8-14 septanm

PWOVÈB 30

8-14 septanm

Kantik 136 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Pa fè m ni pòv ni rich”

(10 min.)

Vrè kè kontan an baze sou konfyans nou gen nan Bondye, se pa nan richès (Pw 30:​8, 9; w18.01 24 § 10-12)

Yon moun ki ava pa janm satisfè (Pw 30:​15, 16; w87 15/5 30 § 7)

Prensip biblik yo kapab ede w evite fè dèt ki pa nesesè, epi evite strès (Pw 30:​24, 25; w11 1/7 10 § 4)

IDE POU ADORASYON AN FANMI AN: Pandan adorasyon an fanmi an, pale sou fason nou chak konsidere lajan. — w24.06 13 § 18.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Pw 30:26 — Ki sa nou ka aprann nan men daman yo? (w09 15/4 17 § 11-13)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) KAY AN KAY. Sèvi ak Toudegad No 1 2025 lan pou w kòmanse yon konvèsasyon. (lmd leson 1 pwen 3)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. (lmd leson 9 pwen 3)

6. Esplike kwayans ou

(4 min.) Diskou. ijwbq atik 102 — Tèm: Èske jwe aza se peche? (th leson 7)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 80

7. Pa kite fo lapè twonpe nou! — Chibisa Selemani

(5 min.) Konvèsasyon.

Pase VIDEYO a. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki sa w aprann nan eksperyans frè Selemani an anrapò ak pran desizyon k ap ede w gen vrè kè kontan an ak vrè lapè a?

8. Sa òganizasyon an akonpli ki pou mwa septanm nan

(10 min.) Pase VIDEYO a.

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) lfb leson 16-17

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 128 ak priyè