Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Kòmanse konvèsasyon ki ka ban nou okazyon pou nou bay temwayaj

Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an — Kòmanse konvèsasyon ki ka ban nou okazyon pou nou bay temwayaj

Jezi te rive bay Samaritèn nan temwayaj enfòmèl paske li te kòmanse yon konvèsasyon avè l. Ki jan nou ka vin pi maton nan kòmanse yon konvèsasyon ak moun nou pa konnen?

  • Montre w amikal ak moun epi pale avè yo. Byenke Jezi te fatige, pou l te kòmanse pale ak dam nan, li te annik mande l yon ti dlo. Donk, ou ka kòmanse yon konvèsasyon ak yon bèl salitasyon epi petèt fè kòmantè sou tan an oswa sou yon evènman tout moun ap pale de li. Sonje, premye objektif la se jis kòmanse yon konvèsasyon, donk, pale sou nenpòt bagay ki ta ka enterese moun nan. Si moun nan pa di anyen, konnen omwen w te eseye. Eseye pale ak yon lòt moun. Mande Jewova pou l ba w kouraj. — Ne 2:4; Tr 4:29.

  • Veye tout ti okazyon w jwenn pou kòmanse pale de bon nouvèl la, men anvan w fè sa, kòmanse pale sou lòt bagay. Jis kite konvèsasyon an fèt nòmalman. Si w ap fòse moun nan pale, li gendwa santi l malalèz epi li sispann pale avè w. Pa dekouraje si w pa gentan bay temwayaj anvan konvèsasyon an fini. Si w twouve l difisil pou w kòmanse pale sou bon nouvèl la, pran abitid kòmanse yon konvèsasyon san w pa bezwen bay temwayaj. [Pase 1ye videyo a epi mande moun yo fè kòmantè sou li.]

  • Pandan konvèsasyon an, chèche jwenn yon okazyon pou w bay temwayaj. Ou ka fè sa lè w di moun k ap koute w la yon bagay konsènan lafwa w ki touche w, sa ki ta ka pouse moun nan mande w plis esplikasyon. Jezi te di yon seri bagay ki te pouse dam nan poze kesyon. Lè li te resi pale ak dam nan sou bon nouvèl la, li te plis ap reponn kesyon dam nan te poze yo. [Pase 2yèm videyo a epi mande moun yo fè kòmantè sou li, apre sa pase 3yèm videyo a epi mande moun yo fè kòmantè sou li.]