Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Selebrasyon Memoryal la Vandredi 3 avril 2015

Selebrasyon Memoryal la Vandredi 3 avril 2015

JOU ki te samdi 7 mas 2015 lan, sou tout tè a, kongregasyon yo te lanse yon kanpay predikasyon ki te dire kat semèn pou envite plis moun posib vin komemore lanmò Jezi Kris avèk yo e pou yo koute yon diskou sou byenfè nou jwenn grasa lanmò Kris. Yo te envite plizyè milyon moun swa dirèkteman, swa nan telefòn oswa pa imel. Ki fason moun yo te reyaji? Se pa ti kontan Temwen Jewova yo te kontan akeyi 19 862 783 moun nan evènman sakre sa a jou vandredi 3 avril 2015 lan! Kounye a, gen anpil efò k ap fèt pou ede tout moun ki te asiste yo vin met ansanm ak pèp Jewova a pou yo adore vrè Dye a e pou yo jwi lanmou ak benediksyon li bay yo. — Miche 4:2.