Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

5YÈM PATI

Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?

Nan epòk delij la, kiyès ki te koute? Kiyès ki pa t koute?

Pifò moun nan epòk Noye a t ap fè sa ki mal. Jenèz 6:5

Adan ak Èv te fè pitit, e te vin gen anpil moun sou tè a. Rive yon lè, gen kèk zanj ki te vin rebèl menm jan ak Satan.

Yo te vin sou tè a e yo te pran fòm kò gason pou yo te ka marye ak medam yo. Medam sa yo te fè yon seri pitit gason ki pa t menm jan ak tout moun, yo te brital e yo te gen anpil fòs.

Monn nan te vin ranpli ak moun ki t ap fè sa ki mal. Labib fè konnen “lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a, e tout tandans ki te nan kè yo se fè sa ki mal toutan”.

Noye te koute Bondye, li te bati yon lach. Se te yon gwo batiman. Jenèz 6:13, 14, 18, 19, 22

Noye se te yon bon moun. Jewova te di Noye Li pral detwi mechan yo nan yon delij.

Bondye te di Noye tou pou l bati yon lach, e li te di l pou l fè fanmi l antre ladan l ansanm ak tout kalite bèt.

Noye te avèti moun yo gen yon delij k ap vini, men yo pa t koute. Gen kèk ladan yo ki te pase Noye nan rizib, gen lòt ki te rayi l.

Lè lach la te fini, Noye te fè bèt yo antre ladan l.