Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Bondye vrèman gen sousi pou nou

Bondye vrèman gen sousi pou nou

Bondye vrèman gen sousi pou nou

LI NÒMAL pou nou sipliye Bondye pou l ede nou lè nou nan sitiyasyon kote nou dezespere. Annefè, li “ gran e li gen anpil fòs. Nou pa ka esplike entèlijans li ”. (Sòm 147:5.) Se li menm ki nan pi bon pozisyon pou ede nou fè fas ak pwoblèm nou yo. Mete sou sa, Bib la envite nou pou nou “ vide kè nou ba li ”. (Sòm 62:8.) Si se konsa, poukisa gen tout moun sa yo ki gen enpresyon Bondye pa reponn priyè yo ? Èske sa vle di Bondye pa gen sousi pou nou ?

Olye pou w prese rann Bondye responsab poutèt li ta sanble pa fè okenn entèvansyon, sonje pito epòk ou te timoun. Lè paran w pa t konn ba ou imedyatman tout sa w te mande yo, èske w te janm akize yo kòmkwa yo pa renmen w ? Gen anpil timoun ki fè sa. Sepandan, lè w vin granmoun, ou rann ou kont, gen plizyè fason moun ka demontre lanmou, e lè w di yon timoun wi pou tout sa li mande w, sa pa montre ou renmen l vre.

Menm jan an tou, si Jewova pa toujou reponn priyè nou fason nou swete a, èske sa vle di li inyore nou pou sa ? Anfèt, Bondye montre sousi li gen pou nou tout divès fason.

“ Se pa mwayen l nou gen lavi ”

Pou kòmanse, se grasa Bondye nou “ gen lavi, e nou fè mouvman, e nou egziste ”. (Travay 17:28.) Lefètke li ban nou lavi, sa montre san mank li gen sousi pou nou, li gen lanmou pou nou.

Ansuit, Jewova ban nou sa nou bezwen yon fason pou nou ka rete an vi. Nou li : “ Li fè zèb vèt pouse pou bèt yo, e li fè vejetasyon pou sèvis lèzòm, pou fè manje sot nan tè a. ” ​(Sòm 104:14). Anfèt, Kreyatè nou an pa ban nou sèlman sa ki nesesè pou lavi a. Avèk jenewozite, li ban nou “ lapli ki soti nan syèl la e li ban nou sezon ki bay bonkou rekòt, li ranpli kè nou ak manje ak lakontantman ”. — Travay 14:17.

Malgre tou, gen moun ki ka di : ‘ Si Bondye renmen lòm konsa, poukisa li kite n ap soufri ? ’ Èske w konn repons kesyon sa a ?

Èske se Bondye ki responsab ?

Pifò nan bagay ki fè lèzòm soufri se rezilta pwòp aksyon yo. Pa egzanp, anpil moun byen konnen danje ki genyen nan yon seri aktivite ki gen gwo risk. Men aktout sa, gen moun ki lage kò yo nan imoralite seksyèl, nan bwè alkòl, nan pran lòt kalite dwòg. Yo itilize tabak, yo patisipe nan spò ki gen anpil danje ak anpil lòt bagay ankò. Si jan de konduit riske sa yo fè moun nan soufri, ki moun ki responsab ? Bondye ? Oubyen moun ki pa aji avèk sajès la ? Men sa ki di nan Pawòl Bondye enspire a : “ Pa twonpe tèt nou : moun pa ka moke Bondye. Paske kèlkeswa sa yon moun simen, se li l ap rekòlte tou. ” — Galat 6:7.

Apa de sa, gen moun ki konn lakòz lòt moun soufri. Lè yon nasyon deklare yon lòt nasyon lagè, se sèten se pa Bondye pou nou rann responsab soufrans ki vin genyen akoz gè a. Lè yon kriminèl atake yon sitwayen parèy li, èske se Bondye pou nou rann responsab si moun sa a blese oubyen li mouri ? Jamè ! Lè yon diktatè ap toupizi moun l ap dirije yo, li tòtire yo e li touye yo, èske se Bondye nou dwe rann responsab ? Se pa t ap rezonab. — Eklezyas 8:9.

Ki sa nou ta di pou plizyè milyon moun ki ap viv nan yon povrete dènye degre oubyen ki nan gwo grangou ? Èske se Bondye ki responsab ? Non. Planèt nou an, anpalan de tè a, pwodui plis manje pase sa k nesesè pou nouri tout moun k ap viv sou li (Sòm 10:2, 3 ; 145:16). Se paske yo mal distribye tout manje Bondye bay yo ki fè gen grangou ak povrete ki gaye konsa. Se egoyis lèzòm ki anpeche pwoblèm sa a rezoud.

Koz prensipal la

E lè yon moun tonbe malad oubyen li mouri akoz laj, kiyès pou nou rann responsab ? Èske sa ta fè w sezi si w konnen se pa Bondye pou nou rann responsab menm pou sitiyasyon sa yo ? Bondye pa t kreye lèzòm ni pou yo vyeyi ni pou yo mouri.

Lè Jewova te mete de premye moun yo, Adan ak Èv, nan jaden Edenn nan, li te ba yo posiblite pou yo viv etènèlman nan yon paradi sou tè a. Sepandan, li klè, li te vle pou tè a te peple ak moun ki t ap apresye eritaj yo te resevwa a. Se sa k fè, li te ba yo posiblite pou yo kontinye viv, men li te fikse kondisyon pou sa. Adan ak Èv t ap kontinye viv nan Paradi a sèlman ak kondisyon yo te toujou obeyi Kreyatè yo a ki gen lanmou. — Jenèz 2:17 ; 3:2, 3, 17-23.

Malerezman, Adan ak èv te rebele. Èv te chwazi koute Satan Ledyab. Li te bay Èv manti, li te fè l kwè gen bon bagay Bondye pa vle l jwenn. Konsa, Èv te pran chemen endepandans lan e li te dèyè vin ‘ tankou Bondye, pou l konnen sa ki byen ak sa ki mal ’. Adan te vin asosye ak li nan rebelyon l lan. — Jenèz 3:5, 6.

Se sa k fè, lè Adan ak Èv te peche a, yo te montre yo pa diy pou yo viv pou tout tan sou tè a. Yo te sibi move konsekans peche a. Fòs ak vitalite yo te genyen te vin febli, e finalman yo te mouri (Jenèz 5:5). Sepandan, rebelyon yo a te gen konsekans ki te pi grav toujou. Jiska prezan n ap soufri akoz peche Adan ak Èv la. Men sa apot Pòl te ekri : “ Akoz yon sèl òm [Adan] peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske tout moun te peche. ” ​(Women 5:12). Wi, akoz rebelyon Adan ak Èv, peche ak lanmò gaye tankou yon kansè pami tout moun nèt.

Pi gwo prèv ki montre Bondye gen sousi pou nou

Èske sa vle di lèzòm, kreyasyon Bondye a, se yon ka pèdi ? Non, e kounye a, nou rive nan pi gwo prèv ki montre aklè Bondye gen sousi pou nou. Malgre gwo sakrifis sa te reprezante pou Bondye, li te bay mwayen pou rachte limanite anba peche ak lanmò. Pri ki te peye pou rachte nou se te lavi pafè Jezi te genyen an, e li te bay li volontèman pou nou (Women 3:24). Se sa k fè, apot Jan te ekri : “ Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li fè a, poutèt pou nenpòt moun ki mete lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” ​(Jan 3:16). E kòm rezilta demonstrasyon lanmou san parèy sa a, yon lòt fwa ankò, nou gen posiblite pou nou viv pou tout tan. Pòl te ekri Women yo pawòl sa yo : “ Grasa yon sèl aksyon jis, rezilta a pou tout kalite moun sèke yo deklare yo jis pou lavi. ” — Women 5:18.

Nou ka sèten, kan lè Bondye fikse a rive, pap gen ni soufrans ni lanmò sou tè a ankò. Kondisyon ki dekri nan liv Revelasyon an se yo ki pral egziste. Men sa l di : “ Gade ! Tant Bondye a avèk lèzòm, e li pral abite avèk yo, e se pèp li yo pral ye. E Bondye li menm ap avèk yo. Epi li pral siye tout dlo nan je yo, e lanmò pap la ankò, ni dèy, ni rèl, ni doulè pap la ankò. Bagay ansyen tan yo disparèt. ” ​(Revelasyon 21:3, 4). Petèt w ap di : ‘ A ! M ap gentan mouri anvan bagay sa yo rive fèt. ’ Sepandan, menmsi w mouri, Bondye kapab resisite w (Jan 5:28, 29). Se pwogram sa a Bondye gen pou nou, e se sa k pral fèt vre. Lè yon moun di Bondye pa gen sousi pou lèzòm, ou panse yon koze konsa ta ka vre ? Nou pa kwè sa !

“ Pwoche bò kote Bondye ”

Li rekonfòtan pou nou konnen Bondye deja mete sou pye yon solisyon dirab pou lèzòm k ap soufri a. Men, e kounye a menm ? Ki sa nou ka fè si nou gen yon moun nou ki mouri, oubyen si pitit nou tonbe malad ? Bon, moman pou Bondye retire maladi ak lanmò a poko rive. Bib la di n ap gen pou nou tann yon ti tan ankò anvan pwoblèm sa yo rezoud. Men, Bondye pa lage nou san sekou. Men sa disip Jak di : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” ​(Jak 4:8). Wi, Kreyatè nou an envite nou pou nou gen relasyon pèsonèl entim ak li, e moun ki gen jan de relasyon sa yo ak li ap toujou santi soutyen l menm nan sitiyasyon ki pi difisil yo. Men, ki sa pou nou fè pou nou pwoche bò kote l ?

Gen twa mil an de sa, wa David te poze yon kesyon konsa. Men sa l te mande : “ O Jewova, [...] kiyès ki va abite nan montay sakre w la ? ” ​(Sòm 15:1). David te reponn pwòp kesyon l lan lè l te di : “ Se moun ki mache san defo, ki pratike lajistis e ki pale laverite nan kè l. Li pa fè medizans ak lang li. Li pa fè konpayon l anyen ki mal. ” ​(Sòm 15:2, 3). Pou nou pi presi, Jewova kontan akeyi moun ki suiv wout Adan ak Èv te rejte a. Li pwoche bò kote moun ki fè volonte l. — Detewonòm 6:24, 25 ; 1 Jan 5:3.

Ki jan nou ka fè volonte Bondye ? Nou dwe aprann sa ki “ bèl e ki agreyab nan je Bondye, Sovè nou an ”, apre sa nou dwe aji annakò ak sa nou aprann nan (1 Timote 2:3). Sa mande pou nou gen konesans egzak sou Bib la, Pawòl Bondye a (Jan 17:3 ; 2 Timote 3:16, 17). Sa mande plis pase annik fè lekti nan Bib la yon fason sipèfisyèl. Nou bezwen imite Juif ki t ap viv Bere nan premye syèk la, ki te tande mesaj Pòl la. Men sa Pòl te ekri anpalan de moun sa yo : “ Yo te resevwa pawòl la avèk anpil anpil anpresman, yo egzamine sa k ekri yo byen egzamine chak jou pou wè si se konsa bagay sa yo ye vre. ” — Travay 17:11.

Menm jan an tou jodi a, yon etid apwofondi nan Bib la ranfòse fwa nou nan Bondye e sa ede nou bati relasyon entim ak li (Ebre 11:6). Sa ede nou tou pou nou byen konprann fason Bondye aji avèk lèzòm, nonsèlman pou byenfè tanporè tout moun ki byen dispoze yo jwenn, men espesyalman, pou byenfè pèmanan y ap jwenn pi devan.

Fè yon ti reflechi sou deklarasyon kèk kretyen ki gen relasyon entim ak Bondye fè. Men sa Danielle, ki gen 16 an di : “ Mwen renmen Jewova anpil e mwen gen anpil rezon pou m remèsye l. Li ban mwen paran ki renmen m e ki renmen l toutbonvre, paran ki anseye m selon Pawòl li. ” Yon kretyen nan peyi Irigwe ekri : “ Kè m ranpli ak rekonesans e sa pouse m di Jewova mèsi ni pou bonte li, bonte nou pa merite a, ni pou amitye l. ” Bondye kontan akeyi menm timoun ki toupiti yo. Gade sa Gabriela, ki gen setan di : “ Mwen renmen Bondye plis pase tout lòt bagay ki egziste nan monn nan. Mwen gen pwòp Bib mwen. Mwen renmen etidye pou m aprann konnen Bondye ak Pitit li a. ”

Jodi a, gen plizyè milyon moun toupatou sou tè a ki dakò ak tout kè yo ak pawòl sa a yon salmis te ekri : “ Pwoche kote Bondye bon pou mwen. ” ​(Sòm 73:28). Moun sa yo jwenn èd pou yo fè fas ak pwoblèm y ap rankontre kounye a, e yo gen yon esperans sèten yo pral viv pou tout tan nan Paradi sou tè a (1 Timote 4:8). Poukisa ou pa fikse w kòm objektif pou w “ pwoche bò kote Bondye ” ? An reyalite, men ki asirans nou genyen : “ Li pa lwen okenn nan nou. ” ​(Travay 17:27). Wi, Bondye vrèman gen sousi pou ou !

[Foto nan paj 5]

Nou wè sousi Jewova gen pou nou divès fason.

[Foto nan paj 7]

Menm timoun ka pwoche bò kote Bondye.

[Foto nan paj 7]

Jodi a, Jewova ede nou andire. Kan lè a rive, l ap retire maladi ak lanmò.