15 JIYÈ 2024
LARISI
Yo ouvri yon dezyèm ankèt sou frè Yevgeniy Sokolov kòm kriminèl e yo deklare l koupab
Nan dat 29 me 2024, tribinal distri Zeyskiy nan rejyon Amur te deklare frè Yevgeniy Sokolov koupab e li te kondane l pou l pase twazan nan prizon, e santans sa a ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.
Sa fè dezyèm fwa yo te ouvri yon ankèt sou frè Yevgeniy kòm kriminèl. Premye jijman an k ap kontinye te enplike frè Yevgeniy ansanm ak nèf lòt frè. Jijman an te fèt nan vil Voronezh kote frè Yevgeniy ap viv.
Men sa frè Yevgeniy di ki ede l andire: “Mwen aprann fè Jewova plis konfyans e m konte sou li nèt. Nou pa ka rezoud okenn pwoblèm pi byen pase Jewova. Jewova ap toujou aji pi bon fason an, e l ap fè sa avèk yon sajès ki san parèy”.
Menm jan ak Yevgeniy, se pou nou kontinye di Jewova: “Se ou menm ki refij mwen”, konsa nou montre nou gen konfyans l ap ban nou èd nou bezwen. — Sòm 142:5.
Dat ak evènman ki te pase
15 desanm 2022
Yo ouvri yon dezyèm ankèt sou Yevgeniy kòm kriminèl san l pa konnen
22 septanm 2023
Yevgeniy aprann gen yon dezyèm ankèt sou li kòm kriminèl. Yo pase l entèwogatwa epi yo akize l poutèt l ap “prepare epi dirije reyinyon ki gen rapò ak relijyon”
22 avril 2024
Yo kòmanse jijman l kòm kriminèl
29 me 2024
Yo kondane l pou l pase twazan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò