Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou demontre respè pou rasanbleman sakre nou yo

Annou demontre respè pou rasanbleman sakre nou yo

Annou demontre respè pou rasanbleman sakre nou yo

“ M ap fè yo vin nan montay sakre m nan tou e m ap fè yo rejwi anndan mezon priyè m nan. ” — IZAYI 56:7.

1. Ann amoni ak Ekriti yo, ki rezon nou genyen pou nou demontre bonjan respè pou reyinyon nou yo ?

JEWOVA rasanble pèp li a, kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo, pou yo adore l nan “ montay sakre ” l la. Li fè yo rejwi anndan “ mezon priyè ” l la, tanp espirityèl li a, ki se “ yon mezon priyè pou tout nasyon ”. (Izayi 56:7 ; Mak 11:17.) Sa endike adorasyon Jewova a sen, li pi e li elve. Lè nou demontre bonjan respè pou reyinyon nou yo ki fèt pou nou etidye e pou nou adore, nou montre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay sakre yo.

2. Ki sa ki endike Jewova te konsidere kote l te chwazi pou adorasyon l lan kòm sakre, e ki jan Jezi te montre sa tou ?

2 Nan Izrayèl tan lontan an, yo te dwe konsidere kote Jewova te chwazi pou adorasyon l lan kòm sakre. Yo te dwe wenn tabènak la ansanm ak ekipman l yo ak veso l e yo te dwe sangtifye yo ‘ pou yo te ka vin trè sen toutbon ’. (Egzòd 30:26-29.) Te gen de konpatiman nan sangtyè a, youn te rele “ Sen ”, lòt la te rele “ Trèsen ”. (Ebre 9:2, 3.) Annapre, tanp lan nan Jerizalèm te vin ranplase tabènak la. Antanke sant adorasyon Jewova, Jerizalèm te pote non “ vil ki sen an ”. (Neyemya 11:1 ; Matye 27:53.) Diran ministè Jezi sou tè a, li te demontre yon respè ki apwopriye pou tanp lan. Li te endiye kont moun yo pou fason derespektan yo te sèvi ak lakou tanp lan, yo te konn fè komès ladan l e yo te itilize l kòm chemen dekoupe. — Mak 11:15, 16.

3. Ki sa ki montre karaktè sakre asanble ki te konn fèt ann Izrayèl yo ?

3 Izrayelit yo te rasanble regilyèman pou yo adore Jewova e pou yo koute lekti Lwa li a. Yo te konn rele sèten fèt asanble ki sen oswa asanble solanèl, sa ki te endike karaktè sakre rasanbleman sa yo (Levitik 23:2, 3, 36, 37). Nan yon asanble ki t ap fèt an piblik nan epòk Ezra ak Neyemya, Levit yo “ t ap esplike pèp la lalwa ”. Kòm “ tout pèp la t ap kriye pandan yo t ap tande pawòl lalwa a ”, Levit yo “ te bay tout pèp la lòd pou yo fè silans, yo te di : ‘ Fè silans ! paske jou sa a sen. ’ ” Apre sa, avèk “ yon gwo gwo rejwisans ”, Izrayelit yo te selebre fèt Joupa a ki te dire sèt jou. Anplis de sa, “ yo te li liv lalwa vrè Dye a awotvwa, jou apre jou, soti premye jou a rive dènye jou a. E yo te kontinye selebre fèt la pandan sèt jou, e sou uityèm jou a te gen yon asanble solanèl, selon règ la ”. (Neyemya 8:7-11, 17, 18.) Se te vrèman okazyon ki sen ki te mande pou moun ki nan asistans lan suiv avèk respè.

Reyinyon nou yo se rasanbleman sakre yo ye

4, 5. Ki aspè nan reyinyon nou yo ki montre yo se rasanbleman ki sakre ?

4 Se vre, jodi a Jewova pa gen yon vil ki sen nan yon sans literal sou tè a ak yon tanp espesyal ki konsakre pou adorasyon l. Toutfwa, nou pa dwe bliye reyinyon ki fèt pou adore Jewova yo se rasanbleman sakre yo ye. Twa fwa pa semèn nou reyini nan objektif pou nou li Ekriti yo e pou nou etidye yo. Yo “ esplike ” Pawòl Jewova a, e menm jan ak nan epòk Neyemya a, yo “ bay siyifikasyon l ”. (Neyemya 8:8.) Tout reyinyon nou yo kòmanse ak yon priyè e yo fini ak yon priyè, e nou chante kantik louwanj pou Jewova nan pifò ladan yo (Sòm 26:12). Reyinyon kongregasyon an òganize yo se vrèman yon pati nan adorasyon nou, e sa mande pou nou byen konsantre e pou nou suiv avèk respè.

5 Jewova beni pèp li a lè yo reyini ansanm pou yo adore l, pou yo etidye Pawòl li, e pou yo pwofite fratènite agreyab ki genyen ant kretyen. Lè moman an rive pou nou asiste yon reyinyon, nou mèt sèten se la “ Jewova òdone pou benediksyon ye ”. (Sòm 133:1, 3.) Nou resevwa benediksyon sa a si nou prezan e si nou suiv pwogram espirityèl la avèk atansyon. Anplis de sa, Jezi te di : “ Kote dezoutwa rasanble nan non m, mwen la nan mitan yo. ” Nan kontèks la, deklarasyon sa a gen rapò ak ansyen yo ki reyini pou regle pwoblèm grav manm kongregasyon an genyen antre yo, men li aplike tou pou reyinyon nou yo (Matye 18:20). Si Kris, pa mwayen lespri sen, prezan lè kretyen yo reyini ansanm nan non li, èske nou pa ta dwe konsidere rasanbleman sa yo kòm sakre ?

6. Ki sa nou ka di konsènan andwa nou reyini yo, kit yo gran kit yo piti ?

6 Se vre, Jewova pa abite nan tanp lòm fè. Sepandan, Sal Wayòm nou yo se kote yo pratike vrè adorasyon an (Travay 7:48 ; 17:24). Nou reyini la pou nou etidye Pawòl Jewova, pou nou priye l e pou nou chante louwanj pou li. Se menm bagay la tou pou Sal asanble nou yo. Gwo espas nou lwe pou kongrè nou yo — tankou oditoryòm, sal ekspozisyon oswa estad — tounen andwa pou adorasyon nan moman n ap itilize yo pou rasanbleman sakre nou yo. Espas sa yo ki sèvi pou adorasyon yo, kit yo gran kit yo piti, merite respè nou, e respè sa a dwe parèt nan atitid nou ansanm ak nan konduit nou.

Fason pou nou demontre respè pou rasanbleman nou yo

7. Ki fason klè nou ka demontre respè pou rasanbleman nou yo ?

7 Gen fason klè nou ka demontre respè pou rasanbleman nou yo. Youn nan fason sa yo se lè nou prezan nan moman y ap chante kantik Wayòm yo. Pawòl ki nan anpil nan kantik nou yo tankou priyè. Donk, nou dwe chante yo yon fason ki demontre respè. Apot Pòl te site Sòm 22 kòm yon pawòl Jezi te pwononse, men sa l te di : “ M ap pwoklame non w bay frè mwen yo. Nan mitan kongregasyon an, m ap louwe w ak chan. ” ​(Ebre 2:12). Se poutèt sa, nou dwe pran abitid chita nan plas nou anvan frè k ap prezide a anonse kantik la, epi ansuit pou nou konsantre nou sou sans pawòl yo pandan n ap chante. Se pou fason n ap chante reflete santiman salmis la ki te ekri pawòl sa yo : “ M ap louwe Jewova ak tout kè m nan gwoup entim moun ki dwat yo e nan asanble a. ” ​(Sòm 111:1). Wi, chante louwanj pou Jewova se youn nan bonjan rezon nou genyen pou nou rive bonè nan reyinyon nou yo e pou nou rete jiskaske yo fini.

8. Ki egzanp nan Bib la ki montre nou bezwen koute priyè ki fèt nan reyinyon nou yo avèk respè ?

8 Yon lòt aspè ki ogmante diyite tout reyinyon nou yo nan domèn espirityèl, se priyè sensè ki fèt an favè tout moun ki reyini yo. Nan yon okazyon, kretyen premye syèk yo nan Jerizalèm te reyini ansanm e “ yo tout ansanm te leve vwa yo devan Bondye ” nan priyè yo te fè ak tout kè yo. Kòm rezilta, yo te kontinye “ pale pawòl Bondye a avèk kran ” malgre pèsekisyon (Travay 4:24-31). Èske nou ka imajine ta gen nan moun ki prezan yo ki te kite lespri yo vagabonde pandan priyè sa a ? Non, yo te priye “ ansanm ”. Priyè ki fèt nan reyinyon nou yo reflete santiman tout moun nan asistans lan. Yo merite pou nou koute yo avèk respè.

9. Ki jan nou ka demontre respè pou rasanbleman sakre nou yo pa mwayen teni nou ak konpòtman nou ?

9 Anplis de sa, nou ka montre jis nan ki pwen nou respekte karaktè sakre rasanbleman nou yo nan fason nou abiye. Aparans nou, ki anglobe abiman nou ak fason nou kwafe nou, ka kontribye anpil pou bay reyinyon nou yo plis diyite. Men konsèy apot Pòl te bay : “ Mwen vle pou mesye yo priye tout kote, pou yo leve men yo ki fidèl anlè, san yo pa nan fè kòlè ni diskisyon. Menm jan an tou, mwen vle pou medam yo fè bèl ak tèt yo nan yon teni ki byen ranje, avèk modesti e avèk bonsans, non pa avèk yon stil trese cheve, oswa avèk lò, oubyen ak pèl oubyen ak rad ki koute chè, men nan yon fason ki apwopriye pou medam ki di yo gen respè pou Bondye. ” ​(1 Timote 2:8-10). Lè n ap asiste gwo asanble k ap fèt nan yon estad ki pa kouvri, nou ka mete rad ki apwopriye ak tanperati a, men ki toujou montre diyite. Anplis de sa, respè nou demontre nan okazyon an ap pouse nou evite moulen chiklèt oswa manje lòt bagay ankò pandan sesyon yo. Lè nou gen yon teni ak yon konpòtman ki kòrèk nan asanble nou yo, sa onore ni Jewova Dye, ni adorasyon n ap ba li, ni adoratè menm jan avèk nou yo.

Konduit ki konvnab pou moun ki nan mezon Bondye a

10. Ki jan apot Pòl te montre reyinyon nou yo egzije yon nivo konduit ki elve ?

10 Nan 1 Korentyen chapit 14, nou jwenn konsèy saj apot Pòl te bay sou fason reyinyon kretyen yo dwe fèt. Men sa li di nan fen an : “ Se pou tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd. ” ​(1 Korentyen 14:40). Reyinyon nou yo se yon pati enpòtan nan aktivite kongregasyon kretyen an, e sa egzije yon nivo konduit ki konvnab pou moun ki nan mezon Jewova a.

11, 12. a) Ki sa ki dwe grave nan lespri timoun k ap asiste reyinyon nou yo ? b) Ki fason apwopriye timoun yo ka eksprime lafwa yo nan reyinyon nou yo ?

11 Timoun yo, an patikilye, bezwen aprann ki fason pou yo konpòte yo nan reyinyon nou yo. Paran ki kretyen yo dwe esplike pitit yo Sal Wayòm nan ak kote yo fè etid liv kongregasyon an se pa kote pou yo jwe. Se kote nou adore Jewova e nou etidye Pawòl li. Salomon, yon wa ki te saj, te ekri : “ Veye pye w kèlkeswa lè w pral nan mezon vrè Dye a. E se pou nou apwoche pou nou tande. ” ​(Eklezyas 5:1). Moyiz te anseye Izrayelit yo pou yo rasanble ansanm granmoun kou “ timoun ”. Li te di : “ Rasanble pèp la [...] pou yo ka koute e pou yo ka aprann, piske yo dwe gen lakrentif pou Jewova Bondye nou an, e piske yo dwe veye pou yo pratike tout pawòl ki genyen nan lwa sa a. E pitit yo ki pa konnen dwe koute, e yo dwe aprann krenn Jewova. ” — Detewonòm 31:12, 13.

12 Menm jan an tou jodi a, timoun yo asiste reyinyon ak paran yo, toudabò pou yo koute e pou yo aprann. Kou timoun yo ka suiv e yo ka konprann omwen verite de baz yo, yo ka fè “ deklarasyon piblik ” pou eksprime lafwa yo pa mwayen kòmantè tou kout (Women 10:10). Yon timoun piti gendwa kòmanse di kèk ti mo pou l reponn yon kesyon li konprann. Okòmansman, li ka li repons lan, men avèk letan, l ap eseye bay repons yo nan pwòp mo pa l. Sa bon pou timoun nan e sa fè kè l kontan, e lè li eksprime lafwa li poukont li konsa, sa rejwi kè moun ki pi aje yo ki nan asistans lan. Natirèlman, paran yo bay egzanp lè yo menm yo fè kòmantè. Kote sa posib, li bon pou timoun yo gen bib pa yo, kantik pa yo, ak piblikasyon y ap etidye a. Yo dwe aprann demontre bonjan respè pou piblikasyon sa yo. Tout sa ap grave nan lespri timoun yo reyinyon nou yo se rasanbleman sakre yo ye.

13. Lè yon moun vin asiste reyinyon nou yo pou premye fwa, ki sa nou ta renmen ?

13 Natirèlman, nou pa ta renmen pou reyinyon nou yo sanble ak sèvis k ap fèt nan Legliz lakretyente yo. Sèvis sa yo konn frèt, yo konn montre yon fo sentete ki egzajere, oubyen yo gen anpil bri tankou se djaz k ap jwe. Nou vle pou reyinyon k ap fèt nan Sal Wayòm nou yo chofe e pou yo atire moun, men pa nan pwen pou yo sanble ak kote moun al rilaks yo. Nou rasanble nan objektif pou nou adore Jewova, donk reyinyon nou yo dwe toujou fèt avèk diyite. Dezi nou se pou lè moun ki vin asiste reyinyon premye fwa yo fin koute sa ki di nan reyinyon an e yo obsève konpòtman nou ak konpòtman pitit nou, yo anmezi pou yo di : “ Bondye reyèlman pami nou. ” — 1 Korentyen 14:25.

Yon aspè k ap toujou fè pati adorasyon nou

14, 15. a) Ki jan nou ka fè atansyon pou nou pa ‘ neglije mezon Bondye nou an ’ ? b) Ki jan Izayi 66:23 deja akonpli ?

14 Jan nou te wè sa pi wo a, Jewova ap rasanble pèp li a e li fè yo rejwi anndan “ mezon priyè ” l la, sètadi tanp espirityèl li a (Izayi 56:7). Neyemya, yon nonm fidèl, te raple Juif menm jan avèk li yo yo dwe montre bonjan respè pou tanp literal la grasa sipò materyèl yo bay. Li te di : “ Nou pa dwe neglije mezon Bondye nou an. ” ​(Neyemya 10:39). Menm jan an tou, nou pa dwe neglije envitasyon Jewova fè nou pou nou adore l nan “ mezon priyè ” l la.

15 Pou pwofèt Izayi te montre nesesite pou nou reyini regilyèman pou nou adore, men sa li te pwofetize : “ ‘ Sa pral rive sètènman, sot nan nouvèl lin rive nan nouvèl lin e sot nan saba rive nan saba, tout chè ap vin pwostène devan m, ’ se sa Jewova di. ” ​(Izayi 66:23). Se sa k ap fèt jodi a. Regilyèman, chak mwa, chak semèn, kretyen ki vwe yo reyini ansanm pou yo adore Jewova. Yo fè sa, pa egzanp, lè yo asiste reyinyon yo e lè yo patisipe nan ministè a. Èske w se youn nan moun ki ‘ vin pwostène devan Jewova ’ regilyèman ?

16. Poukisa depi kounye a asistans regilye nan reyinyon nou yo dwe yon aspè k ap toujou fè pati lavi nou ?

16 Izayi 66:23 pral akonpli nèt nan monn nouvo Jewova pwomèt la. Lè sa a, “ tout chè ”, nan sans literal, “ ap vin pwostène ” devan Jewova, semèn apre semèn, mwa apre mwa, sètadi y ap vin adore l pou tout letènite. Etandone reyini pou adore Jewova ap rete yon aspè k ap toujou fè pati vi espirityèl nou nan nouvo sistèm de choz la, èske nou pa ta dwe fè asistans regilye nan rasanbleman sakre nou yo vin yon aspè ki fè pati lavi nou depi kounye a ?

17. Poukisa nou bezwen reyinyon nou yo “ plis toujou vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche ” ?

17 Tank lafen an ap apwoche, nou dwe vin pi detèmine pou nou asiste rasanbleman kretyen nou yo ki fèt pou adorasyon. Respè nou genyen pou karaktè sakre reyinyon nou yo ap fè nou pa kite travay pwofàn nou, devwa lekòl nou oswa kou ki fèt aswè fè nou rate okazyon pou nou reyini regilyèman ak kwayan menm jan avèk nou yo. Nou bezwen fòs n ap jwenn pa mwayen frekantasyon frè nou yo. Reyinyon yo ban nou opòtinite pou youn aprann konn lòt, pou youn bay lòt ankourajman, pou youn pouse lòt “ gen lanmou [e] pou youn pouse lòt fè bèl aksyon ”. Nou bezwen fè sa “ plis toujou vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche ”. (Ebre 10:24, 25.) Kidonk, se pou nou toujou montre bonjan respè pou rasanbleman sakre nou yo lè nou asiste yo regilyèman, lè nou abiye kòrèkteman e lè nou gen yon konpòtman ki apwopriye. Lè nou fè sa, nou montre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay sakre yo.

Revizyon

• Ki sa ki montre pèp Jewova a dwe konsidere rasanbleman l yo kòm sakre ?

• Ki aspè nan reyinyon nou yo ki montre se rasanbleman sakre yo ye ?

• Ki jan timoun yo montre yo respekte karaktè sakre reyinyon nou yo ?

• Poukisa nou dwe fè asistans regilye nan reyinyon nou yo vin yon aspè ki toujou fè pati lavi nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

Reyinyon pou adore Jewova se rasanbleman sakre yo ye, kèlkeswa kote yo fèt.

[Foto nan paj 31]

Pitit nou yo asiste reyinyon pou yo koute e pou yo aprann.