis plezi pou nou etidye

N ap jwenn plis byenfè si nou pran plis plezi pou nou etidye

Ki jan nou kapab pran plis plezi pou nou etidye Bib la? Ki jan nou kapab jwenn plis byenfè nan moman nou pase ap etidye yo? Nou pral fè yon ti pale tou kout sou twa bagay enpòtan k ap ede nou jwenn plis byenfè lè n ap fè etid pèsonèl nou.

1 PRIYE: Premye bagay pou nou fè se priye (Sòm 42:8). Poukisa? Nou ta dwe konsidere etid n ap fè nan Pawòl Bondye a kòm yon pati nan adorasyon n ap bay Bondye a. Se sa k fè, nou dwe mande Jewova pou l ouvè lespri nou e pou l ban nou lespri sen (Lik 11:13). Men sa Barbara, yon sè ki misyonè lontan, di: “Mwen toujou priye anvan mwen li Bib la oswa anvan mwen etidye l. Apre sa, mwen santi Jewova avèk mwen e li kontan sa m ap fè a.” Lè nou priye anvan nou etidye, sa ouvè lespri nou ak kè nou pou nou aksepte manje espirityèl ki devan nou an.

2 MEDITE: Gen kèk moun ki li Pawòl Bondye a konsa konsa paske yo pa gen anpil tan. Sepandan, yo pa jwenn byenfè yo ta kapab jwenn nan moman yo pase ap etidye a. Carlos, ki gen plis pase 50 an depi l ap sèvi Jewova, rann li kont jan sa enpòtan pou l pran tan pou l medite pou l ka jwenn plis byenfè lè l ap etidye Bib la. Men sa li di: “Kounye a, lè m ap li Bib la, mwen pa li menm kantite paj mwen te konn li anvan. Mwen li anviwon de paj chak jou. Konsa, mwen kapab jwenn plis tan pou m medite sou sa mwen li yo pou m wè ki leson enpòtan mwen ka aprann.” ​(Sòm 77:12). Lè nou pran tan pou nou medite, nou aprann plis bagay e nou pi byen konprann volonte Bondye. — Kol. 1:9-11.

3 APLIKE SA NOU APRANN YO: Lè nou wè jan yon aktivite nou fè itil nou, sa ede nou jwenn plis byenfè ladan l. Se menm bagay la tou pou etid n ap fè nan Bib la. Men sa Gabriel, yon jèn frè ki etidye Bib la regilyèman, di: “Lè m etidye, sa ede m rezoud pwoblèm mwen rankontre chak jou nan lavi m e sa pèmèt mwen ede lòt moun.” Men sa li di ankò: “Mwen bat pou m aplike sa m aprann yo nan lavi m.” ​(Det. 11:18; Joz. 1:8). Pa gen dout nan sa, nou kapab aprann yon bann bagay nan Pawòl Bondye a e nou kapab aplike yo nan lavi nou. — Pwo. 2:1-5.

REVIZYON: Jewova se Sous sajès la. Se pa ti privilèj nou genyen pou n fouye nan konesans li ban nou yo (Wom. 11:33)! Kidonk, pwochèn fwa n ap etidye Bib la, asire nou nou priye Jewova e nou mande l pou l ouvè lespri nou ak kè nou e pou l ban nou lespri sen. Apre sa, pandan n ap li a, fè yon ti kanpe detanzantan pou nou medite sou sa n ap li a. Mete sou sa, aplike sa nou aprann yo chak jou nan lavi nou. Si nou fè twa bagay enpòtan sa yo, n ap wè jan n ap pran plis plezi pou nou etidye Bib la e n ap jwenn plis byenfè.