Jezi se chemen an, verite a, lavi a

Nan liv sa a, w ap kapab li enfòmasyon konsènan evènman Bib la fè konnen ki te rive nan lavi Jezi.

ENTWODIKSYON

Chemen an, verite a, lavi a

Ansèyman Jezi yo ak aksyon li yo, yo pale de yo nan evanjil yo, ka chanje lavi w.

CHAPIT 1

De mesaj ki sot nan Bondye

Li te difisil pou moun kwè mesaj zanj Gabriyèl te pote yo.

CHAPIT 2

Yo onore Jezi anvan l fèt

Ki fason Elizabèt ansanm ak pitit li a ki potko fèt onore Jezi?

CHAPIT 3

Moun ki pral prepare wout la fèt

Osito Zakari retounen pale grasa yon mirak, li te bay yon pwofesi ki enpòtan.

CHAPIT 4

Mari ansent anvan l marye

Èske Jozèf te kwè Mari lè Mari te di l se pa yon gason ki ansent li, men se lespri sen?

CHAPIT 5

Ki kote Jezi fèt e ki lè l fèt?

Ki jan n fè konnen Jezi pa t fèt 25 desanm?

CHAPIT 6

Timoun Bondye te pwomèt la

Lè Jozèf ak Mari mennen Jezi nan tanp lan lè l te bebe, gen de Izrayelit aje ki pwofetize konsènan sa k pral rive Jezi alavni.

CHAPIT 7

Astwològ yo vin vizite Jezi

Poukisa zetwal yo te wè nan Lès la te mennen yo kot wa Ewòd, ki te yon asasen, an premye apre sa l te mennen yo kot Jezi?

CHAPIT 8

Yo chape anba men yon dirijan ki mechan

Gen twa pwofesi biblik konsènan Mesi a ki akonpli byen bonè nan lavi Jezi.

CHAPIT 9

Jezi grandi Nazarèt

Konbyen frè ak sè Jezi te genyen?

CHAPIT 10

Fanmi Jezi vwayaje al Jerizalèm

Lè Jozèf ak Mari pa ka jwenn Jezi, sa ba yo pwoblèm. Jezi sezi paske yo pa t ka gentan konnen kote pou yo jwenn li.

CHAPIT 11

Jan ki konn batize moun nan prepare chemen an

Lè kèk Farizyen ak Sadiseyen vin kot Jan, li kondane yo. Poukisa?

CHAPIT 12

Jezi batize

Sa k fè Jezi mande pou l batize alòske li pa janm peche?

CHAPIT 13

Sa n aprann nan fason Jezi te fè fas ak tantasyon

Tantasyon Jezi te jwenn yo montre de bagay enpòtan konsènan Dyab la.

CHAPIT 14

Jezi kòmanse fè disip

Ki sa k te fè sis premye disip Jezi yo kwè yo te jwenn Mesi a?

CHAPIT 15

Jezi fè premye mirak li

Jezi montre manman l se pa li menm k ap dirije l men se Papa l ki nan syèl la k ap dirije l.

CHAPIT 16

Jezi montre l chofe pou vrè adorasyon an

Lwa Bondye a pèmèt moun achte bèt Jerizalèm pou yo fè sakrifis, donk, poukisa Jezi te fache kont machann yo ki te nan tanp?

CHAPIT 17

Li anseye Nikodèm nan nuit

Ki sa “fèt yon lòt fwa ankò” vle di?

CHAPIT 18

Aktivite Jezi ogmante, aktivite Jan diminye

Disip Jan ki konn batize moun nan genyen yo jalou byenke Jan pa jalou.

CHAPIT 19

Li anseye yon Samaritèn

Jezi di dam nan yon bagay petèt li pa t esplike pèsonn.

CHAPIT 20

Li fè yon dezyèm mirak nan vil Kana

Jezi geri yon timoun nan yon distans 26 kilomèt.

CHAPIT 21

Jezi nan sinagòg ki nan Nazarèt la

Ki pawòl Jezi te di ki fè moun ki soti nan menm zòn avè l yo vle touye l?

CHAPIT 22

Gen kat nan disip li yo ki vin pechè moun

Li envite kat disip pou yo abandone yon kalite pèch pou yo vin fè yon lòt kalite pèch.

CHAPIT 23

Jezi fè yon gwo travay nan Kapènawòm

Lè Jezi te chase demon, li pa t kite yo di li se Pitit Bondye. Poukisa?

CHAPIT 24

Li ogmante aktivite l nan Galile

Moun vin bò kot Jezi pou yo jwenn gerizon, sepandan Jezi esplike yo travay li a gen yon pi gwo objektif.

CHAPIT 25

Li demontre konpasyon pou yon mesye ki gen lèp e li geri l

Jezi di yon pawòl ki senp e ki pisan ki montre li vrèman gen sousi pou moun li geri yo.

CHAPIT 26

“Peche w yo padone”

Ki lyen Jezi te montre ki genyen ant peche ak maladi?

CHAPIT 27

Li envite Matye vin suiv li

Poukisa Jezi manje ak yon seri moun k ap pratike peche?

CHAPIT 28

Poukisa disip Jezi yo pa fè jèn?

Jezi sèvi ak egzanp bidon ki fèt ak po bèt la pou l bay repons lan.

CHAPIT 29

Èske yon moun ka fè bèl aksyon jou saba a?

Poukisa Juif yo ap pèsekite Jezi pou mesye li geri ki te gen 38 an depi l malad la?

CHAPIT 30

Relasyon Jezi gen ak Papa l

Juif yo panse Jezi konsidere tèt li egal ak Bondye, men Jezi te montre aklè Bondye pi gran pase l.

CHAPIT 31

Yo kase kèk grap ble nan jou saba a

Poukisa Jezi pale de tèt li kòm “Seyè saba a”?

CHAPIT 32

Ki sa moun gen dwa fè nan jou saba a

Sadiseyen yo ak Farizyen yo, nòmalman ki pa danse kole, met tèt yo ansanm nan yon sèl objektif.

CHAPIT 33

Li akonpli yon pwofesi Ezayi te anonse

Poukisa Jezi bay moun li geri yo lòd pou yo pa fè konnen kiyès li ye oswa ki sa li te fè?

CHAPIT 34

Jezi chwazi douz apot

Ki diferans ki genyen ant yon apot ak yon disip?

CHAPIT 35

Diskou anpil moun byen konnen Jezi te bay sou mòn nan

Chèche jwenn esplikasyon sou pwen enpòtan nan diskou Jezi a.

CHAPIT 36

Yon ofisye ki demontre gwo lafwa

Ki sa ofisye lame a fè ki fè Jezi sezi?

CHAPIT 37

Jezi resisite pitit gason yon vèv

Moun ki te wè mirak sa a t ap chèche konnen sa mirak sa a vle di toutbon.

CHAPIT 38

Jan ta renmen konn sa Jezi di

Poukisa Jan ki konn batize moun nan mande si se Jezi ki Mesi a? Èske Jan te gen dout?

CHAPIT 39

Malè pou yon jenerasyon ki rebèl

Jezi di nan Jou Jijman an, l ap pi fasil pou peyi Sodòm pase vil Kapènawòm, ki se vil kote li te konn òganize aktivite l.

CHAPIT 40

Yon leson sou padon

Lè Jezi di yon dam, ki petèt te yon pwostitye, peche l yo padone, èske Jezi te vle di yon moun gen dwa vyole Lwa Bondye te bay la?

CHAPIT 41

Ki kote l jwenn pouvwa pou l fè mirak?

Frè Jezi yo kwè tèt Jezi pati.

CHAPIT 42

Jezi reprimande Farizyen yo

Ki sa “siy pwofèt Jonas la” ye?

CHAPIT 43

Kèk egzanp konsènan Wayòm nan

Jezi bay uit egzanp pou l esplike divès aspè Wayòm nan.

CHAPIT 44

Jezi kalme yon gwo tanpèt

Lè Jezi te kalme van an ak lanmè a, li aprann nou yon leson enpòtan konsènan fason bagay yo pral ye lè l ap dirije antanke wa.

CHAPIT 45

Li gen pouvwa sou yon pakèt demon

Èske yon moun ka gen plizyè demon sou li?

CHAPIT 46

Li touche rad Jezi epi li geri

Jezi montre pouvwa ak konpasyon l genyen nan evènman touchan sa a.

CHAPIT 47

Yon tifi retounen ap viv ankò!

Moun yo pase Jezi nan rizib lè Jezi di tifi ki mouri a se jis dòmi l ap dòmi. Ki sa Jezi te konnen yo pa t konnen?

CHAPIT 48

Li fè mirak, men yo pa byen akeyi l menm nan Nazarèt

Moun Nazarèt yo pa byen akeyi Jezi. Se pa akoz ansèyman li yo ak mirak li yo, men se pou yon lòt rezon.

CHAPIT 49

Li preche nan Galile e li bay apot yo fòmasyon

Ki sa ekspresyon ‘Wayòm syèl la vin pi pre’ a vle di toutbon?

CHAPIT 50

Li prepare yo pou yo preche menmsi yo jwenn pèsekisyon

Poukisa l di yo pou yo kouri al nan yon lòt vil lè yo pèsekite yo byenke yo pa pè lanmò?

CHAPIT 51

Yo touye yon moun pandan y ap fete yon anivèsè nesans

Ewòd tèlman pran plezi nan dans Salome a, li pwomèt Salome pou l ba l kèlkeswa sa l mande. Ki vye demann li fè a?

CHAPIT 52

Li sèvi ak kèk pen ansanm ak kèk pwason pou l bay plizyè milye moun manje

Mirak Jezi fè a tèlman enpòtan toule kat Evanjil yo pale de li.

CHAPIT 53

Yon wa ki gen kontwòl sou fòs ki gen nan lanati

Ki leson apot yo aprann nan mirak Jezi fè pou l mache sou dlo e pou l kalme van an?

CHAPIT 54

Jezi se “pen ki bay lavi a”

Poukisa Jezi te reprimande moun yo malgre yo te fè gwo efò pou yo vin kote l?

CHAPIT 55

Pawòl Jezi yo choke anpil moun

Ansèyman Jezi te bay la te tèlman choke disip yo, sa te fè anpil ladan yo kite l.

CHAPIT 56

Ki sa k sal yon moun vre?

Eske se sa k antre nan bouch oswa sa k soti nan bouch?

CHAPIT 57

Jezi geri yon tifi epi l geri yon mesye ki soud

Poukisa yon dam pa t fache lè Jezi te konpare nasyon li an ak ti chen?

CHAPIT 58

Li fè mirak pou l bay plizyè milye moun pen e li bay avètisman konsènan ledven

Finalman, disip Jezi yo rive konprann de ki ledven Jezi ap pale.

CHAPIT 59

Kiyès Pitit lòm nan ye?

Ki sa kle Wayòm nan ye? Kiyès k ap itilize yo e ki jan?

CHAPIT 60

Aparans li chanje: Yon apèsi sou Kris nan glwa li

Nan ki sans aparans Jezi te chanje a? Ki sa sa vle di?

CHAPIT 61

Li geri yon tigason ki gen demon sou li

Jezi di gen nan yo ki te manke lafwa ki fè gerizon an pa t rive fèt. Men, kiyès nan yo ki te gen pwoblèm sa a? Tigason an, papa l oswa disip Jezi yo?

CHAPIT 62

Yon leson enpòtan sou imilite

Yon seri mesye k ap aprann yon bagay enpòtan pa mwayen yon timoun piti.

CHAPIT 63

Jezi bay apot li yo konsèy sou zafè bite ak peche a

Li ban nou twa etap pou n suiv pou n ka regle pwoblèm grav nou gen ak frè nou.

CHAPIT 64

Li enpòtan pou nou padone

Jezi sèvi ak egzanp esklav san pitye a pou l montre jan sa enpòtan anpil pou Bondye wè nou se moun ki dispoze padone lòt moun.

CHAPIT 65

L ap anseye pandan l ap vwayaje pou l al Jerizalèm

Nan twa konvèsasyon tou kout Jezi te fè yo li montre atitid ki ka lakòz yon moun pa suiv li.

CHAPIT 66

Li nan Jerizalèm pou fèt Tabènak yo

Ki sa k te fè moun sa yo ki t ap koute Jezi yo panse li gen yon demon sou li?

CHAPIT 67

“Pa janm gen yon moun ki pale konsa”

Anfèt, prèske tout moun ki fè pati tribinal Juif la kont Jezi, men gen yon manm pami yo ki pale an byen de Jezi avèk kouraj.

CHAPI 68

Pitit Gason Bondye a se “limyè pou monn nan”

Jezi te di li se “laverite ap libere nou”. Libere nou anba ki sa?

CHAPIT 69

Èske se Abraram ki papa yo oswa Dyab la?

Jezi montre yo fason yo ka rekonèt pitit Abraram yo, ak kiyès Papa l ye toutbon.

CHAPIT 70

Jezi geri yon mesye ki fèt tou avèg

Disip yo mande poukisa mesye sa a avèg. Èske se akoz peche l? Oswa peche paran l? Moun yo pa t reyaji menm jan lè Jezi geri mesye a.

CHAPIT 71

Farizyen yo bay mesye ki te avèg la pwoblèm

Rezònman mesye ki avèg la fè a fè Farizyen yo fache. Sa paran mesye a te pè ki pou pa rive a se sa k te rive, Farizyen yo mete mesye a deyò nan sinagòg la.

CHAPIT 72

Jezi voye 70 disip al preche

Jezi voye 70 disip al preche Wayòm nan nan Jide. Ki kote disip yo t ap preche? Nan sinagòg oswa lakay moun?

CHAPIT 73

Yon Samariten ki montre l se yon bon pwochen

Ki jan Jezi sèvi ak parabòl “bon Samariten an” pou l anseye yon leson enpòtan?

CHAPIT 74

Leson konsènan akeyi moun ak lapriyè

Jezi al lakay Mari ak Mat. Ki sa li anseye konsènan akeyi moun? Annapre, ki sa li anseye disip li yo anrapò ak sa pou yo mande nan priyè yo?

CHAPIT 75

Jezi montre sa k bay kè kontan

Jezi pale konsènan ‘dwèt Bondye’ e kòman ‘Wayòm Bondye a rive sou yo toutbon’. Anplis de sa, li fè konnen fason moun ka jwenn vrè kè kontan an.

CHAPIT 76

Jezi ap manje ak yon Farizyen

Jezi montre aklè Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo ipokrit. Ki chay lou yo te met sou do pèp la?

CHAPIT 77

Jezi bay konsèy konsènan richès

Jezi bay egzanp yon mesye rich ki konstwi yon pi gwo magazen. Ki konsèy li bay konsènan danje ki genyen nan chèche richès?

CHAPIT 78

Se pou entandan fidèl la montre li pare!

Jezi montre li enterese nan byennèt espirityèl disip li yo. Ki wòl entandan fidèl la t apral jwe nan byennèt espirityèl yo? Poukisa li enpòtan pou nou montre nou pare?

CHAPIT 79

Rezon ki fè destriksyon an ap vini

Jezi di moun l ap eseye ede yo sou wout pou yo detwi si yo pa repanti. Èske y ap rive konprann pwen enpòtan Jezi ap eseye anseye yo anrapò ak relasyon yo gen ak Bondye?

CHAPIT 80

Bon bèje a ak pak mouton l yo

Fason yon bèje boule ak twoupo mouton l byen montre santiman Jezi genyen pou disip li yo. Èske yo konnen ansèyman l yo epi yo suiv li?

CHAPIT 81

Li menm ak Papa a se youn, men li pa Bondye

Gen moun k ap kritike Jezi, yo akize l kòmkwa li ta fè konprann li egal ak Bondye. Ki jan Jezi rejte fo akizasyon sa a avèk ladrès?

CHAPIT 82

Aktivite Jezi nan Pere

Jezi esplike moun k ap koute l yo ki sa pou yo fè pou yo ka sove e rezon ki fè anpil moun echwe. Konsèy li bay la te enpòtan nan epòk li a. Èske l toujou enpòtan jodi a?

CHAPIT 83

Envitasyon pou yon repa

Pandan Jezi ap pran yon repa lakay yon Farizyen, li bay yon egzanp konsènan yon gwo soupe. Li bay yon leson enpòtan pou tout pèp Bondye a. Ki leson sa a?

CHAPIT 84

Ki efò sa mande pou yon moun vin disip Jezi?

Se yon gwo responsablite sa ye pou yon moun vin yon disip Kris. Jezi di tout sa sa mande. Gen kèk nan moun ki ta renmen vin disip li ki choke lè yo tande sa l di.

CHAPIT 85

Se pou nou kontan lè moun ki peche repanti

Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo kritike Jezi pou fason l boule ak moun ki nan mas pèp la. Se sa k fè, Jezi sèvi ak kèk egzanp pou l montre jan Bondye moun wè moun k ap pratike peche yo.

CHAPIT 86

Pitit gason ki te pèdi a retounen

Ki leson nou ka aprann nan egzanp Jezi bay konsènan pitit gason ki te pèdi a?

CHAPIT 87

Annou aji avèk sajès lè n ap fè pwojè pou lavni

Pou Jezi anseye yon bèl verite li itilize yon egzanp konsènan yon entandan ki pa jis, ki fè bon planifikasyon.

CHAPIT 88

Yon chanjman pou mesye rich la ak Laza

Sa k ap ede n byen konprann egzanp Jezi a se idantifye kiyès de pèsonaj prensipal yo reprezante.

CHAPIT 89

L ap anseye nan zòn Pere pandan l sou wout pou l al Jide

Li pale konsènan yon kalite ki kapab ede nou padone menm moun ki peche plizyè fwa kont nou.

CHAPIT 90

‘Rezirèksyon an ak lavi a’

Ki sa Jezi te vle di lè l te di moun ki demontre lafwa nan li yo “pap janm mouri ditou”?

CHAPIT 91

Laza resisite

Gen de bagay nan evènman sa a ki fè li enposib pou menm moun ki te opoze ak Jezi yo nye mirak la.

CHAPIT 92

Li geri dis moun ki gen lèp men se yon sèl ki montre l gen rekonesans

Mesye ki te geri a pa montre rekonesans pou Jezi sèlman men li montre rekonesans pou yon lòt moun tou.

CHAPIT 93

Pitit lòm nan ap parèt aklè

Ki jan lè Jezi vini li pral klere tankou zèklè?

CHAPIT 94

Li enpòtan pou n priye e pou n gen imilite

Nan egzanp jij enjis ak vèv la, Jezi mete aksan sou yon kalite byen presi.

CHAPIT 95

Li anseye sou divòs ak lanmou pou timoun

Jezi pa wè timoun piti yo jan disip li yo wè yo. Sa k fè sa?

CHAPIT 96

Jezi reponn yon kesyon yon jèn chèf ki rich poze l

Ki sa k pouse Jezi di li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je zegui pase pou yon moun rich antre nan Wayòm Bondye a?

CHAPIT 97

Egzanp travayè ki travay nan jaden rezen yo

Nan ki sans moun ki premye yo ap vin dènye e moun ki dènye yo ap vin premye?

CHAPIT 98

Yon lòt fwa ankò, apot yo ap chèche gen gwo pozisyon

Jak ak Jan ap mande yon pozisyon espesyal nan Wayòm nan, men se pa yo de a sèlman.

CHAPIT 99

Jezi geri de mesye ki avèg e li ede Zache

Ki jan nou ka konprann istwa nou jwenn nan liv Matye ak liv Mak la konsènan mesye avèg Jezi geri toupre Jeriko a, yon istwa ki parèt gen kontradiksyon?

CHAPIT 100

Egzanp li bay konsènan dis pyès monnen ann ajan yo

Ki sa Jezi vle di lè l di: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis. Men, moun ki pa genyen an, y ap pran menm sa l genyen an nan men l”?

CHAPIT 101

Yon repa lakay Simon nan Betani

Mari, sè Laza, fè yon bagay ki lakòz gwo diskisyon, men Jezi defann li.

CHAPIT 102

Wa a antre Jerizalèm sou yon ti bourik

Li akonpli yon pwofesi ki gen senksanzan depi yo te anonse l.

CHAPIT 103

Li pirifye tanp lan ankò

Komèsan nan Jerizalèm yo sanble ap fè komès ki legal, donk, poukisa Jezi rele yo vòlè?

CHAPIT 104

Juif yo tande vwa Bondye: Èske sa ap fè yo demontre lafwa?

Èske gen yon diferans ant mete lafwa nan Jezi ak aji pou demontre lafwa sa a?

CHAPIT 105

Li sèvi ak yon pye fig frans pou l anseye yon leson sou lafwa

Jezi anseye disip li yo konsènan pouvwa lafwa genyen e li esplike yo rezon ki fè Bondye rejte nasyon Izrayèl la.

CHAPIT 106

De egzanp ki gen rapò ak jaden rezen

Chèche konprann sans egzanp mesye ki mande pitit gason l yo pou yo travay nan jaden rezen l lan ak egzanp mesye ki kite jaden rezen l lan nan men kiltivatè mechan yo.

CHAPIT 107

Yon wa envite moun nan yon resepsyon maryaj

Egzanp Jezi a akonpli yon pwofesi.

CHAPIT 108

Jezi pa kite yo pran l nan pyèj

Li fè Farizyen yo, Sadiseyen ak tout lòt opozan l yo fèmen bouch yo.

CHAPIT 109

Jezi denonse opozan relijye yo

Poukisa Jezi montre li pa dakò tout relijyon bon?

CHAPIT 110

Dènye jou Jezi nan tanp lan

Li sèvi ak egzanp vèv malerèz la pou l anseye yon gwo leson.

CHAPIT 111

Apot yo mande yon siy

Pwofesi li te bay la te gen yon premye akonplisman nan premye syèk la. Èske l ap gen yon pi gwo akonplisman ankò?

CHAPIT 112

Li ba yo egzanp dis vyèj la pou yo kontinye veye

Èske Jezi te anseye mwatye nan disip li yo t ap sòt e mwatye t ap prevwayan?

CHAPIT 113

Li sèvi ak egzanp talan yo pou li anseye yo pou yo travay di

Nan egzanp Jezi bay la li esplike pawòl sa a: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis.”

CHAPIT 114

Kris sou twòn li e l ap jije mouton ak kabrit yo

Jezi sèvi ak yon bèl egzanp pou l esplike sou ki baz jijman etènèl la ap fèt.

CHAPIT 115

Dènye fèt Pak Jezi pral selebre a ap pwoche

Poukisa li enpòtan pou n konnen chèf relijye yo dakò bay Jida egzakteman 30 pyès monnen ann ajan pou l trayi Jezi?

CHAPIT 116

Li anseye yon leson sou imilite nan dènye fèt Pak la

Li fè apot yo sezi wè l k ap fè travay ki rabesan.

CHAPIT 117

Soupe Seyè a

Jezi tabli yon Memoryal pou disip li yo selebre chak 14 Nizan.

CHAPIT 118

Y ap fè diskisyon pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan

Apot yo gentan bliye leson Jezi te anseye yo nan menm nuit la.

CHAPIT 119

Jezi se chemen an, verite a, lavi a

Jezi anseye yon leson ki enpòtan anpil konsènan fason pou moun pwoche kot Bondye.

CHAPIT 120

Li ankouraje yo pou yo se branch ki bay fwi e pou yo vin zanmi l

Nan ki sans disip Jezi yo “bay fwi”?

CHAPIT 121

“Pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan”

Si monn nan egzekite Jezi, ki jan l fè pot laviktwa sou monn nan?

CHAPIT 122

Dènye priyè Jezi fè anvan l kite pyès aletaj la

Li fè montre aklè li akonpli bagay ki pi enpòtan pase sove limanite.

CHAPIT 123

Li kontinye priye pandan l nan gwo lapenn

Poukisa Jezi priye li di: “Retire koup sa a devan m”? Èske se kouri l ap kouri pou wòl li genyen pou l mouri kòm ranson an?

CHAPIT 124

Yo livre Kris e yo arete l

Jida kapab jwenn Jezi byenke li nan nuit.

CHAPIT 125

Yo mennen Jezi bay Àn, apre sa yo mennen l bay Kayif

Jijman Jezi a se yon vyolasyon Lalwa.

CHAPIT 126

Li nye Jezi lakay Kayif

Ki jan Pyè, yon moun ki gen lafwa e ki zele nan sèvis li, fè nye Jezi byen vit konsa?

CHAPIT 127

Sanedren an jije l, apre sa yo mennen l bay Pilat

Juif yo revele vrè entansyon yo genyen.

CHAPIT 128

Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan

Poukisa Pilat voye Jezi bay Ewòd pou Ewòd jije Jezi? Èske Pilat pa gen otorite pou l jije Jezi?

CHAPIT 129

Pilat di: “Gade! Men nonm nan!”

Menm Pilat konnen bèl kalite Jezi genyen yo.

CHAPIT 130

Li remèt yo Jezi e y al avè l pou yo touye l

Poukisa Jezi mande fi ki nan lapenn nan pou l kriye pou pitit li yo olye l pou l kriye pou li?

CHAPIT 131

Yon wa ki inosan k ap soufri sou yon poto

Jezi fè youn nan kriminèl ki bò kote l yo yon pwomès k ap reyalize nan yon tan ki lwen.

CHAPIT 132

“Vrèmanvre, mesye sa a te Pitit Bondye”

Mirak ki te fèt pou gen fènwa pandan gwo jounen, gwo tranblemanntè ak rido tanp lan ki te chire an de a montre yon sèl bagay.

CHAPIT 133

Yo prepare kò Jezi e yo mete l nan tonm

Poukisa li ijan pou yo antere kò Jezi anvan solèy fin kouche?

CHAPIT 134

Tonm nan vid, Jezi vivan!

Apre Jezi fin resisite, li parèt devan yon fi ki te disip li anvan li parèt devan apot li yo.

CHAPIT 135

Jezi resisite e li parèt devan anpil moun

Ki jan Jezi pwouve disip li yo li resisite?

CHAPIT 136

Bò Lanmè Galile a

Pandan twa fwa, Jezi fè Pyè sonje fason l ka pwouve li renmen l.

CHAPIT 137

Plizyè santèn moun wè l anvan fèt Pannkòt la

Apre Jezi fin resisite e anvan l monte nan syèl la, li te toujou ap di disip li yo sa yo t apral jwenn e fason yo ta dwe sèvi avè l.

CHAPIT 138

Kris adwat Bondye

Ki sa Jezi ap fè pandan l ap tann moman li pral aji kont ènmi l yo?

CHAPIT 139

Jezi fè tè a tounen yon paradi e li fini ak travay yo te ba l fè a

Li toujou gen anpil bagay pou l fè anvan l remèt Wayòm nan bay Bondye l la ki se Papa l tou.

Pou n imite Jezi, nou bezwen...

Jezi te toujou demontre uit kalite nan fason l t ap viv.

Endèks vèsè

Sèvi ak endèks sa a pou w jwenn ki kote nan liv sa a yo pale sou chak vèsè ki nan Evanjil yo.

Endèks egzanp yo (parabòl yo)

Jwenn chapit nan liv sa a yo pale sou chak nan egzanp Jezi yo.

Kèk pwofesi konsènan Mesi a

Evènman nan lavi Jezi ki makònen ak pwofesi ki nan Bib la e ki pwouve li se Mesi a, ak chapit kote yo pale de evènman sa yo nan liv sa a.

Kote Jezi te viv e li te anseye

Kat sa a montre kote Jezi te konn fè travay predikasyon l lan.