Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon travay asire ki bay kè kontan : se pa fasil

Yon travay asire ki bay kè kontan : se pa fasil

Yon travay asire ki bay kè kontan : se pa fasil

DAPRE sa nou li nan Deklarasyon inivèsèl dwa moun, yon dokiman Nasyonzini pibliye, tout moun gen “ dwa pou yo travay ”. Se yon dwa fondamantal. Sepandan, yo pa toujou respekte dwa sa a. Anpil bagay ka fè travay yon moun pa asire, soti nan jan sitiyasyon ekonomik lan ye nan peyi kote moun nan ap viv la rive nan jan kondisyon yo ye sou mache mondyal la. Toutfwa, lè moun pèdi djòb yo oswa yo santi yo sou wout pèdi l, sa konn bay gwo pwoblèm tankou manifestasyon, zak briganday ak grèv. Se yon sitiyasyon ki touche prèske tout peyi. Dapre sa yon ekriven di, menm mo “ travay ” la poukont pa l “ ka pwovoke divès kalite reyaksyon lakay yon moun, e sa te toujou konsa ”.

Gen plizyè rezon ki esplike poukisa travay se yon aktivite ki enpòtan pou nou. Non sèlman li pèmèt nou gen yon salè, men tou li fè nou santi nou byen ni nan domèn mantal, ni nan domèn afektif. Nou tout ta renmen wè nou itil nan sosyete kote n ap viv la. E lè n ap travay sa pèmèt nou jwenn satisfaksyon sa a, e sa ede nou gen objektif nan lavi nou. Epitou, nou vin pi satisfè de tèt nou. Menm moun ki chaje ak lajan, oswa moun ki rive nan laj pou yo pran retrèt, konn prefere kontinye travay. Wi, travay si tèlman enpòtan, lè pa gen ase travay pou tout moun, souvan sa bay gwo pwoblèm nan sosyete a.

Yon lòt bò, gen moun ki gen yon travay, men yo tèlman jwenn presyon nan travay sa a, yo vin pa renmen l ankò. Pa egzanp, akoz gwo konkirans ki genyen sou mache a, gen yon kantite konpayi, kantite k ap ogmante chak jou, ki revoke yon valè nan anplwaye yo yon fason pou yo ka diminye depans yo. Sa konn lakòz yo fè anplwaye ki rete yo plis egzijans. Rezilta ? Anplwaye sa yo konn oblije fè siplemantè.

Sanble teknik syantifik ki fèk parèt yo, ki ta sipoze fè lavi moun vin pi fasil, e ki ta sipoze fè moun bay yon pi bon rannman nan travay yo, ajoute pito sou presyon moun rankontre kote y ap travay. Pa egzanp, òdinatè, faks ak Entènèt bay anpil moun posiblite pou y al fin fè travay yo lakay yo, sa ki fè ou vin prèske pa ka wè diferans ki genyen ant lakay ak travay. Gen yon anplwaye ki te konsidere pedjè ak telefòn pòtab yo ba li nan travay li kòm yon kòd envizib ki nan kou l epi pwent kòd la nan men patwon an.

N ap viv nan yon monn kote gen chanjman rapid k ap fèt nan domèn ekonomik ak nan zafè travay. Chanjman sa yo fè anpil granmoun pè pou yo pa remize yo anvan lè. Men sa Chris Sidoti, yon ansyen Komisè pou dwa moun, te di sou sa : “ Sanble gen anpil moun ki gen yon sèl ide nan tèt yo : depi yon moun depase 40 an, li pap ka sèvi ak òdinatè e li pap ka adapte l ak teknik syantifik ki fèk parèt yo. ” Konsa, anpil bon anplwaye, yo te konsidere kòm moun ki te gen tout fòs yo sou yo, vin tonbe kounye a sou lis moun yo jije twò granmoun pou yo sèvi ak yo. Ala tris sa tris !

Nan ane ki sot pase yo, konsyans pwofesyonèl ak atachman moun te konn abitye genyen pou kote y ap travay la vin diminye anpil e nou ka konprann sa. Tande ki pawòl Libération, yon jounal fransè, te di : “ Lè yon ekip gwo konpayi tonbe revoke moun san gade dèyè pou mwenn ti sekous ki genyen nan ekonomi mondyal la, atachman anplwaye yo te genyen pou konpayi sa yo vin pa egziste ankò. Yo travay pou yo jwenn sa yo bezwen, se vre, men yo pa wè avantaj konpayi an. ”

Malgre tout pwoblèm sa yo k ap vin pi plis chak jou, moun toujou bezwen travay. Donk, nan monn sa a k ap chanje rapidman an, nou bezwen gen yon pwennvi ekilibre sou travay, e nou bezwen fè tout sa nou kapab pou nou jwenn kè kontan nan travay nou.

[Foto nan paj 3]

Sanble teknik syantifik ki fèk parèt yo fè moun travay anba plis presyon toujou.