Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w kite Jewova poze w kesyon?

Èske w kite Jewova poze w kesyon?

Èske w kite Jewova poze w kesyon?

BIB LA gen plizyè santèn kesyon ladan l ki kapab ede yon moun egzamine santiman ak mobil li gen nan fon kè l. Anfèt, Jewova Dye sèvi ak kesyon pou l anseye nou yon seri verite enpòtan. Pa egzanp, Jewova te sèvi ak divès kesyon pou l avèti Kayen li te bezwen chanje move konpòtman li te genyen (Jen. 4:6, 7). Menm jan an tou, kesyon Jewova te poze te pouse Izayi pou l aji. Lè pwofèt Izayi te tande Jewova mande: “Kilès mwen ta voye la a? Kilès ki ta asepte ale pou nou?”, li te reponn: “Men mwen. Voye m!” —Iza. 6:8.

Jezi, gran Anseyan an, te konn poze kesyon ki efikas tou. Nan Evanjil yo, yo rapòte plis pase 280 kesyon li te poze. Se vre, nan kèk okazyon li te konn poze kesyon pou l fè moun ki t ap kritike l yo fèmen bouch yo, men pi souvan, li te poze kesyon nan objektif pou l touche kè moun ki t ap koute l yo yon fason pou l te fè yo reflechi sou relasyon yo gen ak Bondye (Mat. 22:41-46; Jan 14:9, 10). Menm jan an tou, apot Pòl, ki te ekri 14 liv nan Ekriti grèk kretyen yo, te poze yon seri kesyon ki konvenkan ladan yo (Wom. 10:13-15). Pa egzanp, nan lèt li te ekri voye bay kretyen Wòm yo, gen yon kantite kesyon. Kesyon Pòl yo te pouse moun ki te li lèt sa a pou yo apresye “pwofondè ki genyen nan richès, nan sajès, ak nan konesans Bondye”. —Wom. 11:33, Bib Kreyòl La.

Menmsi gen kesyon ki konn mande pou yon moun bay yon repons awotvwa, gen lòt kesyon ki sèvi pou fè yon moun reflechi seryezman. Evanjil yo rapòte anpil kesyon konsa Jezi te poze. Yon lè, men avètisman Jezi te bay disip li yo: “Pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm avèk ledven Ewòd la.” Li t ap pale de ipokrizi yo ak fò ansèyman yo t ap bay (Mak 8:15; Mat. 16:12). Disip Jezi yo pa t konprann sa l te vle di e yo te pran diskite lefètke yo pa t sonje pote pen. Remake fason li te poze yo kèk kesyon nan ti konvèsasyon tou kout li te gen avèk yo apre sa. Men sa l te mande yo: “Poukisa n’ap di: se paske nou pa gen pen? Se konnen nou pa konnen? Nou poko ka konprann toujou? Se bouche lespri nou bouche konsa? Gen lè nou pa wè nan je nou? Nou pa tande nan zòrèy nou? [...] Nou pa konprann toujou?” Kesyon Jezi te poze disip yo te mande pou yo reponn nan kè yo e yo te pouse yo reflechi sou vrè siyifikasyon pawòl li te di yo a te genyen. —Mak 8:16-21.

“M pral poze ou kèsyon”

Jewova Dye te sèvi ak kesyon pou l ede sèvitè l Jòb korije fason l panse. Li te sèvi ak anpil kesyon pou l te anseye l jan li piti parapò ak Kreyatè l la (Jòb, chap. 38-41). Èske Jewova te atann pou Jòb te reponn chak kesyon awotvwa? Sanble li pa t atann sa. Kesyon li te poze Jòb yo, tankou “Kote ou te ye lè m t’ap fè latè?”, li te poze l yo sandout nan objektif pou l te fè l reflechi e pou l te touche l. Apre Jewova te fin poze Jòb kèk kesyon, Jòb te prèske pa gen anyen pou l di. Li te di tou senpleman: “Kisa pou m reponn ou? Se fèmen pou m fèmen bouch mwen.” ​(Jòb 38:4; 40:4). Jòb te konprann sa Jewova te vle di l e li te imilye tèt li. Sepandan, se pa sèlman anseye Jewova te anseye Jòb pou l gen imilite, li te korije fason l panse tou. Nan ki sans?

Byenke Jòb te “yon nonm san repwòch ki [te] mache dwat nan tou sa l’ap fè”, pafwa pawòl li te di yo te montre li gen yon move pwennvi, jan Eliyou te remake sa lè l t ap reprimande Jòb poutèt li “t’ap bay tèt li rezon, [e] li t’ap bay Bondye tò”. (Jòb 1:8; 32:2; 33:8-12.) Konsa, kesyon Jewova te poze Jòb yo te korije fason l panse tou. Bondye te pale ak Jòb nan yon tanpèt, li te di l konsa: “Kisa ou ye menm pou w’ap poze kèsyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen? Mete gason sou ou! M pral poze ou kèsyon. Pare kò ou pou ou reponn mwen.” ​(Jòb 38:1-3). Konsa, Jewova te sèvi ak kesyon pou l te atire atansyon Jòb sou sajès li ak pisans li ki san limit, jan sa parèt nan bagay estrawòdinè li kreye yo. Lefètke Jòb te vin konprann, sa te vin fè l gen plis konfyans lontan nan jijman Jewova yo e nan fason Jewova fè bagay yo. Eksperyans sa a kote Bondye toupisan an t ap poze Jòb kesyon dirèkteman an, se te yon eksperyans ki te fè Jòb gen anpil respè pou Bondye!

Fason nou kapab kite Jewova poze nou kesyon

E nou menm? Èske nou kapab tire pwofi nan kesyon ki gen nan Bib la? Wi, nou kapab! Si nou pran tan pou nou reflechi sou kesyon sa yo, n ap jwenn anpil byenfè nan domèn espirityèl. Kesyon ki gen nan Pawòl Bondye yo gen pouvwa pou yo touche moun, e yo rann Pawòl la pisan. Wi, “Pawòl Bondye a [...] gen pouvwa. [...] Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun.” ​(Ebre 4:12). Men, pou nou tire plis pwofi ladan l, nou bezwen reflechi sou kesyon sa yo, kòmsi se nou menm pèsonèlman Jewova t ap poze yo (Wom. 15:4). Annou egzamine kèk kesyon.

“Èske Jij tout tè a pap fè sa ki dwat?” ​(Jen. 18:25, “NW”). Abraram te poze Jewova kesyon sa a, yon kesyon li pa t ap atann pou l ba l yon repons pou li, nan moman Bondye te anonse jijman l kont Sodòm ak Gomò. Abraram te konnen li pa posib pou Jewova aji yon fason enjis, sètadi pou l ta touye moun ki jis yo ak moun ki mechan yo. Kesyon Abraram te poze a demontre li te gen yon gwo lafwa nan jistis Jewova.

Jodi a, gen moun ki kapab gen tandans ap chèche devine kèk bagay konsènan jijman Jewova pral fè alavni. Pa egzanp, yo kapab ap devine kiyès egzakteman k ap chape vivan nan Amagedòn oswa kiyès k ap resisite. Olye nou konsantre twòp sou bagay sa yo, nou kapab sonje pito kesyon Abraram nan. Lefètke nou konnen Jewova, Papa nou ki nan syèl la, se yon Papa ki gen bonte e lefètke nou gen yon konfyans total nan jistis li ak nan mizèrikòd li, menm jan ak Abraram, sa anpeche nou pèdi tan nou e sa anpeche nou gaspiye fòs nou nan enkyete nou san rezon, nan kite dout febli nou e nan fè diskisyon initil.

“Kilès nan nou, afòs li fè tèt li travay, kapab mete kèk lanne an plis sou lavi l?” ​(Mat. 6:27). Jezi te poze kesyon sa a nan yon moman kote li t ap pale ak yon gwo foul moun, e disip li yo te ladan l tou, pou l te montre pou ki rezon li nesesè pou yo lage kò yo nan men Jewova ki renmen yo. Dènye jou sistèm mechan sa a fè nou gen anpil enkyetid, men si nou twò konsantre sou yo, sa pap fè lavi nou pi long ni sa pap amelyore lavi nou.

Nenpòt lè nou ta santi nou enkyete pou tèt nou oswa pou moun pa nou, si nou sonje kesyon Jezi a, sa kapab ede nou gen yon pwennvi ekilibre parapò ak enkyetid nou yo. Kesyon sa a kapab ede nou sispann enkyete nou e li kapab ede nou sispann reflechi sou bagay negatif ki kapab fatige lespri nou ak kò nou e ki kapab fè nou santi nou boulvèse. Jan Jezi te ban nou asirans lan, Papa nou ki nan syèl la, ki bay zwazo nan syèl la manje e ki abiye plant ki nan savann yo, byen konnen sa nou bezwen. —Mat. 6:26-34.

“Èske yon nonm kapab ranmase dife mete nan kòlèt li pou rad li pa boule?” ​(Pwo. 6:27, “NW”). Nan nèf premye chapit liv Pwovèb la, nou jwenn konsèy saj yon papa ap bay pitit gason l. Kesyon ki poze anvan an montre konsekans adiltè genyen, konsekans ki fè moun soufri (Pwo. 6:29). Si nou ta remake nou tonbe nan flète oswa nou kòmanse ap nouri move dezi seksyèl nan nou, kesyon sa a ta dwe sonnen tankou yon alam nan lespri nou. Anfèt, kèlkeswa lè yon moun ta tante pou l aji yon fason ki pa saj, li ta dwe poze tèt li kesyon sa a. Kesyon sa a demontre byen klè kòman prensip biblik nou jwenn nan Galat 6:7 la vrèman pratik, prensip ki fè konnen ‘yon moun rekòlte sa l te simen’!

“Ki moun ou ye konsa pou w’ap jije domestik lòt moun?” ​(Wom. 14:4). Nan lèt Pòl te ekri voye bay kretyen Wòm yo, li te pale sou yon seri pwoblèm ki te gen nan kongregasyon premye syèk la. Pami kretyen yo, ki te soti nan yon kantite kilti diferan, gen kèk ki te gen tandans jije desizyon ak aksyon lòt kwayan parèy yo. Kesyon Pòl te poze a te fè yo sonje yo bezwen akeyi youn lòt e yo bezwen kite kesyon jije moun nan nan men Jewova.

Menm jan an jodi a, pèp Jewova a fòme ak moun ki soti divès kote e ki nan sitiyasyon diferan. Sepandan, Jewova ini yo yon fason estrawòdinè. Èske nou jwe wòl pa nou nan sans sa a? Si nou gen tandans kouri montre nou pa dakò ak aksyon yon frè nou fè poutèt konsyans li pèmèt li fè sa, li ta saj pou nou poze tèt nou kesyon Pòl te poze pi wo a.

Kesyon yo ede nou pwoche bò kote Jewova

Kesyon nou sot pran kòm egzanp yo demontre pouvwa kesyon ki gen nan Pawòl Bondye a genyen. Si nou konsidere kontèks chak kesyon, sa kapab ede nou fè yon aplikasyon pratik pou sitiyasyon pa nou. Anplis, tank n ap li Labib, se tank n ap jwenn lòt kesyon ankò k ap itil nou. —Gade  kare ki nan paj 14 la.

Kesyon ki gen nan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou yo fè moun reflechi. Lè nou kite kesyon sa yo fè nou reflechi seryezman, sa kapab pèmèt sa ki nan lespri nou ak sa ki nan kè nou vin ann amoni ak chemen Jewova yo ki jis. Apre Jewova te fin poze Jòb kesyon, men sa Jòb te di: “Sa m te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m ase. Kounyeya, mwen wè ou ak je mwen.” ​(Jòb 42:5). Pa gen dout nan sa, Jewova te vin pi reyèl pou Jòb, se kòmsi li te devan Jòb. Men sa disip Jak te di: “Pwoche bò kote Bondye, Bondye va pwoche bò kote nou tou.” ​(Jak 4:8). Nou swete pou nou kite tout sa ki nan Pawòl Bondye a, san wete kesyon yo, ede nou grandi nan domèn espirityèl e pou yo pèmèt nou “wè” Jewova pi byen toujou!

 [Kare nan paj 14]

Ki jan kesyon ki vin apre yo kapab ede w gen menm pwennvi ak Jewova?

▪ “Dapre ou, kisa Senyè a pito: yon moun k’ap ofri bèt pou boule nan dife, k’ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k’ap fè sa li di l fè a?” —1 Sam. 15:22.

▪ “Bondye ki fè je, ki jan pou l pa ta ka wè?” —Sòm 94:9.

▪ “Lè moun ap chèche pwòp glwa pa yo, èske se yon glwa sa ye?” —Pwo. 25:27, NW.

▪ “Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa?” —Yona 4:4.

▪ “Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li?” —Mat. 16:26.

▪ “Ki sa ki ka separe nou ak lanmou Kris la gen pou nou an?” —Wom. 8:35, NW.

▪ “Kisa ou genyen se pa Bondye ki ba ou li?” —1 Kor. 4:7.

▪ “Ki jan pou limyè ta ka mache ak fènwa?” —2 Kor. 6:14.

[Foto nan paj 15]

Ki sa Jòb te aprann grasa kesyon Jewova te poze l yo?