Kèk pwoklamatè k ap envite moun nan reyinyon.

PWOGRAM REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ Oktòb 2016

Modèl prezantasyon

Kèk ide pou n prezante Réveillez-vous!, kèk ide pou n ofri fich envitasyon pou reyinyon kongregasyon an ak yon verite nan Bib la ki montre sa k rive nou lè nou mouri. Sèvi ak modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

“Fè Jewova konfyans ak tout kè w”

Pwovèb 3 ban nou asirans Jewova Dye ap rekonpanse nou si nou mete konfyans nou nan li. Ki jan w ap fè konnen si w fè Jewova konfyans ak tout kè w?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

“Pa kite kè nou fè n chankre”

Pwovèb 7 esplike ki jan yon jèn gason tonbe nan pyèj e li peche lefètke kè l te devye kite prensip Jewova yo. Ki sa nou ka aprann nan erè l fè yo?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Sajès pi bon pase lò

Pwovèb 16 fè konnen li pi bon pou yon moun gen sajès pase l gen lò. Poukisa sajès ki soti nan Bondye a gen tout valè sa a?

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason pou nou fè bon kòmantè

Lè yon moun fè yon bon kòmantè, ni kongregasyon an ni moun ki fè kòmantè a jwenn byenfè. Ki sa k fè yon kòmantè se yon bon kòmantè?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Kontinye chèche viv anpè ak lòt moun

Lapè ki gen pami sèvitè Jewova yo se pa yon bagay ki rive pa aksidan. Nou ka sèvi ak Pawòl Bondye a pou n kontwole santiman negatif nou genyen ki gen gwo efè sou nou e pou nou chèche lapè.

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

“Montre yon timoun nan ki wout li dwe mache”

Poukisa li nesesè pou n bay timoun yo disiplin pou n ka ba yo bon fòmasyon? Pwovèb 22 gen bonjan konsèy pou paran yo.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w byen sèvi ak kat JW.ORG yo?

Sèvi ak kat yo nan tout okazyon pou n atire atansyon moun yo sou Pawòl Bondye a ak sou sit nou an.