TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Septanm 2019

Nan Toudegad sa a n ap jwenn atik yo pral etidye soti 28 oktòb rive 1ye desanm 2019.

Jewova bay moun k ap sèvi l avèk imilite yo anpil valè

Imilite se youn nan kalite ki pi enpòtan nou bezwen chèche genyen. Poukisa l ka difisil pou n kontinye gen imilite lè sitiyasyon nou chanje?

Amagedon se yon bon nouvèl!

Ki gwo evènman k ap mennen nan Amagedon? Ki jan nou ka ret fidèl toutpandan lafen an ap pwoche?

Annou dispoze soumèt devan Jewova

Ansyen yo, papa yo ak manman yo ka aprann soumisyon lè yo egzamine egzanp gouvènè Neyemi, wa David ak Mari, manman Jezi.

“Vin jwenn mwen, [...] e m ap ban nou fòs”

Ki sa sa mande pou nou aksepte envitasyon Jezi a? N ap kontinye pran fòs anba jouk Jezi a si nou fè twa bagay.

“Yon gwo foul moun!”

Nan vizyon Jan te fè a, yon vizyon ki se yon pwofesi, Jewova te fè konnen kiyès ki fè pati ‘gwo foul moun’ ki pral chape nan gwo tribilasyon an e ki pral viv pou toutan sou tè a, ki gwosè l, ak ki kalite moun li gen ladan l.