Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ASTER PARKER | BYOGRAFI

Mwen te vle bay Jewova tout mwen menm san rezèv

Mwen te vle bay Jewova tout mwen menm san rezèv

 M gen rekonesans depi m toupiti paran m yo te aprann mwen laverite. Yo te konn sèvi ak liv Du paradis perdu au paradis reconquis a ki gen foto ak istwa ladan l pou ede m renmen Jewova. M te kontan pataje sa m te aprann avèk timoun ki te viv bò lakay mwen e ak granpapa m lè l te konn vizite nou. Paran m te gen bon abitid adore Jewova ansanm ak nou menm timoun yo, e sa te ede tout fanmi an pou nou adapte nou lè n te kite Asmara nan peyi Eritre pou n al viv nan Adisabeba nan peyi Etyopi.

 Depi lè m te toupiti m te renmen laverite. E se pou rezon sa a m te vle vwe lavi m bay Jewova epi pou m batize. M te kontan lè m te gen 13 an, m te reyalize objektif sa a. Lè m te gen 14 an, frè Helge Linck a te mande m èske m te anvizaje sèvi antanke pyonye. M byen sonje konvèsasyon an. Menmsi papa m ak manman m te sèvi antanke pyonye tanporè (kounye a nou rele yo pyonye oksilyè), m pa t menm konn sa sa vle di lè yon moun pyonye pèmanan. Kesyon frè Linck te poze m nan te fè m gen anvi pou m fè plis nan sèvis Jewova a.

Mwen menm ak Josiah, lè m te jèn timoun

Nou te prepare pou pèsekisyon

 Nan ane 1974, akoz pwoblèm politik nan peyi Etyopi, te vin gen anpil moun yo arete, gen anpil moun yo te touye e peyi a te tèt anba. Akoz tout pwoblèm sa yo, nou pa t ka preche kay an kay e nou te ka sèlman reyini nan ti gwoup. Paran m te kòmanse prepare nou tout timoun yo pou lè nou t ap vin gen plis opozisyon. Prensip nan Bib la te ede nou konprann ki sa sa vle di pou yon kretyen pa fè pati monn nan. Nou te aprann Jewova t ap ede nou konnen ki sa pou n di si otorite yo t ap poze n kesyon. Nou te aprann tou pafwa li t ap pi bon si n pa di anyen. — Matye 10:19; 27:12, 14.

AFP PHOTO

An 1974, pandan te gen dezòd nan peyi a.

 Apre m te fini lekòl, m t ap travay pou konpayi Etyopi Airlines. Yon maten, lè m te rive nan travay la, kòlèg travay mwen yo te felisite m paske yo te chwazi m pou m pran devan nan yon parad pou selebre yon fèt nasyonal gouvènman an te met sou pye. Lapoula, m te esplike sipèvizè m nan, mwen pa ka patisipe nan fèt la paske antanke kretyèn mwen pa mele nan zafè politik.

 Nan demen, pandan m t ap travay nan ayewopò a, pa twò lwen m te wè kèk mesye ak zam manch long sou zepòl yo ap vin kote yo vann biyè a. M panse yo t ap vin arete yon moun ki t ap sove kite peyi a. Men, yo te lonje dwèt sou mwen! M pa t konprann sa k fè yo t ap gade m nan. Yon jounen travay ki te kòmanse byen pwòp te chanje bridsoukou.

Jewova te ede m nan prizon

 Sòlda yo te mennen m nan yon biwo kote yo t ap fè presyon sou mwen pandan plizyè èdtan pou yo fè m pale. Yo te mande m: “Kiyès ki peye Temwen Jewova yo? Èske w ap travay pou Mouvman liberasyon Eritre a? Èske ou menm oswa papa w ap travay pou gouvènman Etazini?” Nòmalman sa t ap yon sitiyasyon ki t ap ban m anpil kè sote, men grasa èd Jewova te ban m, mwen te santi m kalm. — Filipyen 4:6, 7.

 Lè sòlda yo te fini, yo te mennen m nan yon kay yo te fè vin yon prizon. Yo te mete m nan yon ti chanm ki te mezire 28 mèt kare, e te gen 15 lòt jèn fi ki te nan menm chanm nan paske yo te konsidere yo kòm prizonye politik tou.

Lè m t ap travay nan yon konpayi avyon

 Nan aswè, pandan m te kouche atè sou siman an ak tout inifòm travay mwen sou mwen, mwen te enkyete m pou paran m yo ak frè m ak sè m yo. Yo te konnen yo te arete m, men, yo pa t konnen ki kote m te ye. M te mande Jewova pou l ede fanmi m dekouvri kote yo te mete m nan prizon.

 Nan demen maten, lè m reveye, m te wè yon jèn sòlda mwen konnen. Li te sezi wè m la a, e li te mande m: “Aster, sa w ap fè la a?” Mwen te sipliye l pou l al lakay paran m pou l di yo ki kote m ye. Pi ta nan menm jou a, mwen te resevwa manje ak rad paran m te voye pou mwen. Sòlda a te di yo kote mwen te ye. Jewova te reponn priyè m! Eksperyans sa a te ban m konviksyon m pa t poukont mwen.

 Yo pa t pèmèt mwen gen ni Bib, ni piblikasyon, epitou yo pa t kite ni fanmi m, ni zanmi m, vizite m. Menm lè sa a, Jewova te sèvi ak lòt medam ki te nan prizon an pou ankouraje m. Chak jou, m te preche yo e yo te renmen tande laverite sou Wayòm Bondye a. Souvan yo te konn di m: “Isit la nou menm n ap lite pou n mete yon lòt gouvènman sou pye, men ou menm, w ap lite pou Wayòm Bondye a. Pa abandone, menmsi yo menase w pou touye w!”

 Pafwa, sòlda yo te konn bat prizonye yo pou yo fè pale. Yon jou swa, anviwon 11è, yo te vin chèche m, yo te mennen m nan sal kote yo konn fè sa a. Yo te lage anpil akizasyon sou do m. Yo di mwen pa t soutni gouvènman an. Yo te mande m pou m repete yon slogan politik. Piske m pa t dakò, 2 bouwo gason te bat mwen. Sòlda yo te mennen m nan sal sa a plizyè fwa pou yo fè m pale. Chak fwa mwen te priye Jewova ak tout kè m e mwen te wè fason li te soutni m.

 Apre twa mwa, gen yon gad ki vin di m yo lage m. Menm lè m te kontan paske m pat atann mwen a sa, m te yon ti jan desi paske m te renmen pataje esperans Wayòm nan ak jèn medam ki te nan prizon an.

 Kèk mwa apre yo libere  m, pandan m pa t lakay mwen, gen sòlda ki te vin pou arete tout jèn timoun ki te nan fanmi nou! Yo te arete 2 nan sè m yo ak youn nan frè m yo. Nan moman sa a, m te deside li t ap pi bon si m kite peyi a. Menm lè sa te fè m tris pou m kite pou m kite fanmi yon lòt fwa ankò, manman m te ankouraje pou m met kouraj sou mwen e pou m konte sou Jewova. Yon ti tan apre sa, m te monte nan yon avyon ki ta pral Etazini. Menm sware sa a, sòlda yo te vin lakay la pou yo te arete m yon dezyèm fwa. Lè yo pa jwenn mwen, yo kouri vin nan ayewopò a. Men lè yo rive, avyon m te ladan l lan te gentan pran vòl.

 Lè m te rive Maryland, se Haywood ak Joan Ward, de misyonè ki te etidye Labib ak paran m yo, ki te akeyi m. Senk mwa annapre, m te atenn objektif m te genyen pou m te vin pyonye a. Cyndi, pitit fi frè ak sè Ward, te vin patnè m nan sèvis pyonye a, epi nou te viv anpil bèl moman nan sèvis nou.

Mwen menm ak Cyndi Ward ki te patnè m nan sèvis pyonye

Mwen te bay tout mwen menm nan Betèl

Mwen menm ak mari m lè nou t ap sèvi nan Betèl Wòlkil, Nouyòk

 Nan sezon ete 1979, m te vizite Betèl la nan vil Nouyòk, se la m te rankontre Wesley Parker. Bèl kalite li genyen ak volonte pou l te fè plis nan sèvis Jewova te atire atansyon m. An 1981, nou te marye, epi m te demenaje al viv Wòlkil, Nouyòk, pou m te ka sèvi nan Betèl la ak Wesley. M te travay nan netwayaj ak nan lesiv, apre sa m te travay ak ekip MEPS nan depatman enfòmatik. Nan Betèl, mwen te gen opòtinite pou m bay tout mwen menm nan sèvis Jewova e m te vin aprann konnen anpil frè ak sè ki toujou zanmi m jis kounye a.

 Men nan peyi m, fanmi m t ap sibi gwo pèsekisyon, e sa te fè m lapenn. Frè m ak sè m yo te arete yo te toujou nan prizon. b Chak jou manman m te oblije fè manje pote pou yo paske yo pat bay manje nan prizon an.

 Pandan peryòd difisil sa a, se Jewova ki te refij mwen. Fanmi Betèl la te ankouraje m e l te ede m. (Mak 10:29, 30) Yon jou, frè John Booth te di m: “Nou kontan anpil paske w la w ap sèvi nan Betèl la. San benediksyon Jewova, sa pa t ap janm posib.” c Bèl ti pawòl konsa te asire m Jewova beni desizyon m te pran pou m kite peyi Etyopi e sa ban m konviksyon Jewova ap pran swen fanmi m.

Nou te kontinye sèvi Jewova ak timoun nou yo

 An janvye 1989, nou te aprann mwen ansent. Lè n te fèk tande sa, nou te ret bouch louvri! Sepandan, apre kèk jou, olye pou nou enkyete nou, nou te vin kontan pito. Nou t ap reflechi sou ki kalite paran nou vle ye, ki kote nou pral viv, epi ki jan n ap pran swen fanmi an lè n kite Betèl.

 Jou ki te 15 avril 1989, nou te mete tout afè nou nan machin nou epi n pati pou n al Oregon. Se la nou te planifye pou kontinye sèvi kòm pyonye. Sepandan, yon ti tan apre n rive, gen kèk zanmi ki gen bon entansyon ki te di nou li pa rezonab pou n sèvi antanke pyonye. Se vre nou pa t gen anpil mwayen, vin jwenn nou te gen yon bebe nan wout. Ki sa nou t apral fè? Nan peryòd sa a, siveyan sikonskripsyon an ak madanm li, Guy Pierce ak Penny, d te vizite nou. Yo te ankouraje nou pou nou pa lage objektif nou. Se sa k fè nou te pran sèvis pyonye paske nou te konnen Jewova ap ede nou (Malachi 3:10). Nou te kontinye sèvis la menm lè apre Lemuel, premye pitit gason nou te fin fèt, e nou te kontinye menm apre Jadon, dezyèm pitit gason nou an fin fèt.

 Tan nou te pase nan sèvi la pandan pitit gason nou yo te piti a se yon moman nou konsidere anpil. Sèvis pyonye a te ban nou okazyon pou n pale non sèlman ak pwochen nou yo de verite ki nan Bib la, men pou n pale de laverite ak pitit gason nou yo tou (Detewonòm 11:19). Sepandan, lè Japheth, twazyèm piti gason nou an te vin fèt, nou te oblije kite sèvis pyonye a pou yon ti tan. — Miche 6:8.

Nou te aprann pitit gason nou yo fason pou yo sèvi Jewova

 Nou te konprann antanke paran, pi gwo reponblite nou te genyen se te ede chak pitit gason nou yo konprann Jewova se yon moun ki reyèl. Mete sou sa, nou te konprann nou dwe ede yo devlope pwòp relasyon yo ak Jewova. Se sa k fè nou te fè adorasyon an fanmi an yon fason yo renmen. Lè yo te tou piti, nou te konn li liv Koute gran anseyan an ak Liv Istwa Biblik mwen an avèk yo. Nou menm te konn sèvi ak istwa nan Bib la pou nou fè dram. Kòm se mwen ki te sèl fi nan kay la, se sa k fè lè nou t ap jwe dram istwa ki pale de Jezabèl, se mwen ki te toujou jwe wòl li. Ti mesye yo te renmen pran pòz y ap lage m atè e pou yo fè kòmsi se yo ki chen yo tou! Anplis de adorasyon an fanmi, Wesley te konn fè etid Labib ak chak ti mesye yo apa.

 Nou te toujou renmen pitit gason nou yo e nou te konn pran swen yo. Nou toujou priye pou tout moun nan fanmi nou toujou rete atache youn ak lòt. Pandan timoun yo t ap grandi, nou te aprann yo fè travay nan kay la. Yo te konn lave vesèl, netwaye chanm yo, e yo te konn lave rad yo. Yo te aprann fè manje tou.

 Se pa timoun yo sèlman ki te gen leson pou yo aprann, nou menm antanke paran, nou te gen pou nou aprann tou. Gen kèk fwa, mwen menm ak mari m konn mal reyaji. Sa te konn rive, youn di lòt pawòl ki deplase oswa nou di timoun yo pawòl ki deplase. Nan ka sa yo, imilite te konn ede nou mande padon.

 Regilyèman, nou te konn envite frè ak sè nan kongregasyon an lakay nou. Nou te konn envite oratè ki soti nan Betèl, misyonè, siveyan sikonskripsyon ak moun k ap sèvi kote ki gen plis bezwen (Women 12:13). Lè nou ap pale ak envite yo, nou pa t fè timoun yo al jwe nan lòt chanm. Nou te konn fè yo rete bò kote nou pou yo tande konvèsasyon yo konsa yo te ka pwofite eksperyans yo tou. Anpil fwa timoun yo konn sonje plis detay nan konvèsasyon yo pase mwen ak Wesley.

 Mwen menm ak Wesley, nou te konn fè tout sa n kapab pou n gen kè kontan nan sèvis Jewova. Pa egzanp, pou n vwayaje al nan divès peyi, nou te konn planifye alavans pou n ka jwenn tan, nou te konn sere lajan pou sa. Nan chak vwayaj, nou vizite Betèl, nou asiste reyinyon e nou patisipe nan travay predikasyon an. Sa fè nou vin renmen òganizasyon Jewova a. Mete sou sa, antanke fanmi youn vin pi pwòch ak lòt.

Fanmi an k ap vizite syèj mondyal la ki te Brooklyn, Nouyòk, an 2013

Nou bay tout nou menm san rezèv nan sèvis nou

 Nou te remake gen anpil moun nan zòn kote n te rete a ki pale espayòl, men yo pa t pase preche yo regilyèman. Se sa k fè, pandan ti mesye yo te piti, nou te mande frè Pierce sa l panse si fanmi nou ta al sèvi nan yon kongregasyon ki pale espayòl. Li te souri, li te di:“Si w se pechè pwason, ou ale kote pwason yo ye.” Pawòl sa yo te ankouraje nou, nou te deplase al sèvi nan yon kongregasyon kote moun yo pale espayòl nan Woodburn, Oregon. Nou te kòmanse etidye ak plizyè moun ki te kòmanse fè pwogrè. Gen nan yo nou te rive ede pwogrese jis yo rive batize. Ti gwoup ki te genyen an te vin tounen yon kongregasyon. Tout sa te ban nou anpil kè kontan.

 Rive yon lè Wesley te pèdi travay li. Li te vin jwenn yon lòt travay Kalifòni, sa te oblije n al viv nan vil sa a. De ane annapre, mwen menm, Lemuel ak Jadon te deside kòmanse sèvi antanke pyonye. An 2007, mwen te gen privilèj pou m asiste Lekòl pyonye ansanm avèk yo, sa te fè m kontan. Yon ti tan apre Lekòl pyonye a, nou te remake gen anpil moun ki pale arab nan tèritwa nou an. Se sa k fè, apre n fin pase 13 an ap sèvi nan kongregasyon espayòl, nou te deside al sèvi nan yon kongregasyon arab. Nou te kontan pataje laverite ak moun ki sot nan lòt peyi ki pale arab nan zòn nan. Nou te konn patisipe nan kanpay espesyal nan peyi Arab. Nou kontinye ap sèvi antanke pyonye nan kongregasyon kote moun yo pale arab nan San Dyego, Kalifòni.

 Wesley se yon bon chèf fanmi, yon bon mari. Li gen anpil respè pou òganizasyon Jewova a. Li pa janm kritike ni frè ki nan Betèl yo, ni dispozisyon yo pran nan kongregasyon an. De preferans, li toujou jwenn yon bon bagay pou l di. Li konn priye pou mwen, li konn priye avè m tou. Lè nou ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, priyè l yo ede m rete kalm.

 Lè nou reflechi sou lavi nou, nou wè nou te jwenn anpil kè kontan dèske nou te leve timoun nou yo pandan nou nan sèvis aplentan, toutpandan nou t ap sèvi nan kongregasyon kote ki gen plis bezwen. Nou te wè ki jan Jewova beni tout moun ki mete l an premye nan lavi yo paske nou pa t janm manke anyen (Sòm 37:25). Mwen gen konviksyon desizyon m te pran pou m sèvi Jewova san rezèv la se pi bon desizyon mwen te ka pran nan lavi m. — Sòm 84:10.

Soti sou goch: Japheth, Lemuel, Jadon, ak Wesley ki ansanm avè m

a Frè Linck te sèvi nan Betèl peyi Kenya, se Betèl sa a k ap sipèvize travay predikasyon an nan peyi Etyopi tou.

b Frè m ak sè m yo te libere apre yo pase 4 an nan prizon.

c Frè Booth t ap sèvi antanke manm kolèj santral jiskaske l te fini lavi l sou tè an 1996.

d Frè Pierce te sèvi antanke manm Kolèj santral jiskaske l fini lavi l an 2014.