Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Diyite : yon dwa yo vyole souvan

Diyite : yon dwa yo vyole souvan

Diyite : yon dwa yo vyole souvan

“ Chak ti aspè nan lavi nan kan an se te yon pa anplis pou desann eskalye ki mennen nan imilyasyon ak nan pèt diyite. ” — MAGDALENA KUSSEROW REUTER, YON MOUN KI TE SOTI VIVAN NAN YON KAN KONSANTRASYON NAZI.

MENM lè soufrans atwòs ki te gen nan kan konsantrasyon Nazi yo diran Dezyèm Gè mondyal la te rèd anpil, se pa t ni premye fwa ni dènye fwa yo te vyole diyite moun. Kit n ap egzamine pase, kit n ap egzamine prezan, vèdik la klè : “ Eskalye ki mennen nan imilyasyon ak nan pèt diyite ” a long e anpil moun desann ladan l.

Sepandan, se pa sèlman pa mwayen zak sadik ki tache istwa lèzòm yo vyole diyite moun. Souvan, sa fèt an soudin. Reflechi sou yon timoun y ap nui akoz yon karakteristik fizik li genyen. Oswa yon imigran y ap pase nan rizib paske li gen koutim ki “ etranj”. Oswa ankò yon moun ki sibi diskriminasyon akoz koulè po l oubyen akoz nasyonalite l. Moun k ap fè aksyon sa yo ka konsidere sa kòm yon jwèt, men doulè ak imilyasyon moun yo rabese a santi se pa yon bagay pou moun ri. — Pwovèb 26:18, 19.

Ki sa diyite vle di ?

Gen yon diksyonè ki defini diyite kòm ‘ kalite oswa eta ki fè yon moun santi li gen valè, li onore e moun gen apresyasyon pou li ’. Donk, diyite nou gen rapò ni ak fason nou konsidere tèt nou, ni ak fason lòt moun trete nou. Byenke gen yon bann koz ki ka afekte santiman nou genyen pou pwòp tèt nou, fason lòt moun konsidere nou oswa fason yo trete nou jwe yon gwo wòl nan fè nou konnen valè nou genyen nan lavi a.

Nan chak sosyete gen pòv, gen moun ki san defans e ki san pwoteksyon. Sepandan, menm lè yon moun nan sitiyasyon sa yo, sa pa nesesèman retire nan diyite l. Se atitid ak reyaksyon lòt moun ki ka yon ofans pou diyite yon moun. Sa ki tris, sèke jeneralman se moun ki nan sitiyasyon defavorab yo meprize dwa yo genyen pou yo gen diyite oswa yo pase dwa sa yo anba pye. Anpil fwa nou konn tande moun k ap di : “ Pa itil ”, “ voryen ”, “ san wont ”, lè y ap maltrete yon granmoun oubyen yon pòv oswa yon moun ki limite mantalman oswa fizikman.

Poukisa moun ap imilye moun parèy yo ? Èske y ap janm respekte dwa fondamantal moun genyen pou yo gen diyite ? Atik ki vin apre a pral bay bonjan repons ki soti nan Pawòl Bondye a, Labib.