Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon gwo lapenn ki dire anpil tan

Yon gwo lapenn ki dire anpil tan

Yon gwo lapenn ki dire anpil tan

PA GEN twò lontan, gen yon chèchè ki te vle konnen ki jan moun ki nan lapenn akoz moun pa yo ki mouri santi yo apre yon sèten tan. Li te voye yon kesyonè bay yon bann paran ki gen plizyè ane depi pitit yo mouri. Se pa tout paran yo ki te reponn. Yon papa ki rele Vladimir, ki pèdi yon pitit gason l ki te gen senk an, esplike li toujou twouve l difisil pou l pale konsènan tigason l lan *.

Yon tristès ki dire konsa se yon bagay moun wè souvan pami paran ki pèdi pitit yo. Sa gen dizan, gen yon mesye ki rele William ki te gen yon pitit gason li ki te mouri nwaye a 18 an. Men sa William ekri : “ Mwen toujou nan lapenn poutèt pitit mwen an mwen pèdi a, e toutotan m vivan, m ap toujou nan lapenn. ” Men sa yon dam ki rele Lucy ekri senkan apre li te fin pèdi yon pitit gason l anba yon maladi ki te frape l sanzatann : “ Nan premye jou yo, mwen te toujou met nan tèt mwen ‘ se pa vre ’. Mwen te santi kòmsi mwen t ap fè yon vye rèv e mwen t ap gen pou m reveye tousuit. Apre kèk tan, mwen te kòmanse rann mwen kont se toutbon, li pap retounen lakay. Pitit gason m nan gen senkan depi l mouri, men pafwa, lè m poukont mwen, mwen toujou ap kriye pou li. ”

Poukisa paran ki pèdi pitit yo, tankou Vladimir, William ak Lucy, santi gwo lapenn ki dire anpil tan konsa ? Annou egzamine kèk rezon ki fè sa.

Poukisa yo gen tout tristès sa a ?

Lè yon tibebe fèt nan yon fanmi, paran yo gen yon santiman ki pa egziste nan okenn lòt relasyon ant moun ak moun. Kenbe yo kenbe tibebe yo a sèlman, y ap gade l k ap dòmi, oswa y ap gade l k ap souri ba yo, sa fè yo gen anpil kè kontan ak anpil satisfaksyon. Paran ki gen lanmou bay pitit yo afeksyon. Yo fòme yo pou yo gen bon konpòtman e pou yo gen politès (1 Tesalonisyen 2:7, 11). Lè timoun yo byen reyaji devan efò sa yo pandan y ap grandi, paran yo santi yo fyè e yo kòmanse met anpil espwa nan yo.

Paran ki gen sousi pou pitit yo travay di pou yo pran swen yo. Souvan, yo ekonomize kòb e yo mete kèk byen akote dekwa pou yo ka ede pitit yo lè yo pral fonde fanmi pa yo (2 Korentyen 12:14). Lefètke paran yo demontre anpil afeksyon pou pitit yo, yo depanse anpil tan ak anpil lajan e yo fè anpil efò pou yo, sa fè nou wè aklè paran yo leve pitit yo pou yo viv e non pa pou yo mouri. Lè yon timoun mouri, travay fòmasyon timoun nan pa t gentan fini, e pwojè paran yo te gen pou li yo disparèt. Lanmou ak afeksyon ki te konn sot nan paran yo al jwenn timoun nan sispann koule akoz lanmò ki tankou yon mi an wòch ki vin bloke yo. Plas pitit gason yo a oswa pitit fi yo a te okipe nan kè yo vin vid kounye a. Paran yo santi yon gwo tristès ki pa fasil pou disparèt.

Dapre sa Labib montre, paran ki nan dèy yo gen yon lapenn ki pwofon e ki dire anpil tan. Men sa Labib di pou l dekri sa ki te rive lè patriyach Jakòb te tande yo te touye Jozèf, yon pitit gason l : “ Jakòb chire manto l yo, li mare ren l ak yon twal sak e li plonje nan lapenn pou pitit li a pandan anpil jou. E tout pitit gason l yo ansanm ak tout pitit fi l yo te leve pou yo konsole l, men li te refize kite yo konsole l, li t ap di : ‘ Paske m ap desann andèy al jwenn pitit gason m nan nan cheyòl [oswa tonm] ! ’ ” Plizyè ane apre, Jakòb te toujou nan chagren pou pitit gason l lan li te panse ki mouri (Jenèz 37:34, 35 ; 42:36-38). Gen yon lòt egzanp nan Bib la ki gen rapò ak yon dam fidèl ki te rele Nawomi ki te pèdi de pitit gason li te genyen. Etandone li te gen anpil tristès, li te vle chanje non Nawomi li te genyen an ki siyifi “ Cham mwen ” pou Mara, ki siyifi “ Anmè ”. — Rit 1:3-5, 20, 21, nòt anba paj.

Sepandan, Labib pa sèlman rekonèt paran yo gen chagren. Li endike tou ki fason Jewova fòtifye moun ki nan tristès. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kèk nan fason Bondye bay moun ki nan dèy yo rekonfò.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Yo chanje kèk non.