Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DIZUIT

Li te “rezone nan kè l”

Li te “rezone nan kè l”

1, 2. Esplike kòman vwayaj Mari a te ye, epi bay rezon ki fè vwayaj sa a pa t fasil pou li.

MARI gentan gen plizyè èdtan depi l sou bourik la e l ap vire kò l pou l ka pi alèz. Jozèf ap mache devan l e l ap mennen bourik la nan direksyon Betleyèm ki byen lwen parapò ak kote yo te ye a. Mari te ka santi tibebe a ap vire nan vant li.

2 Sa fè plizyè mwa depi Mari ansent. Bib la fè nou konnen Mari te “prèt pou l akouche”. (Lik 2:5.) Toutpandan Jozèf ak Mari t ap kite jaden yo dèyè youn apre lòt, petèt moun ki t ap travay nan jaden sa yo te ka fè yon ti kanpe sou travay yo pou yo mande pou ki rezon yon fi ansent t ap fè vwayaj sa a. Poukisa Mari te kite Nazarèt pou l vwayaje lwen konsa?

3. Ki responsablite Mari te resevwa, e ki sa nou pral aprann sou li?

3 Plizyè mwa anvan sa, jèn fi Juif sa a te jwenn yon responsablite espesyal. Li te gen pou l akouche yon tibebe ki t apral vin Mesi a, Pitit Bondye a (Lik 1:35). Mari te oblije fè vwayaj sa a lè l te prèt pou l akouche. Pandan vwayaj sa a, Mari te jwenn anpil difikilte ki te pase lafwa l anba eprèv. Ann egzamine sa k te ede l ret djanm nan domèn espirityèl.

Yo vwayaje al Betleyèm

4, 5. a) Poukisa Jozèf ak Mari t al Betleyèm? b) Lè Seza Ogis te bay lòd pou moun yo al anrejistre a, ki pwofesi sa te reyalize?

4 Se pa t Jozèf ak Mari sèlman ki t ap fè vwayaj sa a. Seza Ogis te fèk bay lòd pou tout moun al anrejistre nan peyi yo te fèt la, e moun yo te oblije vwayaje al nan peyi kote yo te fèt la pou yo te respekte lòd sa a. Kòman Jozèf te reyaji devan lòd sa a? Bib la di: “Natirèlman, Jozèf tou te kite vil Nazarèt ki nan Galile, li monte al Jide, nan vil David la ki rele Betleyèm, paske se nan fanmi David li te soti, se desandan David li te ye.” — Lik 2:1-4.

5 Se pa san rezon ki fè se nan epòk sa a Seza Ogis te bay lòd sa a. Anviwon 700 an anvan sa, yon pwofesi te anonse Mesi a t ap fèt Betleyèm. Men, gen yon vil ki rele Betleyèm ki te nan yon distans anviwon 11 kilomèt parapò ak Nazarèt. Sepandan, pwofesi a te fè konnen se nan “Betleyèm Efrata” Mesi a t ap soti. (Li Miche 5:2.) Pou yon moun te sot Nazarèt pou l al nan ti vil sa a, li te dwe fè anviwon 130 kilomèt nan yon wout ki pase Samari e ki chaje ak ti mòn. Se nan Betleyèm sa a yo te mande Jozèf pou l ale a paske se nan vil sa a fanmi wa David yo te soti e se nan fanmi sa a ni Jozèf ni Mari te soti.

6, 7. a) Poukisa yon vwayaj pou al Betleyèm te ka difisil pou Mari? b) Lefètke Mari te vin madanm Jozèf, ki efè sa te gen sou desizyon Mari t apral pran yo? (Gade nòt anba paj la tou.)

6 Èske Mari t ap dakò ak desizyon Jozèf te pran pou l obeyi lòd sa a? Dayè, vwayaj la pa t ap dous pou li. Petèt, yo te nan kòmansman sezon otòn, donk, li posib pou te gen farinay lapli pandan sezon sechrès la t ap fini. Anplis de sa, fraz ‘kite Galile, monte al Jide’ a te apwopriye paske Betleyèm te sou tèt yon mòn nan yon wotè 760 mèt parapò ak nivo lanmè a, e sa te mande plizyè jou pou yon moun ap redi monte pou l fè yon vwayaj konsa. Lefètke Mari te ansent, petèt vwayaj la te pran plis tan toujou paske detanzantan yo te ka oblije ap fè yon ti kanpe pou Mari te ka repoze l. Jodi a, nan yon peryòd konsa, yon jèn fi ansent t ap prefere ret lakay li kote l t ap jwenn fanmi ak zanmi pou ede l lè l kòmanse gen tranche. Pa gen dout nan sa, Mari te bezwen gen anpil kouraj pou l te fè vwayaj sa a.

Li pa t fasil pou moun vwayaje al Betleyèm.

7 Aktout sa, Lik fè konnen Jozèf “t al fè yo anrejistre l ansanm ak Mari”. Anplis de sa, li fè konnen Mari te vin “madanm” Jozèf (Lik 2:4, 5). Lefètke Mari te vin madanm Jozèf, sa te gen yon gwo efè sou desizyon l pran yo. Li te wè mari l kòm chèf li nan domèn espirityèl, li te aksepte wòl Bondye te ba li pou l ede mari l e l te dispoze soutni desizyon mari l *. Donk, grasa obeyisans li, li te rive fè fas ak sitiyasyon sa a ki te ka met lafwa l anba eprèv.

8. a) Ki lòt bagay ki te ka pouse Mari al Betleyèm ak Jozèf? b) Ki jan bèl egzanp Mari kite a ka ede sèvitè fidèl Jewova yo jodi a?

8 Ki lòt bagay ankò ki te pouse Mari obeyi Jozèf? Èske l te konn pwofesi ki fè konnen Mesi a t ava fèt Betleyèm nan? Bib la pa di anyen sou sa. Nou pa ka kouri di l pa t konn pwofesi sa a paske ni chèf relijye yo ni moun nan epòk la te konnen ki kote Mesi a t apral fèt (Mat. 2:1-7; Jan 7:40-42). Mari te byen konnen Ekriti yo (Lik 1:46-55). Antouka, kit Mari te fè vwayaj la pou l te obeyi mari l oswa yon dekrè, pou l te aji ann amoni ak pwofesi Jewova a oswa kit se toule twa bagay sa yo ki te pouse l obeyi, li kite yon bèl egzanp pou nou. Jewova bay ni gason ni fi ki obeyisan e ki gen imilite anpil valè. Nan epòk sa a n ap viv la, kote sanble anpil moun pa dispoze soumèt tèt yo, sèvitè fidèl Jewova yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Mari kite antanke moun ki te soumèt devan Bondye.

Kris la vin fèt

9, 10. a) Ak ki sa Mari ak Jozèf te ka ap panse lè yo te prèske rive Betleyèm? b) Pou ki rezon Jozèf ak Mari te rete kote yo te rete a?

9 Mari dwe te rale yon souf lè l te resi wè Betleyèm. Petèt Mari ak Jozèf te ka ap panse ak istwa ti vil sa a toutpandan yo t ap monte ti mòn yo e yo t ap kite plizyè pye oliv ansanm ak dènye rekòt pou ane a dèyè. Jan pwofèt Miche te fè konn sa, Betleyèm te tèlman piti, yo pa t menm konte l pami vil Jida yo, sepandan, se nan vil sa a Bowaz, Nawomi ak David te fèt sa gen plis pase 1000 an.

10 Lè Mari ak Jozèf rive, yo jwenn vil la chaje ak moun ki te gentan rive anvan yo pou y al anrejistre. Se sa k fè yo pa t jwenn okenn plas kote ki te disponib pou moun rete a *. Yo te oblije rete yon kote yo te konn met bèt. Nou ka imajine jan Jozèf te enkyè toutpandan l t ap gade madanm li k ap soufri anba yon doulè li potko janm konnen e doulè sa a t ap vin pi rèd toujou. Mari te gen tranche yon kote ki pa t fèt pou moun akouche.

11. a) Pou ki rezon tout fi ka pran pitye pou Mari? b) Nan ki sans Jezi te “fèt an premye”?

11 Tout fi ka pran pitye pou Mari. Anviwon 4 000 an anvan sa, Jewova te fè konnen tout fi k ap fè pitit t ap gen doulè akoz peche yo eritye a (Jen. 3:16). Pa gen okenn prèv ki montre Mari pa t gen doulè. Liv Lik la pa bay detay sou doulè Mari te genyen lè l t ap akouche a paske l annik di: “[Mari] fè yon pitit gason, premye pitit li.” ​(Lik 2:7). Vrèmanvre, Mari te fè “premye piti li” ki se premye pami omwen sèt pitit li t apral genyen yo (Mak 6:3). Men, pitit sa a t ap diferan nèt. Nonsèlman l te premye pitit Mari, men, se li menm “ki [te] fèt an premye nan tout kreyasyon an” e l se sèl Pitit Bondye fè a. — Kol. 1:15.

12. Ki kote Mari te met tibebe a, e ki jan reyalite a diferan anpil ak tablo, pyès teyat, ak lòt bagay ankò yo fè pou prezante sèn sa a?

12 Se nan moman sa a, istwa a ajoute yon kokennchenn detay lè l di: “[Mari] vlope l ak moso twal e li mete l yon kote yo konn bay bèt manje.” ​(Lik 2:7). Kit se nan tablo, pyès teyat ak lòt bagay ankò, se toupatou sou tè a yo prezante sèn sa a yon fason ki bèl men ki pa reyèl. Ann egzamine sa k te pase vre. Sonje fanmi an te rete yon kote yo te konn met bèt, yon kote li difisil pou n ta panse ki te pwòp oswa ki te gen bon sant kit nan epòk Jozèf la kit kounye a. Anfèt, ki paran ki t ap chwazi yon kote konsa pou pitit li fèt si l te gen lòt chwa? Pifò paran vle bay pitit yo sa k pi bon an. Li klè Mari ak Jozèf te vle bay Pitit Bondye a sa k pi bon an tou!

13. a) Nan ki sans Mari ak Jozèf te fè tout sa yo kapab nan sitiyasyon yo te ye a? b) Ki jan paran ki saj jodi a ka vin gen menm objektif ak Jozèf ak Mari?

13 Sepandan, Jozèf ak Mari pa t kite sitiyasyon sa a dekouraje yo, yo te fè tout sa yo kapab ak ti sa yo te genyen an. Pa egzanp, remake jan Mari te pran swen tipitit la, li byen vlope l ak twal epi li mete l dòmi yon kote yo konn bay bèt manje yon fason pou l te asire l tipitit la byen chofe epi l an sekirite. Mari pa t kite enkyetid li te genyen akoz sitiyasyon difisil sa a anpeche l fè tout sa l kapab pou l pran swen tipitit la. Epitou, li menm ak Jozèf te konnen sa k pi enpòtan pou yo se ede tipitit la vin gen yon bon relasyon ak Bondye. (Li Detewonòm 6:6-8.) Jodi a, paran ki saj yo gen menm objektif la toutpandan y ap leve pitit yo nan monn sa a ki pa enterese ak Bondye.

Bèje yo ankouraje Mari ak Jozèf

14, 15. a) Poukisa bèje yo te chofe pou yo wè tibebe a? b) Ki sa bèje yo te fè apre yo te fin wè tibebe a kote yo te konn met bèt yo?

14 Bridsoukou, yon bagay te vin twouble lapè ki te genyen an. Gen kèk bèje ki te antre kote yo te ye a ki te chofe pou yo wè fanmi an, sitou tibebe a. Mesye yo te kontan wè yo anpil e sa te parèt sou figi yo. Mesye yo te kouri kite ti mòn kote yo t ap viv ak twoupo bèt yo te genyen yo *. Yo te rakonte Mari ak Jozèf bèl eksperyans yo te fèk fè a e sa te fè mesyedam yo ret bouch ouvè. Bèje yo te fè yo konnen, nan mitan nuit lan, gen yon zanj ki parèt sanzatann sou yo pandan yo sou yon ti mòn. Glwa Jewova te klere yo, e yon zanj te di yo Kris la oswa Mesi a fèk fèt Betleyèm. Yo t ap jwenn tibebe a byen vlope ak twal e l kouche yon kote yo konn bay bèt manje. Apre sa, gen yon pi bèl bagay ki te rive toujou, yon pakèt zanj vin parèt e yo te pran fè louwanj pou Bondye! — Lik 2:8-14.

15 Nou pa sezi dèske mesye sa yo ki te gen imilite te kouri al Betleyèm! Yo dwe te kontan anpil lè yo wè tibebe a egzakteman kote zanj lan te di yo a. Yo pa t ka kenbe bon nouvèl sa a pou yo. Men sa Bib la di: “Yo rakonte pawòl zanj lan te di [...]. E tout moun ki te tande sa bèje yo te di yo te sezi.” ​(Lik 2:17,18). Nòmalman, chèf relijye nan epòk sa a pa t bay bèje yo valè. Men, li klè Jewova te bay mesye sa yo ki te gen imilite e ki te fidèl anpil valè. Men, ki efè vizit sa a te gen sou Mari?

Li klè, Jewova te bay bèje sa yo ki te enb e ki te fidèl anpil valè.

16. Kòman Mari te montre l konn pran tan pou l medite, e ki sa sa montre konsènan lafwa li?

16 Siman Mari te fatige anpil lè l te fin akouche, aktout sa, li te byen koute tout sa mesye yo t ap di a e l te fè plis pase sa. Bib la di “Mari te kenbe tout pawòl sa yo, li t ap rezone nan kè l sou sans pawòl sa yo”. (Lik 2:19.) Li klè, jèn dam sa a te konn pran tan pou l medite. Li te konnen mesaj zanj lan te bay la te enpòtan anpil. Jewova, Bondye l la, te vle l konprann ki moun pitit li a ye, ki enpòtans li genyen, e pou l apresye sa. Donk, Mari te fè plis pase annik koute. Li te kenbe pawòl sa yo nan kè l pou l te ka toujou reflechi sou yo nan mwa ak nan ane ki t ap vini yo. Sa se youn nan bagay enpòtan ki te fè Mari gen yon lafwa solid pandan tout vi l. — Li Ebre 11:1.

Mari te byen koute tout sa bèje yo t ap di e l te konsève pawòl yo nan kè l.

17. Kòman n ka suiv egzanp Mari anrapò ak verite ki nan Pawòl Bondye a?

17 Èske w ap suiv egzanp Mari? Jewova ban nou anpil verite enpòtan nan Pawòl li a. Men, se sèlman si n byen pran san n pou n konprann verite sa yo, y ap ka itil nou. Nou ka fè sa lè n li Bib la regilyèman, lè n pa annik li l konsa konsa, men nou li l kòm Pawòl Bondye te fè ekri a (2 Tim. 3:16). Epi, apre sa, menm jan ak Mari, nou bezwen kenbe pawòl Jewova a nan kè nou e n dwe medite sou yo. Si n medite sou sa n li nan Bib la, epi n chèche wè kòman n ka pi byen aplike konsèy Jewova yo nan lavi nou, lafwa nou ap vin pi solid.

Lòt pawòl Mari te konsève nan kè l

18. a) Kòman Mari ak Jozèf te obeyi Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la lè Jezi te tibebe? b) Ki sa ofrann Jozèf ak Mari a aprann nou sou sitiyasyon ekonomik yo?

18 Lè tibebe a te gen uit jou, Mari ak Jozèf te fè sikonsi l jan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te mande sa, e yo te rele l Jezi jan zanj lan te di yo a (Lik 1:31). Apre sa, lè tibebe a te gen 40 jou, yo te vwayaje sot Betleyèm avè l nan yon distans anviwon 10 kilomèt pou yo mennen l nan tanp Jerizalèm nan pou yo te ka bay ofrann pirifikasyon an, ki se te de toutrèl oswa de pijon, jan Lalwa te pèmèt moun ki pòv yo fè sa. Menmsi yo te santi yo jennen pou ofrann yo te fè a, yo pa t kite sa anpeche yo fè tout sa yo kapab pou yo obeyi Lalwa. Antouka, yo te resevwa plis ankourajman toujou lè yo te rive nan tanp lan. — Lik 2:21-24.

19. a) Ki fason Simeyon te di Mari plis pawòl toujou pou l te konsève nan kè l? b) Ki jan Àn te reyaji lè l te wè Jezi?

19 Gen yon mesye aje ki rele Simeyon ki te pwoche kote yo e ki te di Mari plis pawòl toujou pou l konsève nan kè l. Bondye te pwomèt Simeyon li t ap wè Mesi a anvan l mouri e lespri sen Jewova te fè l konnen tibebe sa a se Sovè yo te anonse a. Anplis de sa, li te fè Mari konnen gwo lapenn Mari t apral jwenn pi devan. Li te di Mari t apral gen pou l santi kòmsi yon epe byen long t ap travèse zantray li (Lik 2:25-35). Malgre pawòl sa yo te ka di anpil pou Mari, yo te ede l andire lè moman terib sa a te rive 33 an apre. Apre Simeyon, gen yon pwofetès ki rele Àn ki te wè tibebe a e ki te kòmanse pale de tibebe a ak tout moun ki t ap tann delivrans Jerizalèm yo. — Li Lik 2:36-38.

Mari ak Jozèf te jwenn anpil ankourajman nan tanp Jewova a nan Jerizalèm.

20. Ki sa k montre Jozèf ak Mari te pran yon bon desizyon lè yo te mennen Jezi nan tanp lan?

20 Ala yon bon desizyon Jozèf ak Mari te pran lè yo te mennen tibebe yo a nan tanp Jerizalèm nan! Konsa, sa k te rive nan tanp lan te tou kòmanse prepare pitit yo a pou l te vin gen abitid al nan tanp Jewova a. Pandan yo te nan tanp lan, yo te bay Jewova sa yo genyen ki pi bon an selon kapasite yo e yo te jwenn enstriksyon ak ankourajman. Se sèten, jou sa a lafwa Mari te vin pi djanm lè l te kite tanp lan e kè l te chaje ak verite enpòtan pou l medite e pou l pataje ak lòt moun.

21. Ki sa n ka fè pou lafwa n vin pi solid toujou, menm jan ak lafwa Mari?

21 Jodi a, li vrèman bèl pou n wè paran k ap suiv egzanp sa a. Paran Temwen Jewova ki fidèl yo mennen pitit yo nan reyinyon. Yo fè tout sa yo kapab e yo di pawòl ki ka ankouraje kwayan parèy yo. Lè yo soti nan reyinyon, yo santi yo vin pi djanm, yo pi kontan, e yo gen anpil bon bagay pou yo pataje ak lòt moun. Se pa ti kontan n kontan lè n reyini ak yo! Lè n fè sa, n ap wè lafwa n vin pi solid toujou menm jan ak lafwa Mari.

^ § 7 Gade diferans ki genyen ant pasaj sa a ak fason yo esplike yon lòt vwayaj Mari te fè. Bib la di: ‘Mari leve l al’ wè Elizabèt (Lik 1:39). Nan moman sa a, kòm se fiyanse li te fiyanse men li potko marye, petèt Mari te annik aji san l pa t chèche konnen si Jozèf te dakò. Apre yo te fin marye, Bib la fè konnen se Jozèf ki te deside fè vwayaj la, se pa t Mari.

^ § 10 Nan epòk sa a, moun yo te gen abitid met yon gwo espas disponib pou ni moun ki t ap vwayaje ak bèt ni moun ki pa t ap vwayaje ak bèt.

^ § 14 Piske bèje sa yo te pase nuit deyò ak twoupo yo, sa kore sa Bib la di sou epòk Jezi te fèt la: Jezi pa t fèt nan mwa desanm kote bèje yo te konn fèmen twoupo yo pi pre lakay yo, men, li te fèt apeprè nan kòmansman mwa oktòb.