Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sèvitè Jewova yo gen bonjan espwa

Sèvitè Jewova yo gen bonjan espwa

Sèvitè Jewova yo gen bonjan espwa

“ Rès moun Jakòb yo va tankou lawouze Jewova voye nan mitan anpil pèp, [...] ki pa mete espwa yo nan moun. ” — MIKA 5:7.

1. Nan ki sans Izrayèl espirityèl la se yon sous rafrechisman ?

SE JEWOVA ki fè lapli ak lawouze. Si n ap tann lèzòm pou ban nou lawouze ak lapli, se tan nou n ap pèdi. Men sa pwofèt Mika te ekri: “ Rès moun Jakòb yo va tankou lawouze Jewova voye nan mitan anpil pèp, yo va tankou gwo lapli sou plant yo, ki pa mete espwa yo nan moun e ki pa ret ap tann pitit gason lòm ki fèt ak pousyè tè. ” ​(Mika 5:7). Kiyès ki “ rès moun Jakòb yo ” jodi a ? Se Izrayelit espirityèl yo, rès “ Izrayèl Bondye a ”. (Galat 6:16.) Pou “ anpil pèp ” sou tè a, yo tankou “ lawouze Jewova ” ki rafrechisan e yo tankou “ gwo lapli sou plant yo ”. Wi, kretyen wen yo jodi a se benediksyon Bondye bay moun. Jewova sèvi avèk yo antanke pwoklamatè Wayòm nan pou bay pèp yo mesaj espwa li a.

2. Poukisa nou gen bonjan espwa malgre n ap viv nan yon monn twouble ?

2 Sa pa etonan si monn sa a pa gen bonjan espwa. Pwoblèm politik, prensip moral k ap degrade, krim, kriz ekonomik, teworis ak lagè, nou pa sezi wè bagay sa yo nan yon monn kote se Satan Ledyab k ap dirije (1 Jan 5:19). Anpil moun pè konsènan sa lavni ap pote. Sepandan, antanke adoratè Jewova, nou pa pè, paske nou gen yon espwa asire pou lavni. Se yon vrè espwa paske li baze sou Pawòl Bondye a. Nou gen lafwa nan Jewova ak nan Pawòl li a paske sa li di toujou reyalize.

3. a) Poukisa Jewova t apral aji kont Izrayèl ak Jida ? b) Poukisa pawòl Mika yo aplikab jodi a ?

3 Pwofesi Mika Bondye enspire a fòtifye nou pou nou mache nan non Jewova e li ban nou yon baz pou nou gen bonjan espwa. Lè Mika t ap pwofetize, nan uityèm syèk anvan epòk nou an, pèp alyans Bondye a te divize an de nasyon, Izrayèl ak Jida, e toule de te inyore alyans Bondye a. Kòm rezilta, prensip moral yo t ap degrade, te vin gen apostazi ak materyalis san gade dèyè. Donk, Jewova avèti yo li pral aji kont yo. Se vre, avètisman Bondye yo se te pou moun epòk Mika a. Men, sitiyasyon jodi a tèlman sanble ak sitiyasyon nan epòk Mika a, pawòl li yo gen aplikasyon pou jodi a tou. Aplikasyon sa yo ap vin klè toutpandan n ap konsidere kèk pwen enpòtan nan sèt chapit liv Mika a.

Yon ide jeneral sou liv Mika a

4. Ki enfòmasyon nou jwenn nan Mika chapit 1 rive nan chapit 3 ?

4 Annou fè yon ti koudèy sou sa ki nan liv Mika a. Nan chapit 1 an, Jewova revele rebelyon Izrayèl ak Jida. Kòm rezilta transgresyon yo, Izrayèl te detwi e pinisyon Jida te rive jis nan pòt Jerizalèm. Chapit 2 a montre moun ki rich ak moun ki pisan k ap toupizi moun ki enb ak moun ki san sekou. Toutfwa, Bondye te fè yo yon pwomès tou. Pèp Bondye a t ava rasanble ansanm nan linite. Chapit 3 a rapòte deklarasyon Jewova kont lidè nasyon an e kont pwofèt rebèl yo. Lidè yo t ap tòde lajistis, e pwofèt yo t ap bay manti. Malgre sa, lespri sen te bay Mika fòs pou l pwoklame jijman Jewova a k ap vini an.

5. Ki sa nou jwenn nan Mika chapit 4 ak chapit 5 ?

5 Chapit 4 la predi nan dènye jou yo, tout nasyon ap vin nan montay wo mezon Jewova a pou li enstwi yo. Anvan sa, Jida pral ann egzil Babilòn, men, Jewova ap delivre l. Chapit 5 lan montre Mesi a ap fèt Betleyèm nan Jida. L ap gen pou l pran swen pèp li e l ap gen pou l delivre l anba nasyon k ap maltrete l.

6, 7. Ki pwen ki parèt nan chapit 6 ak chapit 7 pwofesi Mika a ?

6 Mika chapit 6 pale de akizasyon Jewova fè kont pèp li a tankou se nan tribinal li rele l. Ki sa Jewova te fè ki te lakòz yo vin rebèl ? Anyen. Alaverite, sa li egzije yo rezonab anpil. Li vle pou adoratè l yo pratike sa ki jis, pou yo bon e pou yo modès pandan y ap mache avè l. Olye pou Izrayèl ak Jida fè sa, yo pito pran chemen rebelyon e y ap sibi konsekans sa yo te fè yo.

7 Nan dènye chapit nan pwofesi Mika a, Mika denonse mechanste moun ki t ap viv nan menm epòk ak li yo. Kwak sa, li pa t dekouraje paske li te detèmine pou l “ ret tann ” Jewova (Mika 7:7). Li fini liv la ak yon pawòl kote li demontre li gen konfyans Jewova ap fè pèp li mizèrikòd. Listwa montre espwa sa a te reyalize. Nan ane 537 anvan epòk nou an, lè disiplin Jewova t ap bay pèp li a te bout, li te retabli yon rès pami yo nan pwòp peyi yo ak mizèrikòd.

8. Ki jan w t ap rezime liv Mika a ?

8 Ala bèl enfòmasyon Jewova revele pa mwayen Mika ! Liv enspire sa a bay anpil avètisman sou fason Bondye trete moun ki pretann y ap sèvi l men ki pa fidèl. Li predi tou evènman k ap pase kounye a. E li gen ladan l konsèy Bondye bay konsènan fason nou ta dwe mennen tèt nou nan tan difisil sa yo yon fason pou esperans nou vin pi solid.

Jewova Souvren Seyè a pale

9. Dapre Mika 1:2, ki sa Jewova t apral fè ?

9 Kounye a, annou egzamine liv Mika a an detay. Men sa nou li nan Mika 1:2 : “ Tande, o nou menm pèp yo, nou tout. Se pou w atantif, o tè ak sa ki ranpli w yo, epi kite Jewova Souvren Seyè a sèvi temwen kont ou, Jewova etan li nan tanp sen l lan. ” Si w t ap viv nan epòk Mika a, asireman pawòl sa yo t ap kapte atansyon w. Anfèt, yo dwe kapte atansyon w jodi a tou paske Jewova etan li nan tanp sen l lan l ap pale e se pa avèk Izrayèl ak Jida sèlman l ap pale men se ak moun toupatou. Nan epòk Mika a, moun yo te bliye Jewova Souvren Seyè yo a pandan twò lontan. Nan yon ti tan, sa ta pral chanje. Jewova te detèmine pou l aji yon fason fèm.

10. Poukisa pawòl Mika 1:2 yo gen enpòtans pou nou ?

10 Se menm bagay ki rive jodi a. Revelasyon 14:18-20 montre Jewova ap voye mesaj ankò etan li nan tanp sen l lan. Talè konsa li pral aji yon fason fèm, e gen yon seri evènman estrawòdinè ki pral sekwe limanite ankò. Fwa sa a, yo pral jete “ grap rezen ki sou tè a ”, grap ki pa bon an, nan gran près kòlè Jewova a yon fason pou sistèm de choz Satan an detwi konplètman.

11. Ki sa pawòl Mika 1:3, 4 yo vle di ?

11 Koute ki sa Jewova pral fè. Men sa Mika 1:3, 4 di : “ Men Jewova ap soti kote l rete a, wi, l ap desann pou l mache nan zòn ki wo sou tè a. Kanmenm, mòn yo ap fonn anba l, e plenn ki anba yo pral fann, tankou lasi akoz dife, tankou dlo ki gaye sou yon pant. ” Èske Jewova ap kite syèl la kote li abite a pou l vin mache toutbonvre sou mòn ansanm ak plèn ki nan Latè pwomiz yo ? Now, li pa bezwen fè sa. L ap annik dirije atansyon l sou tè a pou l akonpli volonte l. Anplis de sa, se moun ki abite nan peyi a ki pral sibi bagay yo dekri la a, se pa peyi a li menm. Lè Jewova ap aji, rezilta a pral katastwofik pou moun ki pa fidèl yo, se kòmsi mòn yo te fonn tankou lasi e plèn yo te fann anba yon tranblemanntè.

12, 13. Ann amoni ak 2 Pyè 3:10-12, ki sa ki ka fòtifye esperans nou ?

12 Pawòl pwofetik Mika 1:3, 4 yo ka fè nou sonje yon lòt pwofesi enspire ki anonse evènman katastwofik pou tè a. Men sa apot Pyè ekri nan 2 Pyè 3:10 : “ Jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè, e nan jou sa a syèl la pral pase nan yon kout siflèt, men, bagay ki vin cho anpil anpil yo pral fonn, e tè a ak sa y ap fè sou li yo pral parèt aklè. ” Menm jan ak pwofesi Mika a, pawòl Pyè yo pa konsène syèl la ak tè a toutbonvre. Pawòl sa yo gen rapò ak yon gwo tribilasyon k ap vin sou sistèm de choz sa a ki pa gen respè pou Bondye.

13 Malgre katastwòf sa a ki gen pou vini an, kretyen yo kapab gen konfyans nan lavni menm jan ak Mika. Kòman ? Se lè yo suiv konsèy nou jwenn nan lèt Pyè a, nan vèsè ki vin apre yo. Men sa apot la di : “ Ki jan de moun nou dwe ye nan konduit ki sen ak nan aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye, pandan n ap tann e pandan nou toujou gen prezans jou Jewova a nan lespri nou ! ” ​(2 Pyè 3:11, 12). Esperans nou nan lavni ap asire si nou devlope yon kè ki obeyisan, si nou asire nou konduit nou sen e lavi nou chaje ak aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye. Pou fòtifye esperans nou, nou dwe sonje tou jou Jewova a ap vin kanmenm.

14. Poukisa Izrayèl ak Jida te merite pinisyon ?

14 Jewova esplike poukisa ansyen pèp li a te merite pinisyon. Mika 1:5 deklare : “ Se akoz rebelyon Jakòb ki fè gen tout sa, wi, akoz peche mezon Izrayèl la. Ki sa ki rebelyon Jakòb la ? Èske se pa Samari ? E kote wo nan Jida yo, ki sa yo ye ? Èske se pa Jerizalèm ? ” Si Izrayèl ak Jida egziste, se grasa Jewova. Malgre sa, yo rebele kont li, e rebelyon yo a pa fèt lòt kote, li fèt nan Samari, kapital Izrayèl ak nan Jerizalèm, kapital Jida.

Zak mechanste gaye

15, 16. Ki move aksyon moun ki t ap viv nan menm epòk ak Mika yo te konn fè ?

15 Nan Mika 2:1, 2, yo dekri yon fason frapan yon egzanp mechanste ki lakay moun ki t ap viv nan menm epòk ak Mika yo. Men sa nou li : “ Se pou malè rive moun k ap kalkile move zak pou yo fè, ak moun k ap pratike sa k pa bon, sou kabann yo ! Kou limyè maten an parèt, y al fè l, paske pouvwa yo nan men yo. Yo anvi jaden e yo fè dappiyanp sou yo, yo anvi kay tou, yo pran yo. Yo dechèpiye yon gason vanyan ak tout moun lakay li, yo dechèpiye yon gason ak tout byen li eritye. ”

16 Moun ki afre yo kouche lannuit, yo pap dòmi, y ap reflechi sou fason pou yo fè dappiyanp sou jaden ak kay vwazen yo. Nan maten, yo kouri leve pou y al fè sa k nan tèt yo a. Si yo te sonje alyans Jewova a, yo pa t ap fè aksyon mechan sa yo. Te gen dispozisyon nan Lalwa mozayik la pou pwoteje moun ki pòv. Sou Lalwa, okenn fanmi pa t ka pèdi eritaj li nèt. Sepandan, moun afre sa yo pa t bay dispozisyon sa yo enpòtans. Yo inyore pawòl Levitik 19:18 la ki di : “ Ou dwe renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou. ”

17. Ki sa ki ka rive lè moun ki pretann y ap sèvi Bondye mete bagay materyèl an premye nan lavi yo ?

17 Sa montre ki sa ki ka rive lè moun ki pretann y ap sèvi Bondye vag sou objektif espirityèl pou yo chèche bagay materyèl an premye. Men avètisman Pòl te bay kretyen nan epòk li yo : “ Moun ki pran rezolisyon pou yo rich tonbe nan tantasyon, nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki ensanse e ki nuizib, ki lage moun nan destriksyon e nan dezas. ” ​(1 Timote 6:9). Lè kouri dèyè lajan vin tounen prensipal objektif nan lavi yon moun, an reyalite se yon fo dye yo rele Mamon oubyen Larichès l ap adore. Fo dye sa a pa ofri okenn espwa sèten pou lavni. — Matye 6:24, nòt.

18. Ki sa ki t apral rive moun ki materyalis nan epòk Mika yo ?

18 Pa mwayen move eksperyans anpil moun nan epòk Mika a te fè, yo te aprann lè yon moun konte sou bagay materyèl sa se vanite. Selon Mika 2:4, men sa Jewova di : “ Jou sa a, y ap pale an parabòl sou ou e vrèman y ap jemi yon jemisman, wi yon jemisman. Men sa y ap di : ‘ Yo piye nou nèt ! Li chanje pòsyon pa pèp mwen an. Gade jan li retire l nan men m ! Li separe pwòp jaden nou yo bay moun ki pa fidèl. ’ ” Wi, moun sa yo k ap vòlè kay ak jaden pral pèdi pwòp eritaj fanmi pa yo. Yo pral egzile yo nan yon peyi etranje, e byen yo pral tounen byen “ moun ki pa fidèl ”, sa vle di moun lòt nasyon. Tout espwa pou yon demen miyò pral disparèt.

19, 20. Ki sa k te rive Juif ki te met konfyans yo nan Jewova yo ?

19 Sepandan, moun ki mete konfyans yo nan Jewova pap pran desepsyon. Jewova fidèl ak alyans li te fè ansanm ak Abraram ak David, e li gen mizèrikòd pou moun ki renmen l menm jan ak Mika e ki nan chagren poutèt konpatriyòt yo ale lwen Bondye. Poutèt moun dwat sa yo, ap gen yon restorasyon nan moman Bondye fikse pou sa a.

20 Sa rive nan ane 537 anvan epòk nou an, apre Babilòn fin tonbe e lè yon rès Juif retounen nan peyi yo. Nan moman sa a, pawòl Mika 2:12 yo gen yon premye akonplisman. Men sa Jewova di : “ M ap rasanble Jakòb toutbonvre, wi, nou tout. San mank, m ap rasanble rès Izrayelit yo ansanm. M ap fè yo vin fè yon sèl, tankou yon twoupo nan yon pak, tankou yon twoupo ki nan savann li. Pral gen anpil bri gason. ” Ala lanmou Jewova genyen ! Apre li fin disipline pèp li a, li pèmèt yon rès retounen vin sèvi l nan peyi li te bay zansèt yo a.

Resanblans ki frapan nan epòk nou an

21. Ki jan sitiyasyon jodi a sanble ak sitiyasyon ki te gen nan epòk Mika a ?

21 Pandan nou t ap konsidere de premye chapit liv Mika a, èske w pa sezi wè jan gen anpil bagay ki sanble ak sa k ap pase jodi a ? Tankou nan epòk Mika a, jodi a anpil moun pretann y ap sèvi Bondye. Poutan, menm jan ak Izrayèl ak Jida, yo divize e yo menm ap fè lagè antre yo. Anpil moun rich ki nan lakretyente ap toupizi moun ki pòv yo. Chak jou pi plis, lidè relijye yo tolere pratik Labib kondane aklè. Nou pa bezwen mande si lakretyente pral disparèt talè konsa ansanm ak tout rès “ Gran Babilòn nan ”, anpi inivèsèl fo relijyon an (Revelasyon 18:1-5) ! Sepandan, menm jan ak epòk Mika a, Jewova ap gen sèvitè fidèl k ap rete sou tè a.

22. Ki de gwoup ki mete konfyans yo nan Wayòm Bondye a ?

22 An 1919, kretyen wen fidèl yo te koupe tout relasyon avèk lakretyente e yo te kòmanse pwoklame bon nouvèl Wayòm nan pou tout nasyon (Matye 24:14). Toudabò, yo te kòmanse chèche rès Izrayelit espirityèl yo. Apre sa, yo te kòmanse rasanble “ lòt mouton ” yo, e toule de gwoup yo vin tounen “ yon sèl twoupo, yon sèl bèje ”. (Jan 10:16.) Byenke y ap sèvi Bondye kounye a nan 234 peyi, tout moun fidèl sa yo k ap adore Jewova vin rasanble “ nan linite ” toutbonvre. Pou kounye a, pak mouton an gen ladan l “ bri gason ”, ansanm ak bri fi ak bri timoun. Espwa yo se pa nan sistèm de choz sa a, men se nan Wayòm Bondye a ki pral tabli yon paradi sou tè a talè konsa.

23. Poukisa ou gen konviksyon espwa w genyen an byen chita ?

23 Konsènan adoratè fidèl Jewova yo, men sa dènye vèsè nan chapit 2 a di : “ Wa pa yo a ap pase devan yo avèk Jewova alatèt yo. ” Èske ou wè tèt ou nan kòtèj laviktwa sa a k ap suiv Wa pa w la, Jezi Kris, avèk Jewova alatèt ? Si se sa, ou kapab gen konviksyon laviktwa w asire e espwa w byen chita. Sa pral parèt pi klè toujou pandan n ap egzamine lòt pwen enpòtan nan pwofesi Mika a.

Ki repons nou ta bay ?

• Nan epòk Mika a, poukisa Jewova te deside aji kont Jida ak Izrayèl ?

• Ki sa ki ka rive lè yon moun pretann l ap sèvi Bondye epi li mete enterè materyèl an premye nan lavi l ?

• Apre w fin konsidere Mika chapit 1 ak chapit 2 a, poukisa ou gen konviksyon espwa w genyen an byen chita ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 5]

Pwofesi Mika a kapab fòtifye nou espirityèlman.

[Foto nan paj 6]

Menm jan ak rès Juif yo an 537 anvan epòk nou an, Izrayelit espirityèl yo ak konpayon yo ap soutni vrè adorasyon an.