Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwen enteresan ki nan liv Tit la, nan liv Filemon an ak nan liv Ebre a

Pwen enteresan ki nan liv Tit la, nan liv Filemon an ak nan liv Ebre a

Pawòl Jewova a vivan

Pwen enteresan ki nan liv Tit la, nan liv Filemon an ak nan liv Ebre a

YON ti tan apre apot Pòl te sot nan prizon nan vil Wòm pou premye fwa nan ane 61 epòk nou an, li t al vizite zile Krèt. Li te remake nan ki sitiyasyon kongregasyon yo te ye nan domèn espirityèl, se sa k fè li te kite Tit la pou l fòtifye yo. Apre sa, sanble pandan Pòl te Masedwàn, li te ekri Tit pou l ede l nan travay li t ap fè a e pou l montre se li menm antanke apot ki te ba l otorite pou l fè travay sa a.

Yon ti tan anvan li te sot nan prizon nan ane 61 epòk pa nou an, li te ekri Filemon, yon frè ki t ap viv Kolòs. Li te ekri lèt sa a pou l mande zanmi l lan yon favè.

Ozanviwon menm ane sa a, li te ekri kwayan ebre yo ki t ap viv Jide yon lèt ki montre krisyanis la siperyè sistèm juif la. N ap jwenn bonjan konsèy nan toule twa lèt sa yo. — Ebre 4:12.

KENBE ESPIRITYALITE NOU DJANM

(Tit 1:1–3:15)

Apre Pòl te fin bay Tit enstriksyon pou l nome “ yon gwoup ansyen [...] nan chak vil ”, li te konseye l pou l ‘ pale sevè ak [moun ki rebèl yo] pou yo ka vin sensè nan konfyans yo ’. Li te ankouraje tout moun nan kongregasyon yo pou yo ‘ kite move lavi yo t’ap mennen an ’ e pou yo mennen yon ‘ lavi ki kontwole e ki dwat ’. — Tit 1:5, 10-13 ; 2:12.

Pòl te bay plis konsèy toujou pou l te ede frè ki nan zile Krèt yo kenbe espirityalite yo djanm. Li te bay Tit lòd pou l “ pa antre nan okenn vye diskisyon san sans, [...] ni nan goumen pou lalwa Moyiz la ”. — Tit 3:9.

Kesyon biblik ak tout repons :

1:15 — Nan ki sans “ tout bagay pwòp ” ‘ pou moun ki gen kè pwòp ’, men, ‘ anyen pa pwòp pou moun ki gen kè sal ak moun ki san lafwa ’ ​(Bib Kreyòl La? Pou nou jwenn repons lan, fòk nou konprann de ki “ tout bagay ” Pòl t ap pale a. Pòl pa t ap pale de bagay Pawòl Bondye a kondane aklè. Men, li t ap pale de bagay ki gen nan Ekriti yo chak kwayan kapab pran yon desizyon sou yo selon konsyans pa l. Bagay sa yo pwòp pou yon moun fason l panse ann amoni ak prensip Bondye yo. Men, se lekontrè pou yon moun fason l panse pa kòrèk e konsyans li sal *.

3:5 — Nan ki sans kretyen wen yo ‘ delivre lè Bondye lave yo ’ e yo ‘ chanje nèt lè yo resevwa Sentespri ’ ? ‘ Yo delivre lè Bondye lave yo ’ nan sans li lave yo ak san Jezi, sètadi li fè yo vin pwòp grasa sakrifis ranson Jezi a. ‘ Yo chanje nèt lè yo resevwa Sentespri ’ paske yo vin yon “ nouvo kreyasyon ”, sètadi yo vin pitit Bondye grasa lespri sen. — 2 Kor. 5:17, Bib Kreyòl La.

Leson pou nou jodi a :

1:10-13 ; 2:15. Ansyen yo dwe gen kouraj pou yo korije bagay mal k ap fèt nan kongregasyon an.

2:3-5. Menm jan sa te ye nan premye syèk la, jodi a tou, “ se pou granmoun fi yo gen yon konduit ki montre yo gen gwo respè pou Bondye, pou yo pa ni medizan, ni esklav anpil diven, pou yo se moun k ap anseye sa ki byen ”. (NW.) Konsa, y ap kapab efikas lè y ap anseye “ jenn medam yo ” ki nan kongregasyon an an prive.

3:8, 14. Lè nou pase “ tout tan nou ap fè sa ki byen ”, sa “ bon ” e sa itil “ tout moun ”, paske sa ede nou pote fwi nan sèvis Bondye a e sa ede nou pa fè pati monn mechan sa a.

BAY EGZÒTASYON “ NAN LANMOU ”

(Flm. 1-25)

Pòl felisite Filemon paske li se yon bon egzanp akoz ‘ lanmou l ak lafwa l ’. Lefètke li se yon sous ankourajman pou frè ak sè yo, sa te ‘ ankouraje ’ Pòl anpil e sa te bay Pòl “ lajwa ”. — Flm. 4, 5, 7, Bib Kreyòl La.

Pòl kite yon bon egzanp pou siveyan yo, nan sitiyasyon ki te egziste anrapò ak Onezim nan. Olye li te pase Filemon lòd, li te ba l yon egzòtasyon “ nan lanmou ” pito. Men sa li di Filemon : “ Se paske mwen konnen w’ap fè sa m’ mande ou la ki fè m’ ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m’ mande ou la. ” — Flm. 8, 9, 21.

Kesyon biblik ak tout repons :

10, 11, 18 — Nan ki sans Onezim ki “ pa t’ vo anyen ” anvan te vin “ vo kichòy ” ? Onezim te yon esklav lakay Filemon nan vil Kolòs, men, li pa t renmen sa. Se sa k fè li te sove al Wòm. Se posib li te vòlè bagay mèt li genyen pou l te ka kouvri depans vwayaj pou l al Wòm, ki te anviwon 1 400 km parapò ak Kolòs. Vrèmanvre, li pa t vo anyen pou Filemon, sa vle di li pa t itil li anyen. Sepandan, etan li te Wòm, Pòl te ede l vin kretyen. Kounye a li te vin “ vo kichòy ”, byenke anvan se te yon esklav ki “ pa t’ vo anyen ”.

15, 16 — Poukisa Pòl pa t mande Filemon pou l bay Onezim libète l ? Pòl te enterese sèlman ak misyon li te genyen pou l enfòme moun konsènan “ gouvènman [“ Wayòm ”, NW] Bondye” a e pou l “ moutre moun yo tout bagay sou Jezikri. ” Se sa k fè li te deside pa mele kò l nan pwoblèm sosyal, tankou esklavaj pa egzanp. — Tra. 28:31.

Leson pou nou jodi a :

2. Filemon te pèmèt yo fè reyinyon lakay li. Se yon privilèj sa ye pou yo fè reyinyon predikasyon lakay nou. — Wom. 16:5 ; Kol. 4:15.

4-7. Nou ta dwe pran devan nan felisite frè ak sè nou yo ki bay bon egzanp grasa lafwa yo ak lanmou yo.

15, 16. Nou pa dwe kite bagay negatif ki rive nou nan lavi a fè nou enkyete depase limit. Bagay sa yo kapab pote bon rezilta, jan sa te rive nan ka Onezim.

21. Pòl te atann pou Filemon padone Onezim. Nou menm tou, nou dwe padone yon frè nou ki fè nou yon bagay ki mal. — Mat. 6:14.

KONTINYE “ GRANDI TOUJOU ”

(Ebre 1:1–13:25)

Pou Pòl montre li pi enpòtan pou yon moun gen lafwa nan sakrifis Jezi pase pou l pratike zèv Lalwa, li atire atansyon sou kokenn enpòtans Fondatè krisyanis la, pretriz li a, sakrifis li a ak nouvo alyans lan genyen (Ebre 3:1-3 ; 7:1-3, 22 ; 8:6 ; 9:11-14, 25, 26). Se sèten konesans sa a te ede kretyen Ebre yo andire pèsekisyon yo te sibi anba men Juif yo. Pòl te ankouraje Ebre ki te kwayan yo pou yo kontinye “ grandi toujou ” pou yo vin gen matirite. — Ebre 6:1.

Ki enpòtans lafwa genyen pou yon kretyen ? Pòl fè konnen “ pesonn pa ka fè Bondye plezi si li pa gen konfyans [“ lafwa ”, NW] ” nan li. Li te ankouraje Ebre yo pou yo ‘ kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan yo a ’ e pou yo fè sa avèk lafwa nan li. — Ebre 11:6 ; 12:1.

Kesyon biblik ak tout repons :

2:14, 15 — Lefètke Satan ‘ gen pouvwa pou l touye moun ’, èske sa vle di li kapab lakòz nenpòt moun mouri anvan lè ? Non, sa pa vle di sa. Men, depi lè Satan te lage kò l nan mechanste nan Jaden Edenn nan, manti l yo lakòz moun ap mouri paske Adan te peche e limanite resevwa peche kòm eritaj (Wom. 5:12). Anplis, moun li gen sou tè a k ap fè volonte l yo pèsekite sèvitè Bondye yo jis nan pwen pou yo lakòz kèk nan yo mouri, menm jan sa te ye nan ka Jezi. Sepandan, sa pa vle di li gen pouvwa pou l touye nenpòt moun li vle. Si se konsa sa te ye, pa gen dout li t ap gentan detwi sèvitè Jewova yo lontan. Jewova pwoteje pèp li a antanke gwoup e li pa pèmèt Satan elimine yo. Menmsi Bondye ta kite kèk nan nou peri anba men Satan, nou mèt gen konfyans l ap repare kèlkeswa sa k ta rive nou.

4:9-11 — Ki jan nou ‘ antre nan repo Bondye a ’ ? Nan fen sis jou kreyasyon an, Bondye te pran repo anrapò ak travay kreyasyon li t ap fè a e Li te gen asirans objektif li gen pou tè a ak pou limanite t ap reyalize (Jen. 1:28 ; 2:2, 3). Nou ‘ antre nan repo sa a ’ lè nou sispann fè zèv nou panse k ap fè nou parèt jis e lè nou aksepte sakrifis ranson li bay pou nou ka sove a. Lè nou met lafwa nou nan Jewova e nou suiv Pitit li a avèk obeyisans olye nou chèche pwòp enterè pa nou, nou jwenn bonjan benediksyon chak jou ki ankouraje nou e ki fè nou santi nou anpè. — Mat. 11:28-30.

9:16 — Moun ki mouri “ ki te fè [kontra a] ”, sètadi nouvo alyans lan, kiyès li ye ? Nouvo alyans lan soti nan Jewova. Men, Jezi se “ moun ki fè ” alyans lan. Li se Medyatè nouvo alyans lan e lanmò l se sakrifis ki te nesesè pou alyans sa a te ka vin valab. — Lik 22:20 ; Ebre 9:15.

11:10, 13-16 — Ki “ lavil ” Abraram t ap tann nan ? Se pa t yon vrè vil. Se te yon vil senbolik. Abraram t ap tann “ Jerizalèm ki nan syèl la ” ki fòme ak Jezi ansanm ak 144 000 moun ki pral dirije avèk Jezi yo. Yo pale de dirijan adjwen sa yo pandan yo nan syèl la kòm ‘ lavil sakre Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan ’, sètadi Nouvo Jerizalèm nan (Ebre 12:22 ; Rev. 14:1 ; 21:2). Abraram t ap tann epòk kote l pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a.

12:2 — Ki “ lajwa yo te mete devan [Jezi] ” ​(NW) ki fè li te “ andire lanmò ” sou poto soufrans lan ? Se te lajwa li t apral genyen pou l wè sa ministè l akonpli, pou l wè sangtifikasyon non Jewova, jistifikasyon souvrènte l e pou l rachte limanite anba peche. Jezi t ap tann tou pou l resevwa privilèj pou l vin Wa e pou l sèvi antanke Gran Prèt pou byen limanite.

13:20 — Poukisa yo pale de nouvo alyans lan kòm yon alyans “ ki la pou tout tan ” ? Pou twa rezon : 1) pa gen lòt alyans k ap ranplase l, 2) sa alyans sa a akonpli ap dire pou toutan, e 3) “ lòt mouton ” yo ap kontinye benefisye nouvo alyans lan apre Amagedòn. — Jan 10:16.

Leson pou nou jodi a :

5:14. Nou ta dwe moun ki toutan ap etidye Labib, Pawòl Bondye a, e k ap aplike sa nou aprann ladan l yo. Se sèl fason pou nou ‘ antrene sans nou pou n fè diferans ant byen ak mal ’. — 1 Kor. 2:10, Bib Kreyòl La.

6:17-19. Lè esperans nou chita byen djanm sou pwomès Bondye a, sa ap ede nou pa sispann mache nan chemen laverite a.

12:3, 4. Olye pou nou ‘ vin fèb epi pou nanm nou dekouraje ’ akoz ti eprèv oswa opozisyon nou rankontre, nou dwe kontinye pwogrese pou n vin gen matirite espirityèl e nou dwe ranfòse kapasite nou genyen pou nou andire eprèv yo. Nou dwe dispoze andire menmsi gen posiblite “ pou san nou ta koule ”, sètadi menmsi ta gen posiblite pou nou mouri. — Ebre 10:36-39, Bib Kreyòl La.

12:13-15. Nou pa dwe kite “ yon rasin k’ap anpwazonnen ” moun, sètadi yon moun nan kongregasyon an k ap kritike fason bagay yo fèt, anpeche nou “ kontinye rann chemen yo dwat pou pye nou ”. (NW.)

12:26-28. ‘ Bagay ki te fèt ’ ​(NW) men ki pa t fèt ak men Bondye yo, sètadi sistèm ki la kounye a ki gen “ syèl ” mechan an ladan l, yo pral souke yo jiskaske yo disparèt. Lè sa fèt, se sèlman ‘ bagay ki pa t souke yo k ap rete ’, anpalan de Wayòm nan ak moun k ap soutni l yo. Sa vrèman enpòtan pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan e pou nou viv selon prensip li yo.

13:7, 17. Si nou toujou sonje konsèy nou jwenn pou nou soumèt nou devan siveyan yo nan kongregasyon an, sa ap ede nou kolabore ak yo.

[Nòt anba paj]