Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lagè pral fini

Lagè pral fini

Lagè pral fini

‘ Nou gen 12 an sèlman. Nou pa gen enfliyans ni nan domèn politik ni nan kesyon ki gen rapò ak lagè, men nou ta renmen viv. N ap tann lapè. Èske n ap gentan wè sa pandan nou vivan an ? ’ — Elèv ki nan klas senkyèm ane.

‘ Nou ta renmen al lekòl, nou ta renmen vizite zanmi nou ak fanmi nou san nou pa pè pou moun pa kidnape nou. Mwen swete pou gouvènman an pran sa nou di a an konsiderasyon. Nou ta renmen yon lavi miyò. Nou ta renmen lapè. ’ — Alhaji, 14 an.

PAWÒL touchan sa yo tradui sa jèn timoun k ap soufri depi plizyè ane akoz gè sivil swete ak tout kè yo. Tout sa yo ta renmen se mennen yon vi nòmal. Men, se pa yon bagay ki fasil pou fè espwa tounen reyalite. Èske li posib pou nou rive wè yon monn ki pa gen lagè ankò pandan nou vivan an ?

Nan dènye ane sa yo, gen anpil efò ki fèt sou plan entènasyonal pou rezoud pwoblèm lagè sivil la. Yo fè anpil presyon sou kan k ap goumen pou yo siyen akò pou lapè. Gen kèk peyi ki menm voye fòs pou lapè pou fè respekte akò sa yo. Men, se sèlman kèk nasyon ki gen lajan ak volonte pou kontinye kontwole peyi ki lwen yo, peyi kote lahèn ak mefyans ki anrasinen nan kè moun yo fè kèlkeswa akò ki siyen ant kan k ap goumen yo trè difisil pou respekte. Se sa k fè byen souvan, menm kan sa yo, apre yo fin siyen yon akò pou yo sispann batay, nan kèk semèn oubyen nan kèk mwa, batay la konn pete ankò. Tankou jan Enstiti k ap fè rechèch pou lapè entènasyonal nan Stokòlm la fè remake, “ lapè difisil pou etabli lè konbatan yo anvi goumen e lè yo gen kapasite pou yo kontinye goumen ”.

Anmenmtan, konfli sa yo ki bay anpil pwoblèm e ki gaye nan yon kantite zòn sou tè a fè kretyen yo sonje yon pwofesi ki nan Bib la. Liv Revelasyon an pale de yon peryòd kritik nan listwa kote yon kavalye senbolik t ap gen pou l “ retire lapè sou tè a ”. (Revelasyon 6:4.) Deskripsyon lagè ki pa ka fini sa yo fè pati siy ki gen plizyè aspè ki montre jodi a n ap viv nan epòk Bib la rele “ dènye jou yo ”. * (2 Timote 3:1.) Sepandan, Pawòl Bondye a ban nou asirans tousuit apre dènye jou sa yo se pral lapè.

Nan Sòm 46:9, Bib la esplike pou gen bonjan lapè, fòk zafè lagè a fini, se pa sèlman nan yon rejyon sou tè a non, men se sou tout tè a nèt. Anplis de sa, menm Sòm sa a site espesyalman zam yo te konn itilize nan tan biblik yo, tankou banza ak lans, e li di zam sa yo ap detwi. Si pou lèzòm rive viv anpè yon jou, fòk zam ki egziste jodi a detwi tou.

Pou byen di, olye de bal ak fizi, se lahèn ak anbisyon ki chofe dife lagè. Anbisyon se youn nan koz fondamantal lagè, e byen souvan lahèn mennen vyolans. Pou moun yo rive derasinen vye santiman sa yo lakay yo, yo bezwen chanje fason yo panse. Yo bezwen aprann yo viv anpè. Ann amoni ak yon verite pwofèt Izayi te di, sèl kondisyon pou lagè sispann, se lè moun yo ‘ pa aprann fè lagè ankò ’. — Izayi 2:4.

Sepandan, jodi a, n ap viv nan yon monn ki pa aprann ni granmoun ni timoun enpòtans lapè genyen, men yo prefere aprann yo glwa ki genyen nan lagè. Sa k pi tris la, yo aprann menm timoun touye moun.

Yo aprann yo touye moun

A 14 an, Alhaji te gentan sispann sèvi kòm sòlda. Li te gen dizan sèlman lè twoup rebèl yo te pran l, yo te aprann li sèvi ak yon fizi daso AK-47. Lè yo fin fòse l sèvi kòm sòlda, li te konn al piye kay pou l jwenn manje, e li te konn met dife nan kay. Li te konn rache moun, li te konn touye moun tou. Jodi a, Alhaji gen anpil pwoblèm pou l bliye eksperyans li te fè nan lagè yo, e li difisil pou l adapte l ak lavi sivil la. Yon lòt jèn ti sòlda ki rele Abraham, li menm tou yo te aprann li touye moun e li pa t dispoze remèt zam li. Men sa l te di : “ Si yo di m pou m ale san zam mwen, mwen pa konn sa m ap fè, mwen pa konn sa m ap manje. ”

Gen plis pase 300 000 timoun ki sòlda, tifi kou tigason, ki toujou ap batay e ki kontinye ap mouri nan lagè sivil ki pa janm fini e k ap fèt toupatou sou tè a. Men sa yon chèf rebèl esplike anpalan de timoun sa yo : “ Yo obeyi lòd, yo pa enterese nan zafè tounen al jwenn madanm oubyen tounen al jwenn fanmi, e yo pa janm pè. ” Toutfwa, timoun sa yo ta renmen yon lavi miyò e yo merite sa.

Nan peyi devlope yo, li ka parèt difisil pou yon moun imajine nan ki sitiyasyon tèrib timoun ki sòlda yo ap viv. Poutan, nan peyi sa yo, anpil timoun aprann lagè nan konfò anndan lakay yo. Kòman sa ?

Ann pran egzanp José ki soti nan sidès peyi Espay. Se yon tigason 16 an ki te renmen pratike spò konba tankou karate ak jido. Papa l te achte yon epe samouray fè l kado pou fèt Nwèl. Li te konsidere epe sa a kòm pi gwo byen li posede. Ansuit, li te renmen jwèt videyo, sitou sa ki gen vyolans yo. Ebyen, 1ye avril 2000, vyolans li te wè ewo prefere l la t ap fè yo, li te pratike yo toutbon nan vi pa l. Li gen yon sèl raj vyolans ki monte l, li te touye papa l, manman l ak tout sè l avèk menm epe sa a papa l te fè l kado a. Men sa li te esplike lapolis : “ Mwen te vle poukont mwen nan monn nan. Mwen pa t vle pou paran m yo la ap chèche m. ”

Pou kòmante efè divètisman vyolan yo genyen, men sa Dave Grossman, ki alafwa ekriven e ofisye militè, fè remake : “ Nou rive nan yon pwen kote kè moun yo tèlman vin di, bagay ki bay lapèn, bagay ki fè soufri vin tounen distraksyon. Olye pou yo gen repiyans pou bagay sa yo, yo imajine se yo menm menm k ap fè aksyon sa yo. Yo aprann nou touye, e yo aprann nou pran plezi nan touye. ”

Ni Alhaji ni José te aprann touye moun. Yo pa t gen nan entansyon yo pou yo vin asasen, men fòmasyon yo te resevwa a, kèlkeswa kote a, te pèvèti panse yo. Mòd ansèyman sa yo simen grenn vyolans ak lagè ni lakay timoun ni lakay granmoun.

Yo aprann lapè olye yo aprann lagè

Pap janm ka gen lapè dirab ki tabli toutotan moun ap aprann touye moun. Gen plizyè santèn ane, men sa pwofèt Izayi te ekri : “ Si vrèman ou te montre ou atantif toutbon lè w jwenn kòmandman [Bondye] yo ! Lapè w t ap jwenn nan t ap tankou rivyè k ap koule. ” ​(Izayi 48:17, 18). Lè moun yo gen konesans egzak sou Pawòl Bondye a, e yo aprann renmen lwa Bondye yo, yo vin gen repiyans pou vyolans ak lagè. Depi kounye a, paran yo bezwen sèten jwèt pitit yo ap jwe se pa jwèt ki ankouraje vyolans. Granmoun yo tou ka aprann elimine lahèn ak anbisyon lakay yo. Temwen Jewova yo gen plizyè egzanp ki montre yo jan Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l chanje pèsonalite moun. — Ebre 4:12.

Ann pran egzanp Hortêncio. Se te yon tigason li te ye lè yo fè l vin sòlda san l pa t vle. Li esplike objektif fòmasyon militè yo te bay la se te pou “ grave nan lespri nou anvi pou n touye lòt moun e pou n pa pè touye moun ”. Li te patisipe nan yon lagè sivil ki te dire anpil tan ann Afrik. Men sa l avwe : “ Lagè a te gen efè sou pèsonalite m. Jis jodi a mwen toujou sonje tout bagay mwen te fè yo. Mwen regrèt amò sa yo te fòse m fè yo. ”

Gen yon sòlda ki te pale ak Hortêncio konsènan konesans Bib la e sa te touche kè l. Pwomès Bondye fè nan Sòm 46:9 kote li di li pral mete yon fen nan tout kalite lagè te fè bon enpresyon sou li. Plis li t ap etidye Bib la, se plis li pa t anvi al nan konba ankò. Apre yon ti tan, yo mete l deyò nan lame ansanm ak de nan konpayon l yo. Apre sa, yo te vwe lavi yo bay Jewova Dye. Men sa Hortêncio esplike : “ Verite ki nan Bib la te ede m vin renmen ènmi m. Mwen vin rann mwen kont, lè m t ap konbat nan lagè a, an reyalite, se kont Jewova mwen te konn peche, paske li di nou pa dwe touye pwochen nou . Pou m demontre lanmou sa a, mwen te dwe chanje fason m panse, e mwen pa t dwe konsidere moun yo kòm ènmi m. ”

Eksperyans sa yo pwouve toutbonvre enstriksyon nou jwenn nan Bib la favorize bonjan lapè. Se pa etonan, paske pwofèt Izayi te di gen yon relasyon dirèk ant enstriksyon Bondye bay la ak lapè. Li te predi : “ Tout pitit gason w yo se pral moun Jewova anseye, e lapè pitit gason w yo pral vin ann abondans. ” ​(Izayi 54:13). Menm pwofèt la te predi gen yon tan k ap rive moun nan tout nasyon t apral vini kote y ap bay Jewova vrè adorasyon an pou yo aprann chemen Jewova yo. E ki rezilta sa gen pou l bay ? Ebyen, moun sa yo “ gen pou yo fè epe yo tounen pyès chari, e yo gen pou fè lans yo tounen sekatè. Yon nasyon pap leve epe kont yon nasyon, e yo pap aprann lagè ankò ”. — Izayi 2:2-4.

Ann amoni ak pwofesi sa a, Temwen Jewova yo ap patisipe nan yon travay enstriksyon sou tout tè a, yon travay ki deja ede plizyè milyon moun elimine lahèn lakay yo, lahèn ki alabaz lagè lèzòm ap fè yo.

Yon garanti pou lapè mondyal

Akote enstriksyon Bondye bay la, li etabli yon gouvènman, wi yon “ wayòm ” ki kapab garanti lapè mondyal la. Se pa pa aza Bib la dekri Chèf Bondye chwazi a, anpalan de Jezi Kris, kòm yon “ Prens lapè ”. Anplis de sa, Bib la ban nou asirans “ ni abondans dominasyon Prens lan, ni lapè, pap janm fini ”. — Izayi 9:6, 7.

Ki garanti nou genyen dominasyon Kris la pral elimine tout kalite lagè vre ? Men sa pwofèt Izayi di apre sa : “ Se zèl Jewova Chèf lame yo menm k ap fè sa. ” ​(Izayi 9:7). Bondye gen volonte e l gen kapasite pou l fè gen lapè e pou l fè lapè a dire pou toutan. Jezi kwè nan pwomès sa a san rezèv. Se sa k fè li te anseye disip li yo pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini, pou volonte Bondye fèt sou tè a (Matye 6:9, 10). Finalman, lè priyè sa a reyalize, lagè pap janm fè dega sou tè a ankò.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Pou nou jwenn plis prèv ki montre n ap viv nan dènye jou yo, gade chapit 11 nan liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Foto nan paj 7]

Enstriksyon nou jwenn nan Bib la favorize bonjan lapè.