Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a
Aprann plis sou Jezi Kris, Pitit Bondye a ki se Sovè lèzòm, nan seri videyo sa yo ki enteresan.
Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a — Apèsi sou seri yo
Gade bèl seri videyo sa yo sou Jezi Kris.
Epizòd 1: Vrè limyè monn nan
Kòman lèzòm t apral fè sove anba peche yo eritye nan men Adan an? Mesi a se sèl espwa lèzòm genyen.
Epizòd 2: “Men Pitit Gason m nan”
Jan ki te konn batize moun nan prepare chemen an pou Mesi a. Gade evènman estrawòdinè ki te pase lè Jezi te fèk kòmanse travay predikasyon l sou tè a!
Epizòd 3: “Se li menm”
Jezi fè Nikodèm, yon Samaritèn, ak moun Nazarèt, vil kote l soti a konnen se li menm ki Mesi a, men, se sèlman kèk moun ki gen bon kè ki aksepte l. Li fè yon mirak ki gen gwo efè sou yon seri pechè pwason ki gen imilite, apre sa li mande yo pou yo suiv li.
Epizòd 4: “Se pou sa mwen vini”
Jezi montre li gen pouvwa pou l geri moun e pou l chase demon sou moun. Men, gen kèk moun ki opoze avè l e k ap fè plan pou touye l. Jezi fè anpil aksyon ki demontre konpasyon e l anseye avèk anpil ladrès, sa fè anpil moun vin disip li. E li chwazi 12 apot yo.
Epizòd 5: “Yo rete bouch ouvè devan fason l anseye”
Apre Jezi fin geri yon gwo foul moun, li kòmanse anseye yo yon fason okenn nan anseyan yo pa t janm fè anvan sa. Fason l anseye avèk otorite, egzanp li bay yo ak fason l montre jan sa l ap anseye yo ka itil nan lavi moun yo ap mennen chak jou te fè moun yo rete bouch ouvè.
Epizòd 6: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an?”
Jezi montre li gen pouvwa pou l resisite moun ki mouri. Mirak li te fè yo ak bèl ansèyman li te bay yo te montre sa ki nan kè moun ki t ap koute l yo. Jezi sèvi ak yon seri egzanp pou l esplike diferan aspè nan Wayòm nan.
Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a — Apèsi sou videyo yo
Gade apèsi sou videyo enteresan sa yo ki fè nou viv sa ki nan Evanjil yo.

