Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon Toudegad k ap parèt nan yon anglè ki pi senp

Yon Toudegad k ap parèt nan yon anglè ki pi senp

Yon Toudegad k ap parèt nan yon anglè ki pi senp

NOU byen kontan fè w konnen gen yon nouvo Toudegad ki gen atik etid yo k ap parèt nan yon anglè ki pi senp, kòmanse ak Toudegad 15 jiyè sa a ki nan men w lan. Se yon esè k ap fèt pandan ennan. Toudegad sa a ap parèt anmenmtan ak Toudegad ki pa senplifye a ki gen atik etid yo ladan l lan. L ap gen atik etid yo ak lòt atik ankò selon espas ki genyen. Nou panse l ap vrèman ede anpil Temwen Jewova nan domèn espirityèl. Sa k fè nou di sa?

Nan anpil peyi, tankou Fiji, Gana, Kenya, Liberya, Nijerya, Papwazi Nouvèl Ginen ak zile Salomon, byen souvan, frè ak sè nou yo pale anglè ni nan kongregasyon an ni nan predikasyon, byenke yo pale lòt lang moun yo pale nan peyi sa yo. Sepandan, anglè yo pale a pi senp pase anglè ki nan piblikasyon nou yo. Gen kèk Temwen Jewova tou ki deplase al viv nan peyi kote yo oblije pale anglè byenke yo pa fin konn lang sa a byen. Anplis, yo pa kapab asiste reyinyon nan lang manman yo ak papa yo.

Atik Toudegad nou etidye chak semèn yo se prensipal fason nou jwenn manje espirityèl nan bon moman. Donk, pou tout moun byen pwofite manje espirityèl sa a, òganizasyon an vin ak Toudegad anglè ki pi senp lan. Mo yo, sentaks la ak gramè a pi senp. Paj kouvèti Toudegad sa a ap diferan, men, soutit yo, kesyon revizyon yo, foto yo ak atik etid yo ap menm ak sa ki nan Toudegad ki pa senplifye a. Donk, tout moun ap kapab suiv etid la kit se nan Toudegad ki pi senp lan kit se nan sa ki pa senplifye a e y ap kapab patisipe. Pou nou wè diferans ki genyen ant anglè ki pi senp lan ak anglè ki pa senplifye a, gade egzanp ki parèt nan kare ki pi ba a.

Nou espere Toudegad sa a ki pi senp ap reponn priyè anpil moun ki mande Jewova pou l ‘ba yo lespri pou yo ka aprann kòmandman l yo’. (Sòm 119:73.) Nou gen asirans frè ki pa konn pale anglè byen yo ansanm ak jèn ki pale anglè antanke lang manman yo ak papa yo ap kapab pi byen prepare atik etid yo chak semèn. Jewova sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l ban nou manje espirityèl an kantite paske li “renmen tout frè nou yo”. — 1 Pyè 2:17; Mat. 24:45.

Kolèj santral Temwen Jewova yo