TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Fevriye 2020

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 6 avril rive 3 me 2020.

Jewova, Papa nou an, renmen nou anpil

Nou ka gen asirans Papa nou an ki nan syèl la renmen nou, li enterese nan nou, e li pap janm abandone n.

Nou renmen Jewova, Papa nou an, anpil

Ann egzamine kèk bagay nou ka fè pou nou montre Jewova, Papa nou an ki gen sousi pou nou an, nou renmen l.

Ann kontinye chèche viv anpè lè n goumen kont anvi

Pafwa nou ka santi n ap goumen ak anvi nan kè nou. Ann egzamine kèk bagay nou ka fè pou nou goumen kont defo sa a ki se anvi e pou nou chèche viv anpè ak lòt moun.

Kite Jewova soulaje w

Ana, apot Pòl, ak wa David te gen gwo enkyetid. Ki sa nou ka aprann sou fason Jewova te konsole yo e sou fason li te soulaje yo?

BYOGRAFI

Bon egzanp m te suiv te pèmèt mwen jwenn anpil benediksyon

Léonce Crépeault rakonte ki jan bon egzanp kèk moun fidèl te ede l fè fas ak laperèz li te genyen e ki jan sa te ede l jwenn yon pakèt benediksyon pandan 58 ane li pase nan sèvis aplentan.

Èske w te konnen?

Ki prèv akeyològ yo jwenn ki montre Bèlchaza te egziste e li te wa nan Babilòn?