Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KESYON 1

Kiyès mwen ye?

Kiyès mwen ye?

POUKISA SIJÈ SA A ENPÒTAN?

Lè w konn kiyès ou ye e w konn konviksyon w, sa ap ede w pran bon desizyon lè w jwenn presyon.

KI SA OU MENM OU T AP FÈ?

Imajine sitiyasyon sa a: Karine te apèn gen 10 minit depi l rive nan fèt la lè l tande Jessica, zanmi l, ki di l:

“Apa w annik ret kanpe?”

Karine vire tèt li epi l wè Jessica avèk de boutèy nan men l ki tou debouche. Li konnen bwason yo gen alkòl. Jessica lonje youn bay Karine epi l di l: “Ou pa twò jèn pou w pran plezi w, pa vre?”

Karine te vle refize, men, Jessica se zanmi l. E Karine pa t vle zanmi l lan panse li pa konn pran plezi l. Li konnen Jessica se yon bon timoun. Donk, si Jessica kapab bwè, pa gen anyen mal nan sa. Karine di tèt li ‘se jis yon bwason, se pa dwòg’.

Si w te nan plas Karine, ki sa ou menm ou t ap fè?

FÈ YON TI REFLECHI!

Pou w rive pran yon bon desizyon nan yon sitiyasyon konsa, ou bezwen gen yon idantite. Yon moun ki gen yon idantite se yon moun ki byen konnen kiyès li ye e ki byen konnen ki konviksyon l genyen. Konesans sa a ap pèmèt ou gen kontwòl lavi w olye pou w kite se lòt moun ki gen kontwòl li. — 1 Korentyen 9:26, 27.

Ki jan w ka rive gen kontwòl sa a? Pou w kòmanse, reponn kesyon ki vin apre yo.

1 KI PWEN FÒ MWEN?

Lè w konn kapasite w ak pwen pozitif ou gen lakay ou, sa ap fè w gen plis konfyans nan tèt ou.

EGZANP BIBLIK: Men sa apot Pòl te ekri: “Menmsi mwen pa konn pale byen, se sèten, se pa menm bagay nan domèn konesans.” (2 Korentyen 11:6). Pòl te byen konprann Pawòl Bondye a, se sa k fè l te kapab ret fèm lè lòt moun t ap ba l pwoblèm. Li pa t kite bagay mal yo di sou li fè l manke konfyans nan tèt li. — 2 Korentyen 10:10; 11:5.

EGZAMINE TÈT OU: Ekri yon talan oswa yon kapasite ou genyen.

Kounye a, pale sou yon kalite moun plis ka wè lakay ou. (Pa egzanp, èske w enterese nan moun? Èske w renmen bay? Èske moun ka fè w konfyans? Èske w toujou alè?)

2 KI PWEN FÈB MWEN?

Ou ka pèdi idantite w byen vit si w pa kontwole pwen fèb ou yo.

EGZANP BIBLIK: Pòl te byen konn pwen fèb li yo. Men sa l te ekri: “Nan fon kè m, mwen vrèman jwenn plezi nan lwa Bondye a, men, nan kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap fè lagè ak lwa ki nan lespri m nan e k ap mennen m kòm prizonye bay lalwa peche.” — Women 7:22, 23.

EGZAMINE TÈT OU: Ki pwen fèb ou bezwen aprann kontwole?

3 KI OBJEKTIF MWEN?

Èske w t ap monte nan yon taksi epi w di chofè a fè wonn katye a avè w pou jis gaz li fini? Sa pa t ap gen sans e sa t ap koute w anpil kòb!

Ki leson ou aprann? Lè w gen objektif, sa anpeche w vire won nan lavi a. Ou gen yon kote w vle ale e w konn ki jan pou w rive la.

EGZANP BIBLIK: Men sa Pòl te ekri: “Mwen pap kouri san m pa konn kote m prale.” (1 Korentyen 9:26). Pòl pa t yon moun ki t ap viv san li pa gen okenn objektif, li te fikse objektif nan lavi a e l te viv yon fason pou l atenn objektif sa yo. — Filipyen 3:12-14.

EGZAMINE TÈT OU: Ekri twa objektif ou ta renmen atenn nan ane k ap vini an.

4 KI KONVIKSYON MWEN GENYEN?

Lè w gen yon bon idantite, ou tankou yon pyebwa ki byen anrasinen nan tè e ki kapab reziste kont gwo van tanpèt.

Si w pa gen konviksyon, ou pap konn sa pou w fè. W ap tankou yon agranman k ap chanje koulè. W ap toujou bat pou w vin menm jan ak jèn parèy ou yo, sa ki montre aklè ou pa gen pwòp idantite pa w.

Men, si se konviksyon ou genyen ki pouse w aji, w ap kenbe idantite w kèlkeswa sa lòt moun fè.

EGZANP BIBLIK: Sanble se pandan pwofèt Dànyèl te adolesan, li te “byen deside nan kè l” pou l obeyi lwa Bondye yo menm lè l pa t ansanm ak fanmi l (Dànyèl 1:8). Lefètke l te fè sa, li te aji ann amoni ak konviksyon l.

EGZAMINE TÈT OU: Ki konviksyon mwen genyen? Pa egzanp, èske m kwè nan Bondye? Si se wi, poukisa m kwè nan Bondye? Ki sa k fè m kwè li egziste toutbonvre?

Èske m kwè prensip moral Bondye bay yo se pou byen m? Si se wi, poukisa w kwè sa?

Yon dènye kesyon: Èske w t ap prefere tankou yon fèy nenpòt ti van ka pote ale, oswa èske w t ap prefere tankou yon pyebwa ki ret kanpe djanm malgre gwo van tanpèt? Si w kenbe idantite w, w ap tankou pyebwa sa a e sa ap ede w reponn kesyon Kiyès mwen ye? a.