Memoryal lanmò Jezi

Jedi 2 avril 2026

Yon fwa chak ane, Temwen Jewova yo selebre Memoryal lanmò Jezi a jan l te mande sa lè l te di: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” — Lik 22:19.

Nou envite w vin asiste evènman sa a.

Kesyon moun poze souvan

Ki moun ki ka vini?

N ap kontan akeyi kèlkeswa moun nan. Santi w alèz pou w envite yon zanmi e pou w vin ak fanmi w.

Konbyen tan pwogram nan dire?

Li dire anviwon inèdtan.

Ki kote l ap fèt?

Pale ak yon Temwen Jewova nan zòn ou an pou w jwenn plis detay.

Èske gen yon kòb pou m peye pou m asiste l?

Non.

Èske y ap fè lakòlèt?

Non. Temwen Jewova yo pa janm fè lakòlèt nan reyinyon yo. — Matye 10:8.

Èske gen yon fason espesyal pou m abiye?

Non. Men, Temwen Jewova yo fè efò pou yo abiye yon fason ki montre respè pou okazyon espesyal sa a.

Ki sa k ap gen nan Memoryal la?

Reyinyon an ap kòmanse e l ap fini ak yon kantik e ak yon priyè. Se Temwen Jewova ki kalifye pou sa k ap fè priyè yo. Nan pwogram nan, y ap bay yon diskou ki pale sou enpòtans lanmò Jezi ak fason nou ka jwenn byenfè nan sa Bondye ak Kris fè pou nou.

Ki pwochen fwa ap gen Memoryal?

2026: Jedi 2 avril

2027: Lendi 22 mas