Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 73

Fè nou gen kran

Fè nou gen kran

(Travay 4:29)

  1. 1. Pandan n’ap bay bon nouvèl la,

    E n’ap fè konn non’w ki gran,

    Nou jwenn anpil opozisyon

    Ki ka bay dekourajman.

    Men, olye nou pè lèzòm,

    Nou vle se ou pou’n obeyi.

    Donk, n’ap mande ou pou’w ban’n lespri’w;

    O Jewova, tande’n tanpri.

    (REFREN)

    Fè nou gen kran, o Toupisan,

    Pou’n preche san nou pa pè.

    Fè nou gen konfyans ak kouraj

    Pou’n bay mesaj la byen klè.

    Amagedon ap vin talè,

    Anvan jou sa’ rive Seyè,

    Fè nou gen kran, o Toupisan,

    Koute priyè’n.

  2. 2. Lè laperèz anvayi nou,

    Pa bliye nou se pousyè.

    Ou soutni’n ou ban nou valè,

    Nou kwè nan pwomès ou fè.

    Gade jan y’ap ban’n presyon,

    Y’ap pèsekite nou toutan.

    Tanpri, ede nou pou’n andire,

    Pou’n fè konn non ou avèk kran.

    (REFREN)

    Fè nou gen kran, o Toupisan,

    Pou’n preche san nou pa pè.

    Fè nou gen konfyans ak kouraj

    Pou’n bay mesaj la byen klè.

    Amagedon ap vin talè,

    Anvan jou sa’ rive Seyè,

    Fè nou gen kran, o Toupisan,

    Koute priyè’n.