Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske yo ka kontwole mal la ?

Èske yo ka kontwole mal la ?

Èske yo ka kontwole mal la ?

Yon tigason ranmase yon bagay li jwenn nan yon savann, twouve sa l ranmase a se yon bonm peta ki eksploze sou li, konsa l vin avèg e li estwopye pou tout vi l. Yon manman deside abandone yon tibebe li fèk fè, li lage l sou yon pil fatra bò lari a. Yon travayè yo revoke retounen kote l t ap travay la, li tire tout moun ki parèt devan je l, apre sa li touye tèt li. Yon sitwayen moun respekte fè abi seksyèl sou timoun ki san defans.

YON bagay ki tris, sèke se toutan y ap rapòte zak mechanste konsa nan epòk pa nou an. Sa ki pi tris toujou, sèke rapò sa yo pa anyen devan rapò ki fèt sou zak jenosid ak zak teworis. Men sa yon jounal te di an 1995 : “ Se syèk Satan an nou sot viv, yon syèk ki eksprime l fason ki pi lèd la. Se premye fwa moun yo demontre yo gen kapasite konsa, ak tout yon swaf, pou yo touye plizyè milyon moun poutèt ras yo, relijyon yo oswa klas sosyal yo. ”

Anmenmtan tou, lèzòm ap kontamine lè a, y ap sal tè a, y ap gaspiye resous li, e y ap detwi yon pakèt espès bèt. Ou kwè lèzòm ka venk tout mal sa yo pou yo fè monn nan vin tounen yon kote ki pi bèl, ki gen plis sekirite ? Oubyen, èske nou pa ta ka konpare efò moun ap fè pou yo venk tandans sa a ak yon moun ki ta eseye sèvi ak yon bale pou l pouse dlo yon rivyè pou l anpeche l debòde ? Gen yon pwofesè ki ekri anpil sou kesyon mal la, ki te di : “ Mwen te santi yon gwo nesesite pou m chanje monn nan, pou m amelyore l. Men, sa klè monn nan pap amelyore. ” Petèt ou wè bagay yo menm jan an tou.

Nou ka konpare monn nan ak yon bato k ap vwayaje nan mitan yon lanmè k ap vin pi move e k ap vin pi danjere chak jou pi plis. Menmsi pèsonn nan bato a pa vle ale nan direksyon l pran an, tout efò yo fè pou l pran yon lòt direksyon echwe. San rete, bato a ap antre pi fon nan tanpèt sovaj la, yon tanpèt moun pa ka stope.

Nan yon sans, nou ka di se enpèfeksyon lèzòm ki responsab sitiyasyon sa a k ap vin pi mal de jou an jou (Women 3:23). Sepandan, lèzòm sèlman pa ka responsab nivo mal la rive a, ekstansyon l pran an ak britalite ki akonpaye l. Èske sa posib pou gen yon fòs envizib, yon fòs ki pisan, ki mechan, k ap manipile limanite ? Si gen yon fòs konsa, ki fòs li ye, e ki jan nou ka pwoteje tèt nou kont li ? Atik ki vin apre a ap pale sou kesyon sa yo.

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

© Heldur Netocny/Panos Pictures